Vini, Suiv Mwen
21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: “Mwen se lalwa a ak limyè a”


“21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16: ‘Mwen se lalwa a ak limyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“21–27 Septanm. 3 Nefi 12–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Jezi k ap montre Douz Apot yo

Twazyèm Nefi: Douz yo mwen chwazi a, pa Gary L. Kapp

21-27 Septanm

3 Nefi 12–16

“Gade, m se lalwa a, ak limyè a.”

Gen plizyè prensip nou ka jwenn nan 3 Nefi 12–16 la. Gen kèk bagay ki souliyen nan plan leson sa a, men ou ka jwenn lòt tou. Kite Pè Selès la anseye ou kisa w bezwen nan moman an, atravè Sentespri a.

Ekri enpresyon ou

Menmjan ak disip Jezi yo ki te reyini sou mòn Galile a, moun yo ki te rasanble bò tanp peyi Abondans lan t ap viv sou lwa Moyiz la. Yo te suiv li paske li te fikse nanm yo sou Kris la (gade Jakòb 4:5), epi kounyeya, Kris la te kanpe devan yo, ap deklare yon lwa ki pi elve. Men, menm noumenm ki pa t janm viv lwa Moyiz la nou ka rekonèt ke prensip Jezi tabli pou disip li yo se yon lwa ki grandman pi elve. Li te deklare: “M ta vle pou nou vin pafè,” (3 Nefi 12:48). Si sa fè w santi w pa alawotè, sonje ke Jezi te di tou: “Benediksyon pou moun ki pòv nan lespri ki vin jwenn mwen, paske wayòm syèl la se pou yo” (3 Nefi 12:3). Lwa ki pi elve sa a se yon envitasyon—yon lòt fason pou l di “vin jwenn mwen pou nou vin sove” (3 Nefi 12:20). Menjman ak lwa Moyiz la, lwa sa a mennen w jwenn Kris la—sèl Moun ki ka sove nou ak pèfeksyone nou. Li te di: “Gade, m se lalwa a, ak limyè a. Leve tèt gade m, epi pèsevere jiska lafen epi n ap viv” (3 Nefi 15:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

3 Nefi 12–14

Ansèyman Sovè a montre m kijan pou m yon vrè disip.

Gen anpil verite, konsèy, ak avètisman nan 3 Nefi 12–14 la. Men yon fason pou w etidye ak aplike sa Sovè a anseye yo nan chapit sa a: Chwazi yon gwoup vèsè epi gade si w ka rezime sa vèsè yo anseye yo nan yon sèl fraz ki kòmanse pa “Vrè disip Jezikri yo …” Paregzanp, yon rezime pou 3 Nefi 14:1–5 la ta ka “Vrè disip Jezikri yo pa kritike moun.” Ou gen dwa chwazi yon vèsè nan chapit sa yo ki espesyalman siyifikan pou ou epi memorize l oubyen kopye l epi mete l yon kote w ka wè l souvan. Reflechi sou ki fason w ka aplike sa w aprann yo nan efò pèsonèl ou pou yon pi bon disip Jezikri.

Gade Matye 5-7; Lik 6:20-49 tou.

3 Nefi 12:1–2; 15:23–24; 16:1–6

Benediksyon pou moun ki kwè san yo pa wè.

Konpare avèk kantite total pitit Bondye yo, pa gen anpil moun ki wè Sovè a e ki tande vwa li, jan moun nan peyi Abondans yo te fè eksperyans lan. Pifò nan noumenm plis tankou moun yo dekri nan 3 Nefi 12:2; 15:23; ak 16:4–6 yo. Ki pwomès yo te fè moun sa yo nan vèsè sa yo? Èske pwomès sa yo akonpli nan lavi ou?

Gade Jan 20:26–29; 2 Nefi 26:12–13; Alma 32:16–18.

3 Nefi 12:21–30; 13:1–8, 16–18; 14:21–23

Sa pa ase pou m fè bòn aksyon; kè m dwe pur tou.

Youn nan tèm nou ka remake nan chapit sa yo se envitasyon Sovè a pou n viv yon lwa pi siperyè a—pou nou dwat non sèlman nan aksyon eksteryè nou men nan kè nou tou. Chèche tèm sa a kote Sovè a pale de kerèl (3 Nefi 12:21–26), imoralite (3 Nefi 12:27–30), lapriyè (3 Nefi 13:5–8), ak jèn nan (3 Nefi 13:16–18). Ki lòt egzanp ou ka jwenn? Kisa w ka fè pou pirifye dezi kè ou olye ke w konsantre sou aksyon eksteryè w sèlman?

3 Nefi 14:7–11

Si m chèche “bon bagay” nan men Pè Selè la, m ap resevwa yo.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Èske Bondye reyèlman vle pale avèk ou? Wi! … O, gen si tèlman anpil bagay Pè Selès la vle pou ou konnen” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 95). Pandan w ap li envitasyon Senyè a ki nan 3 Nefi 14:7–11 la pou w mande, chèche, ak frape a, medite sou ki “bon bagay” li ta vle w mande. Ekriti sa yo ka ede w konprann kijan pou w mande, chèche, ak frape. Yo gen dwa ede eksplike poukisa kèk priyè pa jwenn repons nan fason ou t ap atann nan tou: Ezayi 55:8–9; Elaman 10:5; Mowoni 7:26–27, 33, 37; ak Doktrin ak Alyans 9:7–9.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

3 Nefi 12:48

Kijan mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Se pou nou pafè—alafen” an nan (Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 40–42) ka ede nou konprann pawòl Sovè a ki nan vèsè sa a? Ou gen dwa jwenn èd nan Mowoni 10:32–33 tou.

3 Nefi 12:9, 38–42; 14:3–5, 12

Kijan vèsè sa yo aplike pou relasyon ant manm fanmi w yo? Petèt fanmi w ta ka fikse kèk bi pou yo ka pi respekte prensip sa yo ansanm.

3 Nefi 13:19–21

Vèsè sa yo ta ka soulve yon diskisyon sou sa fanmi w renmen. Èske gen kèk trezò sou tè a ki anpeche w ranmase trezò nan syèl la? Ou gen dwa ranfòse pwen sa a nan fè yon lachas pou trezò avèk fanmi an pou nou ka jwenn bagay nan kay la ki raple manm fanmi yo trezò ki gen valè etènèl.

3 Nefi 14:7–11

Timoun ki pi piti yo gen dwa renmen jwe yon jwèt, ki enspire pa 3 Nefi 14:8–9 la, kote yo mande yon bagay epi yo resevwa yon bagay toutafè diferan. Kisa Sovè a vle nou konnen osijè Pè Selès la lè l te pataje egzanp sa a?

3 Nefi 14:15–20

Ki “bon fwi” ki ede nou konnen ke Joseph Smith, oubyen Prezidan aktyèl Legliz la se yon vrè pwofèt?

3 Nefi 14:24–27

Panse sou fason w ka ede fanmi w vizyalize parabòl la ki nan vèsè sa yo. Petèt yo ta ka fè desen oubyen fè jès oubyen konstwi yon bagay sou yon fondasyon solid ak sou yon fondasyon sab.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize leson objè. Sovè a te anseye verite pwofon nan refere l a objè familye. Ou gen dwa fè menm bagay la tou pandan fanmi w ap li 3 Nefi 12–16 la. Paregzanp, lè w ap li chapit 12 la, ou gen dwa montre yo sèl, yon balèn, ak yon manto. Sa ka mennen nan yon bon aktivite revizyon. Lè nou fin li chapit sa yo ansanm, montre bagay yo ankò, epi mande manm fanmi an kisa Sovè a te anseye apwopo yo chak.

Imaj
Jezi k ap anseye Nefit yo

Vizit Sovè a kot moun nan Amerik yo, pa Glen S. Hopkinson

Enprime