Vini, Suiv Mwen
10–16 Out. Alma 53–63: “Prezève pa pouvwa mèveye li”


“10–16 Out. Alma 53–63: ‘Prezève pa pouvwa mèveye li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 ( 2020)

“10–16 Out. Alma 53–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
De mil jèn gèrye yo

De mil jèn gèrye yo, pa Arnold Friberg

10–16 Out.

Alma 53-–63

“Prezève pa pouvwa mèveye li”

Resi nan Alma 53–63 yo ka ede w wè konsekans ki genyen nan viv verite levanjil yo oubyen rejte yo. Pandan w ap li Alma 53–63 la, ekri enpresyon w resevwa yo epi reflechi sou fason w ka konfòme w ak verite w ap aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Lè w konpare l avèk lame Lamanit yo, “ti lame” (Alma 56:33) 2.000 jèn Nefit Elaman yo pa ta sipoze gen okenn chans devan yo. Anplis ke yo pa t anpil, sòlda Elaman yo “te … jèn anpil,” epi “yo pa t janm goumen” (Alma 56:46–47). Nan yon sèten fason, sitiyasyon yo ka parèt familye pou kèk nan nou ki pafwa konn santi nou an minorite ak depase nan batay dènye jou a kont Satan ak fòs mal yo ki nan mond lan.

Men, lame Elaman an te gen kèk avantaj sou Lamanit yo ki pa gen anyen pou wè avèk kantite moun ni talan militè. Yo te chwazi Elaman, yon pwofèt, pou te dirije yo (Alma 53:19); “manman yo te anseye yo ke, si yo pa t doute, Bondye t ap delivre yo” (Alma 56:47); epi yo te gen yon “lafwa inebranlab nan sa yo te anseye yo a.” Kòm rezilta, yo te pwoteje pa “pouvwa mirakile Bondye” (Alma 57:26). Malgre ke yo tout te blese nan batay la, “pa t gen yon nanm nan pami yo ki te peri” (Alma 57:25). Konsa, lè lavi a vide blesi espirityèl sou nou chak, nou ka pran kouraj—mesaj lame Elaman an sèke “gen yon Bondye ki jis, nenpòt moun ki pa doute, gran pouvwa li a [ap] prezève yo” (Alma 57:26).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 53:10–22; 56:43–48, 55–56; 57:20–27; 58:39–40

Si m egzèse lafwa nan Bondye, l ap beni m pa pouvwa mèveye li.

Istwa mirakile tankou viktwa jèn gèrye Elaman yo gen dwa difisil pou nou idantifye n avèk yo paske yo parèt sitèlman enposib. Men, youn nan rezon k fè istwa sa yo nan ekriti yo se pou montre nou ke lè nou gen lafwa, Bondye ka opere mirak nan lavi nou. Pandan w ap li istwa jèn gèrye yo nan vèsè sa yo, chèche endis sou fason yo te egzèse lafwa yo nan Bondye, kisa k te fè lafwa yo si fèm konsa, ak kisa k te fè mirak sa yo posib: Alma 53:10–22; 56:43–48, 55–56; 57:20–27; ak 58:39–40. Tablo sa a sigjere yon fason ou ka ekri sa w jwenn yo.

Karakteristik gèrye Elaman yo:

Sa yo te anseye yo:

Sa yo te fè:

Benediksyon yo te resevwa:

Apre w fin etidye vèsè sa yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka egzèse lafwa ou?

Elaman te mansyone wòl manman yo nan fòtifye lafwa jèn gèrye sa yo (gade Alma 56:47–48; 57:20–27). Ki wòl manm fanmi w ak lòt moun te jwe nan bati lafwa ou. Kisa w ka fè pou fòtifye lafwa fanmi w ak zanmi ou?

Imaj
jèn gèrye yo avèk manman yo

Yo pa t doute, pa Joseph Brickey

Alma 58:1–12, 31–3761

Mwen ka chwazi pou m panse byen de lòt moun epi pou m pa ofanse.

Elaman ak Paoran te gen bon rezon pou yo te ofanse. Elaman pa t resevwa ase sipò pou lame l yo, epi Mowoni te fosman akize Paoran ke l te refize bay sipò sa a (gade Alma 58:4–9, 31–3260). Kisa k enpresyone w nan reyaksyon moun sa yo nan Alma 58:1–12, 31–37 ak Alma 61 an? Kijan w ka suiv egzanp yo nan menm kalite sitiyasyon yo?

Eldè David A. Bednar te anseye: “Nan yon fason oswa yon lòt, yon jou, yon moun nan Legliz sa a ap fè oubyen di yon bagay ke yon lòt moun ka konsidere kòm ofansan. Kalite bagay sa a ap sètènman rive chak grenn nan nou—e sa sètènman ap rive plis pase yon fwa. … Oumenm avèk mwen pa ka kontwole entansyon oswa konpòtman lòt moun. Men, nou ka deside kijan n ap reyaji. Tanpri, sonje ke oumenm avèk mwen se ajan ki dote avèk libète moral, epi nou ka chwazi pou nou pa ofanse” (“Et rien ne les offensera,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2006, 91).

Gade Pwovèb 16:32; Mowoni 7:45; David A. Bednar, “Doux et humble de coeur,” tou nan Ensign oswa Liahona, Me 2018, 30–33.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 53: 10–17

Anti-Nefi-Leyi yo te fè alyans pou yo pa t vèse san ankò. Ki alyans nou fè avèk Bondye? Kisa nou li nan Alma 53:10–17 ki enspire nou pou n pi fidèl nan alyans nou yo?

Alma 53:20–21

Kijan nou ka plis tankou jènjan Elaman yo? Li ta ka bon pou w ta diskite sou kisa kèk nan fraz ki nan vèsè sa yo vle di; paregzanp, kisa sa vledi “vanyan … nan fòs ak aktivite”? Kisa sa vle di “mache dwat devan [Bondye]”?

Alma 58:9-11, 33,37

Nan moman gwo bezwen, èske nou tounen nou vè Pè Selès la, jan sòlda Nefit yo te fè a? Kijan l te reponn priyè yo? Kijan l te reponn priyè nou?

Alma 61:2–9, 19

Kisa nou aprann nan men Paoran sou fason pou nou reyaji lè moun akize nou fosman?

Alma 62:39–41

Men yon leson objè ki ka ede fanmi w konprann ke nou ka chwazi pou nou oubyen “andisi” oubyen “adousi” pa eprèv nou yo: Mete yon pòmdetè kri ak yon ze kri nan yon kaswòl dlo bouyi. Pòmdetè a ak ze a reprezante noumenm, epi dlo a reprezante eprèv n ap rankontre yo. Pandan pòmdetè a ak ze a ap bouyi, ou gen dwa pale de kèk eprèv fanmi w ap travèse. Ki kèk fason diferan ki genyen pou reyaji devan eprèv tankou sa yo? Selon Alma 62:41, kijan reyaksyon nou devan eprèv yo afekte nou? Lè pòmdetè a ak ze a fin byen kuit, koupe pòmdetè a epi kase ze a pou w montre ke menm “eprèv” la adousi pòmdetè a epi fè ze a vin di. Kisa fanmi nou ka fè pou asire nou ke eprèv nou yo fè nou vin enb epi yo rapwoche nou de Bondye?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Bay timoun yo posiblite pou yo eksprime kreyativite yo. “Lè w envite timoun yo pou kreye yon bagay ki anrapò avèk yon prensip levanjil, w ap ede yo pi byen konprann prensip la, epi w ap ba yo yon rapèl reyèl sou sa yo te aprann nan. … Kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, epi kreye” (gade Anseye nan fason Sovè a, 25).

Imaj
De mil jèn gèrye yo

Se vre, Mesye, tout moun prezan e pare pou yo anseye, pa Clark Kelley Price

Enprime