Vini, Suiv Mwen
3–9 Out. Alma 43–52: “Fèm nan lafwa Kris la”


“3–9 Out. Alma 43–52: ‘Fèm nan lafwa Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“3–9 Out. Alma 43–52,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Mowoni ak anblèm libète a

Pou benediksyon libète, pa Scott M. Snow

3–9 Out

Alma 43–52

“Fèm nan lafwa Kris la”

Li ka sanble ke evenman yo dekri nan Alma 43–52 yo pa patikilyèman konsène nou. Men, tankou tout ekriti yo, Senyè a gen yon mesaj pou ou. Chèche l nan lapriyè.

Ekri enpresyon ou

Lè nou li pawòl sa yo nan kòmansman Alma chapit 43 a—“Epi kounyeya, m retounen nan istwa lagè ki te fèt nan pami Nefit yo ak Lamanit yo”—se tou nòmal pou nou mande tèt nou poukisa Mòmon mete istwa lagè sa yo alòske l pa t menm twò gen espas sou plak yo (gade Pawòl Mòmon 1:5). Se vre ke nou gen pati lagè pa nou nan dènye jou yo, men, pawòl li yo gen yon valè ki ale odela deskripsyon sou strateji ak trajedi lagè yo. Pawòl li yo prepare nou pou lagè “nou tout anwole a” (Cantiques, no. 161), lagè n ap mennen chak jou kont fòs mal yo. Lagè sa a trè reyèl, epi rezilta li afekte lavi etènèl nou. Menmjan ak Nefit yo, nou “enspire pa yon pi bon koz,” ki se “Bondye nou, relijyon nou, ak libète nou, ak lapè nou, ak [fanmi] nou.” Mowoni te rele koz sa a “koz Kretyen yo,” menm koz n ap goumen pou li jodia (Alma 43:45; 46:12, 16).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Alma 5–7

Batay yo nan Liv Mòmon an anseye m sou batay pa mwen yo kont mal la.

Lekti lagè ant Nefit yo ak Lamanit yo ka pi siyifikan pou ou toujou si w chèche paralèl avèk batay espirityèl pèsonèl pa w yo ladan yo. Pandan w ap li Alma 43–52 a, pote atansyon a sa Nefit yo te fè ki te mennen yo nan siksè (oubyen nan defèt). Apresa, reflechi sou fason w ka itilize sa w aprann yo pou ede w ranpòte laviktwa sou bagay espirityèl ou yo. Pandan w ap etidye vèsè tankou sa yo, ekri panse w genyen sou fason w ka suiv egzanp Nefit yo:

Epitou, remake kijan Lamanit yo ak disidan Nefit yo te eseye defèt Nefit yo. Bagay sa yo ka avèti nou sou fason advèsè a ka atake nou nan menm fason yo tou. Pandan w ap etidye a, ekri kijan Satan ka atake w nan menm kalite fason yo tou:

  • Alma 43:8 Zarayemna te chèche mete pèp li a ankòlè pou l te ka gen pouvwa sou yo. (Lè m ankòlè kont lòt moun, mwen bay Satan pouvwa sou mwen.)

  • Alma 43:29. Lamanit yo te vle mete Nefit yo nan esklavaj.

  • Alma 46:10

  • Alma 47:10–19.

Imaj
Nefit k ap batay kont Lamanit

Defans yon vil Nefit, pa Minerva K. Teichert

Alma 46:11–28; 48:7–17

Pandan m ap eseye fidèl tankou Mowoni, m ap vin pi plis sanble ak Sovè a.

Èske w anvi vin pi plis tankou Sovè a epi diminye pouvwa advèsè a nan lavi ou? Youn nan fason yo se suiv konsèy ki nan Alma 48:17 la pou w vin “tankou Mowoni” an. Pote atansyon a kalite ak aksyon Mowoni yo yo dekri nan Alma 43–52 yo men patikilyèman nan 46:11–28 ak 48:7–17 yo. Kisa k enpresyon w nan “mesye puisan” sa a? Kijan kalite ak aksyon tankou pa l yo ka diminye pouvwa dyab la nan lavi ou? Reflechi sou sa w santi w enspire pou w fè pou w ka suiv egzanp Mowoni epi vin pi plis tankou Sovè a.

Alma 47

Satan tante nou epi l twonpe nou tikal pa tikal.

Satan konnen ke pifò nan nou pa dispoze pou komèt gwo peche ni kwè nan gwo manti. Konsa, li itilize mansonj ak tantasyon sibtil pou fè nou komèt peche ki aparaman piti—otan l panse n ap aksepte. Li kontinye fè sa jiskaske nou ekate nou de sekirite yon lavi ki jis.

Ou ka jwenn chema sa a nan resi sou Amalikya k ap twonpe Leyonti a, ke w ap jwenn nan Alma 47. Pandan w ap etidye, medite sou fason Satan ka eseye twonpe ou, jan Eldè Robert D. Hales te dekri a:

“Amalikya, trèt la, te pouse Leyonti pou l te ‘desann’ vin rankontre l nan vale a. Men lè Leyonti te kite wotè l te ye a, li te anpwazonnen l ‘tikal pa tikal’ jiskaske l te mouri, epi lame l la te tonbe nan men Amalikya (gade Alma 47). Atravè agiman ak akizasyon, gen kèk moun k ap chèche pyeje nou pou n ka kite wotè nou ye a. Nan wotè yo, se kote limyè a rete. … Se la k gen sekirite” (“Le courage d’un chrétien, le prix à payer pour être un disciple,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 74).

Gade 2 Nephi 26:22; 28:21–22 tou.

Alma 50–51

Inite pote sekirite.

Nan sikonstans yo ekri nan kòmansman Alma 50 yo, sanble ke Lamanit yo pa t gen okenn chans kont Nefit yo. Boukliye, fòtifikasyon, ak efò ini Nefit yo te fè yo parèt envensib (gade Alma 49:28–30 ak 50:17–20). Men, Lamanit yo te kaptire vil yo byen vit—enkli sa Mowoni te fòtifye yo (gade Alma 51:26–27). Kijan sa te fè rive? Chèche repons yo pandan w ap li chapit sa yo (gade patikilyèman Alma 51:1–12). Reflechi sou avètisman resi sa a ka genyen pou oumenm ak fanmi ou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Alma 45: 2–8

Li vèsè sa yo ansanm ka enspire fanmi w pou yo fè konvèsasyon tètatèt avèk manm fanmi yo, jan Alma te fè avèk Elaman an.

Alma 46: 12–22

Etanda libète a te enspire Nefit yo pou yo te kenbe kòmandman Bondye yo ak defann lafwa yo. Kisa k enspire nou pou nou fè menm bagay la? Petèt fanmi w ta ka kreye pwòp etanda libète pa li—yon drapo oubyen imaj ki raple w pou w kenbe kòmandman Bondye yo chak jou.

Alma 48:7–9; 49:1–9; 50:1–6

Pandan fanmi w ap li apwopo fòtifikasyon Nefit yo, ou gen dwa diskite sou fason w ap fòtifye kay ou kont advèsè a. Timoun yo gen dwa ta renmen bati yon fò avèk bagay tankou chèz ak dra, oubyen yo ta gen dwa desine sa yo panse fòtifikasyon Nefit yo te sanble.

Alma 51: 1–12

Kisa vèsè sa yo anseye sou sa k ka rive andedan fanmi nou lè nou gen kerèl? Kijan nou ka ogmante inite nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Poze kesyon pandan w ap fè etid la. Pandan w ap etidye ekriti yo, poze tèt ou kesyon ki ka ede w reflechi nan ki pwen w ap viv sa w ap li yo.

Imaj
Kapitèn Mowoni leve Etanda Libète a

Etanda Libète a, pa Larry Conrad Winborg

Enprime