Vini, Suiv Mwen
3–9 Out. Alma 43–52: “Fèm nan lafwa Kris la”


“3–9 Out. Alma 43–52: ‘Fèm nan lafwa Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“3–9 Out. Alma 45–52,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Mowoni ak etanda libète a

Pou benediksyon libète, pa Scott M. Snow

3–9 Out.

Alma 43–52

“Fèm nan lafwa Kris la”

Pandan w ap planifye aktivite yo, ou gen dwa jwenn kèk ide la a pou anseye timoun ki pi piti yo ak sa ki pi gran yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo kisa yo sonje sou kèk nan moun yo ak istwa yo nan Alma 43–52 yo, tankou Kapitèn Mowoni oubyen etanda libète a. Pou ede yo sonje, montre foto nan Istwa Liv Mòmon yo, nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, oubyen Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

Alma 43:17–21; 48:7–8; 49:1–5; 50:1–6

Mwen ka jwenn pwoteksyon spirityèl nan levanjil la.

Pou l te defann Nefit yo kont Lamanit yo, Mowoni te prepare pèp li a avèk boukliye ak fòtifikasyon. Efò l yo anseye nou kijan nou ka jwenn sekirite spirityèl.

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo yon ti kal sou lagè ant Nefit yo ak Lamanit yo (gade Alma 43), pandan w ap eksplike yo ke Nefit yo te mete boukliye pou yo te pwoteje tèt yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 31: Kapitèn Mowoni defèt Zerayemna” a (Istwa Liv Mòmon yo, 85–88, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Li Alma 43:19, epi envite timoun yo pou yo montre pati nan kò yo lè yo mansyone yo nan ekriti a.

  • Eksplike yo ke, menmjan Nefit yo te nan yon lagè fizik la, se menmjan tou nou nan yon lagè spirityèl kont Satan, ki pa vle nou respekte kòmandman Bondye yo. Desine yon timoun sou tablo a, epi ede yo panse a kèk bagay ki pwoteje nou spirityèlman jan boukliye pwoteje kò nou yo (paregzanp, lapriyè, li ekriti yo, oubyen kenbe kòmandman yo). Chak fwa yo mansyone yon bagay, desine yon pyès nan boukliye a sou timoun nan ki sou tablo a.

Imaj
Nefit k ap goumen ak Lamanit

Defans yon peyi Nefit, pa Minerva K. Teichert

Alma 46:11–16; 48:11–13, 16–17

Mwen ka fidèl tankou Kapitèn Mowoni.

Mowoni se yon gwo egzanp sou lafwa, kouraj, sèvis. Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou yo suiv egzanp li.

Aktivite posib

  • Montre foto Mowoni an ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Pale timoun yo de etanda libète a ak sa k ekri sou li a, pandan w ap itilize fraz ki nan Alma 46:11–16 yo. Ou gen dwa itilize “Chapit 32: Kapitèn Mowoni ak Etanda Libète a” nan (Istwa Liv Mòmon yo, 89–90, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Fè timoun yo ede w rakonte istwa a otan yo kapab. Fè remake ke Mowoni te itilize etanda libète a pou l te ede Nefit yo sonje kisa k te enpòtan pou yo.

  • Ede yo kreye yon etanda libète pou yomenm ak pou klas la. Kòmanse nan ede yo panse ak kèk bagay yo kwè oubyen sa Pè Selès la vle yo sonje. Fè yo desine foto sou bagay sa yo sou yon gwo fèy papye, oubyen ou gen dwa pote foto pou yo ka kole sou papye a.

  • Mande yo pou yo pale w de kèk moun yo ta renmen sanble ak poukisa yo vle sanble ak moun sa yo. Apresa, pataje kèk mo nan Alma 48:11–13 la ki dekri Mowoni, epi envite yo pou yo devine kimoun mo sa yo ap dekri a. Montre yo yon foto Mowoni, epi eksplike yo kijan nou ka menmjan avèk li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Alma 43:17–21; 48:7–8; 49:1–5; 50:1–6

Mwen ka jwenn pwoteksyon spirityèl nan levanjil la.

Gen anpil danje spirityèl nan mond lan, men gen anpil bagay timoun yo ka aprann nan men Nefit yo sou fason pou yo pwoteje tèt yo.

Aktivite posib

  • Envite chak timoun pou li youn nan vèsè sa yo ki dekri kijan Nefit yo te prepare yo pou batay kont Lamanit yo an silans: Alma 43:19; 48:8; 49:1–5; ak 50:2–4. Mande yo pou yo rakonte kisa yo aprann (ofri pou w ede yo, si nesesè). Eksplike yo ke nou nan yon lagè spirityèl kont Satan, epi nou dwe pwoteje tèt nou spirityèlman, menmjan Nefit yo te pwoteje tèt yo fizikman kont Lamanit yo. Ki kalite boukliye spirityèl oubyen fòtifikasyon nou ka bati pou pwoteje tèt nou nan batay spirityèl nou yo?

  • Ede timoun yo fè yon boukliye avèk yon gwo moso papye oubyen katon, epi mande yo pou yo ekri bagay ki pwoteje nou spirityèlman yo sou li. Bay chak timoun yon moso papye, epi envite yo pou yo ekri yon move bagay Satan ka tante nou pou nou fè (tankou bay manti, vòlè, oubyen vin mechan). Mande yo pou yo chifonnen papye yo epi voye yo kont boukliye a pou ilistre kijan levanjil la ka ba nou sekirite kont Satan (gade Epezyen 6:16) tou.

Alma 46:11–16; 48:11–13, 16–17

Mwen ka fidèl tankou Kapitèn Mowoni.

Mowoni sete yon disip fidèl Jezikri, ki te solid, ki te enspire Nefit yo pou yo te viv levanjil la (gade Alma 48:17). Kisa timoun nan klas ou yo ka aprann nan egzanp li?

Aktivite posib

  • Li Alma 46:11–16 la ansanm. Kisa Mowoni te vle pou Nefit yo te sonje? (gade vèsè 12). Kijan l te ede yo sonje bagay sa yo? Mande timoun yo pou yo fè lis kèk bagay Pè Selès la vle nou sonje. Fè yo desine pwòp “etanda libète” pa yo avèk fraz oubyen foto ki ap ede yo sonje bagay sa yo.

  • Mande yon timoun pou l li Mowoni 10:4–5 Pou ede yo konprann poukisa yo mande nou pou nou sanble avèk Mowoni an, mande yo pou yo li Alma 48:11–13, 16. Mande yo pou yo chèche mo ak fraz ki ede nou konprann poukisa Mowoni te yon si gran disip Jezikri konsa. Pandan y ap pataje sa yo jwenn yo, ankouraje yo pou yo panse a kèk bagay spesifik yo ka fè pou yo ka sanble ak Mowoni.

Alma 47:4–19

Satan tante nou epi l twonpe nou ti kal pa ti kal.

Timoun yo bezwen konnen ke Satan ap eseye tante nou pou nou komèt ti peche pou l ka mennen nou komèt pi gwo peche.

Aktivite posib

  • Li ansanm kèk vèsè w ap chwazi nan Alma 47:4–19 la, epi eksplike timoun yo kijan Amalikya te pran kontwòl lame Leyonti a, malgre manm lame yo te “pran desizyon nan tèt yo” ke pèsòn pa t apral oblije batay kont Nefit yo. Kisa k t ap rive si Amalikya te di Leyonti kisa l te planifye pou l te fè odepa? Kisa vèsè sa yo anseye nou sou fason Satan itilize pou twonpe nou?

  • Montre yo foto yon kay ki byen okipe ak foto yon kay ki neglije, oubyen foto yon bèl jaden ak foto yon jaden plen move zèb. Kite yo di kisa yo wè nan foto yo ak ki fason chanjman ta ka fèt avèk letan. Kisa mèt kay sa yo oubyen mèt jaden yo te ka fè pou evite sa k te rive a? Eksplike yo ke moun ka tonbe ti kal pa ti kal nan peche si yo pa reziste anba tantasyon Satan pou l fè yo komèt ti peche yo (tankou vin malonèt oubyen gade pònografi) epi apresa pou l fè yo komèt pi gwo peche. Ki kèk move bagay nou bezwen reziste devan yo nan lavi nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande chak timoun pou site yon bagay li te tande oubyen l te santi jodia ke l ta anvi pataje avèk yon manm fanmi li. Ankouraje timoun yo pou yo fè suivi sou plan yo te fè yo.

Amelyore ansèyman nou

Ede yo bati konfyans nan tèt yo. Gen kèk timoun ki gen dwa pa santi ke yo ka aprann levanjil la poukont yo. Yon fason pou w bati konfyans nan yo se felisite yo lè yo patisipe nan klas la.

Enprime