Vini, Suiv Mwen
13–19 Avril. Mozya 1–3: “Ranpli avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun”


13–19 Avril. Mozya 1–3: ‘Ranpli lanmou pou Bondye ak pou tout moun,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“13–19 Avril Mozya 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Wa Benjamen ap pale avèk pèp li a

Minerva K. Teichert (1888–1976), Diskou orevwa Wa Benjamen an, 1935, penti aluil sou masonite, 36 x 48 pous. Depatman Atistik Inivèsite Brigham Young

13–19 Avril

Mozya 1–3

“Ranpli lanmou pou Bondye ak pou tout moun”

Wa Benjamen te bay youn nan rezon k fè nou dwe note enpresyon espirityèl nou yo: “Paske, li pa t ap posib pou papa nou, Leyi, ta sonje tout bagay sa yo, pou l ansenye pitit li yo, si se pa t ak èd plak sa yo” (Mozya 1:4).

Ekri enpresyon ou

Lè w tande mo wa a, ou ka petèt panse ak kouwòn, chato, sèvitè, ak twòn. Nan Mozya 1–3, ou pral li konsènan yon kalite wa diferan. Olye ke l te viv de travay pèp li a, Wa Benjamen “te travay avèk men pa [l]” (Mozya 2:14). Olye l te kite lòt moun sèvi li, li te sèvi pèp li a “avèk tout pouvwa, panse ak fòs Senyè a te ba [li]” (Mozya 2:11). Wa sa a pa t vle pou pèp li a adore li, men, li te anseye yo pou yo adore yon Wa ki te pi gran pase li, paske li se “Senyè Toupisan an k ap gouvène a” (Mozya 3:5). Menmjan ak tout gwo dirijan nan wayòm Bondye a, pawòl Wa Benjamen yo ak egzanp li dirije atansyon nou sou Wa Selès la, ki se Sovè a, Jezikri. Wa Benjamen te temwaye ke Jezi te vini “soti nan syèl la” epi l t ap “mache pami lèzòm, ap akonpli gwo mirak. … Epi, li vin jwenn moun pa l yo, pou sali kapab vin jwenn pitit lèzòm si yo gen lafwa nan non li” (Mozya 3:5, 9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Mozya 2: 1–9

Resevwa pawòl Bondye a mande preparasyon.

Lè Wa Benjamen te voye di moun yo ke l te vle pale avèk yo a, anpil moun te vini, tèlman anpil ke “pèsonn pa t ka konte yo” (Mozya 2:2). Yo te vini, an pati, akoz rekonesans yo ak lanmou yo pou dirijan yo a. Men pi enpòtan toujou, yo te vini pou yo te anseye yo pawòl Bondye a.

Pandan w ap li Mozya 2:1–9 la, chèche wè kisa moun yo te fè pou yo te montre ke yo te bay pawòl Bondye a valè. Kisa Wa Benjamen te mande yo pou yo te fè pou yo te ka prepare pou koute pawòl Bondye a? vèsè 9 Kijan w ka pi byen prepare tèt ou pou w resevwa pawòl Bondye a nan etid pèsonèl ak familyal ou ak pandan reyinyon Legliz yo?

Gade Matye 13:18–23; Alma 16:16–17 tou.

Mozya 2:10–26

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Èske w ap lite pou w jwenn tan pou w sèvi oubyen ou ta renmen jwenn plis lajwa nan sèvis ou? Kisa w panse Wa Benjamen t ap reponn si w ta mande l poukisa l te sèvi ak tout “pouvwa, espri, ak fòs” li?? (Mozya 2:11). Pandan w ap li Mozya 2:10–26la, chèche idantifye verite Wa Benjamen te anseye sou sèvis yo epi reflechi sou fason w ka itilize yo nan lavi w. Paregzanp, kisa sa vle di pou w konnen ke lè w sèvi lòt moun, se Bondye w ap sèvi tou? (gade Mozya 2:17). Panse a yon fason w ka sèvi yon moun semèn sa a!

Gade Matye 25:40 tou.

Imaj
de fi k ap bay akolad

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Mozya 3: 1–20

Mwen ka venk lòm natirèl la epi vin tounen yon sen pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a.

Menmjan ak tout pwofèt yo, Wa Benjamen te temwaye konsènan Jezikri pou pèp li a te “kapab jwenn padon pou peche l yo, pou l te kapab rejwi ak gwo lajwa” (Mozya 3:13). Li te anseye yo ke, gras ak Sakrifis Ekspyatwa l la, Sovè a te non sèlman pwòpte nou men li te ba nou pouvwa pou n debarase nou de “lòm natirèl” la epi pou n vin “yon sen” tou (Mozya 3:19; gade Gid Ekriti yo, “Lòm natirèl,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Èldè David A. Bednar te eksplike: “Se Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ki pwodui yon pouvwa pirifikatè ak redanmtè ki ede nou simonte peche ak yon pouvwa sanktifyan ak fòtifyan ki ede nou vin pi bon pase nou te ka janm ye si nou t ap repoze nou sèlman sou pwòp fòs pa nou. Ekspyasyon enfini an se pou ni pechè ni sen ki nan nou chak la.” (“Les mains propres et le coeur pur,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 82).

Men kèk kesyon pou w medite pandan w ap li temwayaj Wa Benjamen konsènan Sovè a nan Mozya 3:1–20 la:

  • Kisa m aprann nan vèsè sa yo konsènan Sovè a ak misyon l la?

  • Kijan Jezikri ede m simonte peche? Kijan l ede chanje nati mwen pou m vin plis sanble ak yon sen?

  • Kisa m aprann sou vin tounen yon sen nan Mozya 3:19?

Mozya 3:8

Poukisa Wa Benjamen te fè referans ak Jezi kòm “Papa syèl la ak tè a”?

Joseph F. Prezidan JosephF. Smith te eksplike: “Jezikri, ke nou rekonèt sou non Jewova tou, sete egzekitè Papa a, Eloyim, nan travay kreyasyon an. … Antanke Kreyatè, yo toujou rele Jezikri Papa syèl la ak tè a … epi, paske kreyasyon l yo gen karaktè etènèl, yo gen rezon pou rele l Papa Etènèl syèl la ak tè a” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith [1998], 357).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konn ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk ide.

Mozya 1:1–7

Kijan plak eren yo ak plak Nefi yo te beni pèp Wa Benjamen an? Kijan ekriti yo beni fanmi w?

Mozya 2–3

Li ta amizan pou fanmi w ta kreye kad pou diskou Wa Benjamen an. Ou gen dwa konstwi yon ti tou epi fè fanmi an pran tan pou yo chak li pawòl Wa Benjamen yo pandan yo kanpe andedan li. Rès fanmi an ka koute andedan yon tant ou envante.

Mozya 2: 9–19

Kisa nou aprann sou ansèyman ak egzanp Wa Benjamen sou sèvis yo? Kisa nou santi n enspire pou nou fè?

Mozya 2:15–25

Èske sa t ap benefisye fanmi an si nou te gen yon diskisyon sou imilite? Poukisa Wa Benjamen pa t vante tèt li pou tout sa l te fè yo? Kisa nou ka aprann nan ansèyman l yo sou relasyon nou avèk Bondye?

Mozya 2:36–41

Kisa Wa Benjamen te anseye sou konsekans pou n konn verite a men nou pa viv li? Kisa l te anseye sou fason pou n jwenn vrè bonè?

Mozya 3:19

Kisa nou dwe fè pou n ka vin sen? Ki karakteristik nan vèsè sa a nou ka travay pou n devlope antanke fanmi?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Fikse bi ki reyalizab. Menmsi se kèlke minit sèlman w pase ap li ekriti yo nan yon jounen, sa ka beni lavi ou. Pran angajman pou w li yo chak jou, epi chèche yon mwayen pou raple w angajman w lan.

Imaj
Wa Benjamen ap pale avèk pèp li a

Diskou Wa Benjamen an, tablo Jeremy Winborg

Enprime