Vini, Suiv Mwen
24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’


“24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri k ap pale avèk Pyè

Pran swen brebi m yo, pa Kamille Corry

24–30 Jen.

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

”Li resisite”

Anvan w plonje w nan ide pou ansèyman yo bay nan plan leson sa a, li Matye 28; Mak 16; Lik 24; ak Jan 20–21, epi medite sou fason w ta ka itilize chapit sa yo pou ranfòse lafwa moun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa yo te aprann nan etid pèsonèl ak familyal yo, mande yo pou yo ekri yon verite nan lekti semèn sa a yo santi yo ta dwe pataje avèk “tout mond lan” (gade Mak 16:15). Nan fen klas la, mande yo si yo jwenn lòt verite adisyonèl yo ta renmen pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20

Paske Jezikri te resisite, nou menm tou n ap resisite.

  • Pou bay otan moun ou kapab opòtinite pou yo pataje sa yo aprann sou Rezirèksyon an, ou ka bay manm klas yo kèk minit pou yo repase tach yo te genyen pou fè lekti semèn sa a avèk “Rezirèksyon” nan Diksyonè Bib la epi pou yo ekri verite yo te aprann konsènan Rezirèksyon an. Fè yo pataje sa yo ekri yo, epi ankouraje yo pou yo leve men yo lè yo tande yon moun pataje yon verite ki sanble avèk sa yo te ekri a. Èske verite sa a enpotan pou nou? Kijan lefèt ke nou konnen n ap resisite a ka enfliyanse santiman nou genyen osijè Pè Selès la avèk Jezikri? Pase mizik video “Li resisite” a nan (LDS.org) ka ede w invite Lespri a nan diskisyon sa a.

Lik 24: 13–35

Nou ka envite Sove a pou l "rete avèk nou."

  • Pou ede manm klas yo wè koneksyon ki genyen ant eksperyans pa yo avèk eksperyans disip yo sou wout Emayis la, desine yon wout sou tablo a, epi envite manm klas yo pou yo ekri detay nan istwa a ki nan Lik 24:13–35 yo sou yon bò wout la. Apresa, sou lòtbò wout la, yo ka ekri paralèl yo wè nan eksperyans pa yo kòm disip Jezikri. Paregzanp, yo ta gen dwa ekri Je yo pa t ka wè (Lik 24:16) sou yon bò nan wout la ak Pafwa nou pa rekonèt enfliyans Senyè a nan lavi nou sou lòtbò a.

  • Gen de kantik ki baze sou Lik 24:13–35 la: “Reste avec nous, Seigneur” ak “Demeure auprès de moi, Seigneur!” Cantiques, no. 92, 93. Kijan nou ka itilize kantik sa yo pou ede manm klas yo jwenn yon siyifikasyon pi pwofon nan pasaj sa a nan ekriti yo?

Matye 28:16–20; Mak 16:14–20; Lik 24:44–53

Nou resevwa kòmandman pou nou preche levanjil la bay tout mond la.

  • Kòmandman Sovè resisite a te bay Apot li yo pou yo preche levanjil li a ka aplike pou nou tou jodia. Kijan w ka ede manm klas ou yo wè wòl yo nan preche levanjil la? Petèt, ou ta ka mande yo pou yo imajine yomenm ki t ap bay yon manm fanmi oubyen yon zanmi ki pral fè yon misyon aplentan kèk konsèy. Kisa nou ta ka pataje nan pawòl Sovè a te di Apot li yo? Kijan nou ka aplike menm pawòl sa yo nan efo nou pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun?

Jan 20:19–20

"Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè"

  • Gen dwa gen manm nan klas ou a ki menmjan ak Thomas, ki te bezwen wè Senyè resisite a avan pou l te kwè. Klas Lekòldidimanch ou a ka yon kote pou manm yo ka youn ranfòse lafwa lòt nan bagay yo pa ka wè yo. Petèt ou ta ka kòmanse pa mande yon moun pou l rezime eksperyans Thomas a nan Jan 20:19–28 la. Ou gen dwa pase video “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè" a tou nan ” (LDS.org). Manm klas yo gen dwa fè lis kèk bagay Bondye mande nou pou nou kwè san nou pa wè sou tablo a. Apresa, ou ta ka mande yo pataje eksperyans ki te ranfòse temwayaj yo sou bagay sa yo. Ki benediksyon manm klas yo te resevwa lè yo te ekzèse lafwa?

Imaj
Kris la ki parèt devan Apot yo

Jekri te anseye Thomas, “Ou pa dwe enkredil, men se pou w kwè” (Jan 20:27).

Jan 21:3–17

Sovè a envite nou pou nou pran swen brebi l yo.

  • Kisa k ta ka ede manm klas ou yo aksepte envitasyon Sovè a pou yo “pran swen brebi [l] yo”? Pou kòmanse, ou ta gen dwa mande yo pou yo li Jan 21:15–17 an silans, pandan y ap ranplase non Simon an pa non pa yo epi “mouton m yo” ak “brebi m yo” pa non moun yo santi Senyè a ta renmen yo sèvi—paregzanp, moun ki sou lis vizit ofwaye yo oubyen vizit ansèyman yo, vwazen yo, oubyen moun yo konnen nan travay oubyen nan lekòl. Apre kèk minit, manm klas yo ta ka pataje kisa yo te santi. Kisa sa vle di pou nou pran swen mouton ak brebi Senyè a? Deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson ak Èldè Marvin J. Ashton yo nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka reponn kesyon sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li Travay 1–5 semèn sa a, mande yo pou yo pote atansyon sou fason yon pechè pwason tou iletre te vin tounen yon dirijan puisan nan Legliz Kris la pandan l t ap simaye nan tout mond la. Pandan y ap etidye chapit sa yo, yo pral wè kijan transfòmasyon sa a te fèt.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

Kisa sa vle di pou nou pran swen brebi Sovè a?

Prezidan Russell M. Nelson te bay eksplikasyon sa yo ki soti nan ansyen tèks Grèk Jan 21 an:

“Nan [Jan 21:15], mo pran swen an soti nan mo Grèk bosko, ki vle di ‘nouri oubyen gade nan patiraj.’ Mo brebi a soti nan diminitif tèm arnion an, ki vle di 'ti mouton.’ …

“Nan [Jan 21:16], mo pran swen an soti nan yon tèm diferan, poimaino, ki vle di ‘okipe, asiste, pran swen.’ Mo brebi a soti nan tèm probaton, ki vle di ‘mouton ki gen matirite.’ …

“Nan [Jan 21:17], mo pran swen an soti nan mo Grèk bosko a ankò, ki fè referans ak nourisman. Mo brebi a tradui apati tèm Grèk probaton an ankò, ki fè referans ak mouton adilt.

“Twa vèsè sa yo, ki sanble yo menm nan lang Anglè a, an reyalite gen twa mesaj separe nan lang Grèk la:

  • Ti anyo yo bezwen nouri pou yo ka grandi.

  • Mouton yo bezwen pou yo pran swen yo;

  • Mouton yo bezwen nouri” (“Beje, brebi, ak Enstriktè nan Fwaye,” Ensign, Out 1994, 16).

Kijan nou ka “pran swen brebi [L] yo”?

Èldè Marvin J. Ashton te eksplike kijan nou ka obeyi kòmandman Senyè a pou n pran swen brebi l yo:

“Jezi te di: ‘Pran swen brebi m yo. ‘ (Jan 21:16.) Ou pa ka pran swen yo si w pa konn ki kote yo ye. Ou pa ka pran swen yo si w ba yo rezon pou yo reziste devan ou. Ou pa ka pran swen yo si w pa gen nouriti a. Ou pa ka pran swen yo si w pa gen charite. Ou pa ka pran swen yo si w pa dispoze pou w travay ak pataje. …

"Moun ki bezwen èd yo egziste nan tout laj ak tout kategori. Kèk nan brebi l yo jèn, yon poukont yo, epi yo pèdi. Kèk ladan yo fatige, aflije epi yo vyeyi anba laj. Gen kèk ki nan pwòp fanmi nou, nan pwòp vwazinaj nou, oubyen nan kote elwanye nan mond lan kote nou ka ede yo avèk don de jèn. Genyen nan yo ki grangou pou manje. Genyen ki grangou pou amou ak atansyon.

"Si nou bay brebi l yo rezon pou yo rale kò yo sou nou, pwosesis pou nou nouri yo a ap vin difisil, menm enposib. Pèsòn pa ka anseye ni ede avèk mokri ak ridikilize. Kondui nou an diktatè oubyen panse 'M gen rezon, ou antò' a ap anile tout efò n ap fè pou pran swen yon brebi ki pèdi. Yon mi rezistans ap leve, epi pèsòn p ap benefisye. …

'Se atravè aksyon nou n ap montre amou nou. Ekspresyon afeksyon yo pa itil anyen si aksyon pa akonpaye yo. Tout brebi bezwen kontak yon bèje ki sousye pou yo” (“Give with Wisdom That They May Receive with Dignity,” Ensign, Nov. 1981, 91).

Amelyore ansèyman nou

Rezève tan pou moun k ap aprann yo ka pataje. "Lè moun k ap aprann yo pataje sa y ap aprann, yo non sèlman santi Lespri a e fòtifye temwayaj yo, men yo ankouraje lòt manm klas yo pou yo dekouvri verite yo poukont pa yo tou. … Rezève tan pou etidyan yo fè pataj nan chak leson—nan kèk ka, ou ka vin wè ke diskisyon sa yo se leson an” (Anseye nan fason Sovè a, 30).

Enprime