Vini, Suiv Mwen
3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan amou mwen’


“3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan amou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“3–9 Jen. Jan 13–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Dènye Soupe a

Pou nou ka toujou sonje mwen, pa Walter Rane

3–9 Jen

Jan 13–17

“Demere nan amou mwen”

Pandan ke nan lapriyè w ap etidye Jan 13–17 la, medite sou fason w ka pi byen manifeste amou ou pou moun w ap anseye yo. Sentespri a ap pote ide nan tèt ou pandan w ap etidye ekriti yo, Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, ak plan leson sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri nimewo  13 jiska  17 sou tablo a, pou reprezante chapit nan Jan yo manm klas yo te li semèn sa a. Envite kèk manm nan klas la pou yo ekri, akote chak nimewo chapit, referans yon vèsè yo twouve ki enpòtan, ke yo ta renmen diskite nan klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jan 13:1–17

Sovè a se egzanp nou nan sèvi lòt moun avèk imilite.

  • Pou ede manm klas yo medite sou siyifikasyon sa genyen lè Jezikri te lave pye disip li yo, ou gen dwa envite yon manm nan klas la alavans pou l jwe wòl Pyè nan istwa sa a, epi pou rès klas la entèvyouve li. Ankouraje manm klas yo pou yo li Jan 13:1–17 epi panse a ki kesyon pwofon yo ta ka mande Pyè. Kisa nou aprann nan istwa sa a ki ka afekte fason nou sèvi lòt moun?

Jan 13:34–35

Amou se karakteristik ki defini disip Jezikri yo.

  • Kisa k ta ka ankouraje manm klas yo pou yo ta vin gen plis amou? Petèt ou ta ka mande yo kijan yo ka rekonèt ke yon moun yo rankontre se disip Kris la. Ki karakteristik yo remake nan moun nan? Ou gen dwa envite yo pou yo li Jan 13:34–35 pou yo chèche wè kijan yo ka idantifye vrè disip Sovè a. Kisa nou ka fè pou lanmou ka vin karakteristik prensipal nou antanke disip? Ki fason ansèyman sa a enfliyanse fason nou trete lòt moun, enkli lè nou sou medya sosyal yo?

  • Antanke klas, nou aprann anpil bagay konsènan lavi Sovè a ane sa a, ansanm avèk anpil egzanp sou fason li te montre amou l pou lòt moun. Yon fason pou ede manm klas yo medite sou kòmandman ki nan Jan 13:34 yo se ta ekri Jan m te renmen nou an sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo fè lis egzanp yo sonje nan Nouvo Testaman an ki ilistre amou Jezi. Apresa, ou gen dwa ekri Se pou youn renmen lòt sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo fè lis fason nou ka suiv egzanp amou li. Chante oubyen koute kantik “Aimez vos frères,”laCantiques, no. 200, oubyen gade yonn nan video ki nan “Resous Adisyonèl yo” se t ap yon bon adisyon pou aktivite sa a.

  • Si nou pa santi nou patikilyèman gen amou pou lòt moun, kisa nou ka fè pou nou chèche gen don pou nou renmen an? Kisa konsèy nan Mowoni 7:48; 8:26 yo ajoute sou konpreyansyon nou konsènan don sa a? Kiyès nou konnen ki bezwen santi amou nou?

Imaj
fanmi k ap jwe

Amou se karakteristik ki defini disip Kris yo.

Jan 14:16–27; 15:26; 16:7–15

Sentespri a pèmèt nou ranpli objektif nou kòm disip Jezikri.

  • Pou ede manm klas yo aprann sou diferan wòl Sentespri a, panse pou w divize yo an gwoup, epi bay chak gwoup yonn nan pasaj sa yo: Jan 14:16–27; 15:26; ak 16:7–15. Envite chak gwoup pou yo ekri sa yo aprann sou Sentespri a nan pasaj sa yo sou tablo a. Manm klas yo gen dwa ajoute lòt ide yo jwenn pandan y ap eksplore ekriti yo bay nan “Resous Adisyonèl yo.” Ki lè nou te santi enfliyans Sentespri a? Ki objè oubyen èd vizyèl ou ta ka pote nan klas la ki ta ka ede manm klas yo konprann wòl Sentespri a?

  • Panse pou w ta envite kèk manm nan klas la alavans pou etidye yonn nan diskou konferans jeneral yo sigjere nan “Resous adisyonèl yo” (oubyen mesaj lòt konferans yo konnen) sou Sentespri a. Kite yo pataje brèfman sa yo te aprann avèk klas la. Kisa mesaj sa yo ajoute sou sa nou te aprann konsènan Sentespri a nan Jan 14–16 la?

Jan 15:1–12

Si nou demere nan amou mwen, n ap pote fwi epi n ap gen lajwa.

  • Kisa klas la te aprann semèn sa a nan parabòl pye rezen an ak branch yo Sovè a te bay la? Panse pou w ta pote yon ti plant nan klas la epi itilize l pou ede manm klas yo vizyalize parabòl Sovè a. Lè nou fin li Jan 15:1–12 ansanm, ou gen dwa diskite sou kisa sa vle di pou yon moun “demere nan [Kris] la” (Jan 15:4). Ou gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo eksplike kijan yo te dekouvi ke Jan 15:5 la se verite. (Gade deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland la nan tou nan “Resous adisyonèl.”) Video “Volonte Bondye" a nan (LDS.org) la ta ka ede tou nan diskisyon sa a.

Jan 17

Pè Selès la avèk Jezikri pafètman ini, epi yo vle pou nou ini tou.

  • Li posib ke w p ap ka anseye tout verite enpòtan yo ki nan Jan 17 la nan yon sèl leson nan klas la, konsa, men yon fason pou w ede klas la eksplore plizyè nan yo: Sou tablo a, ekri lis konsèp nou tire nan Jan 17 yo, tankou sa yo:

    • Relasyon nou avèk Jezikri

    • Relasyon Jezikri avèk Papa l

    • Relasyon nou avèk mond lan

    • Relasyon nou youn ak lòt antanke disip li

    Envite chak manm klas la pou yo chwazi yonn nan konsèp sa yo epi pou yo li Jan 17 la, pandan y ap chèche vèsè ki anrapò avèk li. Mande plizyè manm nan klas la pou yo pataje sa yo aprann.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Matye 26; Mak 14; Lik 22; ak Jan 18 pandan semèn k ap vini an, di yo ke nan chapit sa yo, yo pral li konsènan youn nan moman vital gran plan sali Bondye a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Jan 13–17

Video nan LDS.org sou lanmou.

  • “Se pou youn renmen lòt”

  • "Sakrifis Familyal, Bay, epi Renmen"

  • “Preparasyon Thomas S. Monson: Li te aprann konpasyon depi nan jenès li”

Sentespri a.

Demere nan Kris la

Paske l te note ke mo demere a gen siyifikasyon pèmanans ak angajman, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Sans [mo] sa a se ‘rete—men rete pou tout tan.’ Sa se envitasyon mesaj levanjil la. … Vini, men vini pou nou rete. Vini avèk konviksyon ak pèseverans. …

“Jezikri te di, ‘San mwen menm, nou pa ka fè anyen’ [Jan 15:5]. Mwen temwaye sa se verite divin. Kris la se tout bagay pou nou epi nou dwe 'demere' nan li an pèmanans, san flechi, tennfas, pou tout tan. Pou fwi levanjil la ka fleri epi beni lavi nou, nou dwe rete atache fèm avèk limenm, Sovè nou tout la, epi avèk Legliz li a ki pote non sakre l la. Li se pye rezen ki se vrè sous fòs nou, sèl sous lavi etènèl la. Nan li, nou non sèlman ap ka andire tout bagay men n ap venk tout bagay epi n ap triyonfe nan sent koz ki p ap janm abandone nou an” (“Demere nan mwen,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 32).

Amelyore ansèyman nou

Envite Lespri a. “Okenn enstriktè terès, kèlkeswa konpetans li oubyen eksperyans li, pa ka ranplase Lespri a. Men, nou ka vin enstriman nan men Bondye pou ede pitit li yo aprann pa Lespri. Pou nou fè sa, nou dwe envite enfliyans Lespri a nan lavi nou epi ankouraje moun n ap anseye yo pou yo fè menm bagay la tou. … Mizik sakre, ekriti yo, pawòl pwofèt yo, ekspresyon lanmou ak temwayaj, ak moman refleksyon silansye yo kapab envite prezans Lespri a” (Anseye nan fason Sovè a, 10).

Enprime