Vini, Suiv Mwen
3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan lanmou mwen’


“3–9 Jen. Jan 13–17: ‘Demere nan lanmou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“3–9 Jen. Jan 13-17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Dènye Repa a

Pou nou ka sonje mwen, pa Walter Rane

3–9 Jen.

Jan 13–17

“Demere nan lanmou mwen”

Pandan w li ansèyman Sovè a nan Jan 13–17 yo, Sentespri a ap ede w idantifye mesaj ki pou ou yo. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Jodia nou rele l “Dènye Repa,” men nou pa konnen si lè yo te reyini ansanm pou fèt Pak anyèl la, disip Jezi yo te totalman reyalize ke se t ap dènye repa yo t ap pran avèk Mèt yo a anvan lanmò li. Sepandan, Jezi “te konnen lè l t ap rive” (Jan 13:1). Li t ap gen pou l afwonte byen vit soufrans Jetsemani an, trayizon ak reniman pi bon zanmi l yo, ak lanmò agonizan sou kwa a. Men, menm nan mitan tout menas sa yo devan l lan, atansyon Jezi pa t santre sou tèt li men sou sèvi disip li yo. Li te enbleman lave pye yo. Li te anseye yo sou lanmou. Epi li te rasire yo ke, nan yon sans, li pa t ap janm kite yo e yo pa p janm bezwen kite li. Lè sa a, menmjan ak jodia, disip yo te jwenn konsolasyon nan pwomès li sa a: “Mwen p ap kite nou òfelen” (Jan 14:18). “Si nou respekte kòmandman m yo, n ap demere nan lanmou mwen” (Jan 15:10).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jan 13–15

Mwen montre lanmou m pou Jezi nan obeyi kòmandman l yo.

Jezi te deja anseye ke de pi gwo kòmandman yo gen rapò avèk lanmou (gade Matye 22:34–40). Si nou kenbe aksan sa a li mete sou prensip sa a, lanmou se yon tèm majè nan dènye enstriksyon l te bay Apot li yo. Pandan w ap li Jan 13–15 la, ou gen dwa note oubyen make chak kote yo itilize mo lanmou an.

Ou ka remake ke yo repete mo kòmandman an souvan an asosyasyon avèk mo lanmou an nan chapit sa yo. Kisa w ka aprann sou relasyon ant lanmou ak kòmandman nan ansèyman Sovè a? Ki lòt mo ou twouve yo repete souvan avèk mo lanmou a nan chapit sa yo? Baze sou sa w aprann yo, panse pou w ekri yon brèf rezime sou ansèyman Sovè a bay osijè lanmou yo.

Gade tou D. Todd Christofferson, “Demere nan lanmou mwen,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 48–51.

Jan 14–16

Sentespri a ede m akonpli objektif mwen kòm disip Jezikri.

Jezikri te konnen li ta pral gen pou l kite disip li yo, epi li te konnen yo ta pral bezwen sipò espirityèl lè l te fin ale. Pou l te ede yo konprann kijan pou yo te resevwa sipò sa a, li te anseye yo sou Sentespri a. Kisa w aprann sou wòl Sentespri a nan pawòl Sovè a nan vèsè sa yo?

Poukisa disip yo te bezwen kalite èd sa a nan men Sentespri a? Ki fason Sentespri a ranpli wòl sa yo nan lavi ou? Pandan w ap kontinye etidye Nouvo Testaman an, chèche fason Sentespri te beni lavi disip Jezi yo. Nan ki sans lavi w t ap diferan si w ta envite Sentespri a pou l enfliyanse w pi plis?

Gade tou Mozya 3:19; 5:1–3; 3 Nefi 27:20; Mowoni 8:25–26; 10:5; Doktrin ak Alyans 11:12–14; Moyiz 6:61; “Sentespri,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org.

John 15:1–8

Si m demere nan Kris la, m ap pote bon fwi.

Kisa sa vledi “demere nan [Kris] la”? (Jan 15:4). Ki “fwi” ki montre ke w tache nan pye rezen an, ki reprezante Jezikri a?

Jan 17

Jezikri entèsede pou disip li yo:

Pawòl Jezi ki ekri nan Jan 17 yo rele Priyè Entèsesyon. Nan priyè sa a, Jezi te priye pou Apot li yo ak pou “moun ki t apral kwè nan [li] akoz pawòl yo” (Jan 17:20). Savledi li t ap priye pou ou. Kisa Jezi te mande Papa li pou oumenm ak tout kwayan yo?

Priyè sa a anseye verite pwofon ak etènèl tou. Ki verite ou jwenn pandan w ap li l?

Jan 17:11, 21–23

Nan ki fason Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la fè youn?

Nan priyè l la nan Jan 17 la, Jezi te mete aksan sou inite li avèk Papa a, men sa pa vledi ke limenm ak Papa li se menm èt la. Lè Sovè a te priye pou disip li yo te ka fè youn “menmjan”—oubyen nan menm fason—limenm ak Papa l fè youn nan (Jan 17:22), li pa t mande pou disip li yo te vin tounen yon sèl moun. Men, dezi li sete pou yo te gen menm inite li genyen avèk Papa a—inite pafè nan bi, nan kè, ak nan lespri.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Jan 13:1–17

Kisa fanmi w aprann nan egzanp Sovè a nan vèsè sa yo? Nan ki fason nou ka suiv egzanp li?

Jan 13:34–35; 15:9–14

Pandan w ap diskite sou ansèyman Sovè a osijè lanmou an, reflechi sou pawòl sa yo Prezidan Thomas S. Monson te di yo: “Nan mond jodia, pa gen okenn lòt kote yo pi bezwen fondasyon lanmou sa a pase nan fwaye a. E pa gen okenn kote mond lan ka jwenn yon pi bon egzanp sou fondasyon sa a pase nan fwaye Sen Dènye Jou ki fè lanmou vin kè lavi familyal yo. ... Lanmou se esans menm levanjil la, kalite ki pi nòb nanm imen an” (“Jan m renmen w lan,” Ensign oswa Liahona, Fev. 2017, 4–5).

Manm fanmi w yo ka petèt kontan desine oubyen ekri yon bagay yo renmen youn kay lòt sou kè an papye. Yo gen dwa mete kè sa yo nan tout kote nan kay la kòm yon rapèl pou youn montre lanmou pou lòt.

John 15:1–8

Sa ka amizan pou w li vèsè sa yo deyò bò kote yon pye rezen, yon pyebwa, oubyen yon lòt plant. Kijan aktivite sa a ede manm fanmi w pi byen konprann ansèyman Sovè a?

Imaj
pye rezen

Jezi te anseye: “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo” (Jan 15:5).

Jan 15:17–27; 16:1–7

Poukisa ou panse Jezikri te avèti disip li yo ke yo t apral pèsekite yo? Kijan yo pèsekite disip Kris yo jodia? Ki fason rekòmandasyon Sovè a nan vèsè sa yo ka ede nou lè nou rankontre pèsekisyon?

Jan 16:33

Kijan Kris la te venk mond lan? Kijan Ekspyasyon l lan pote lapè ak kouraj pou nou? (gade tou DA 68:6).

Jan 17:21–23

Kijan fanmi ou ka pi ini, jan Jezikri ak Pè Selès la ini an? Poukisa Senyè a vle pou nou ini? (gade tou DA 38:27).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize anrejistreman odyo. Lè w ap anseye fanmi ou ekriti yo, panse pou w koute vèsyon odyo ekriti yo, w ap jwenn nan LDS.org oubyen nan app. Bibliyotèk Levanjil la. Koute Jan 13–17 la kapab patikilyèman puisan paske chapit sa yo gen si anpil pawòl Sovè a.

Imaj
Kris la k ap lave pye Apot yo

Mèt Sèvitè a, pa Del Parson

Enprime