Vini, Suiv Mwen
24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’


“ 24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“ 24–30 Jen. Maye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi ap pale avèk Pyè

Pran swen mouton m yo, pa Kamille Corry

24–30 Jen.

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

”Li resisite”

Nan lapriyè, li Matye 28; Mak 16; Lik 24; ak Jan 20–21, pandan w ap reflechi sou lajwa w genyen akoz Rezirèksyon Kris la. Medite sou ki fason w ka pataje temwayaj ou konsènan evenman sa a avèk lòt moun.

Ekri enpresyon ou

Pou anpil obsèvatè, lanmò Jezi Nazarèt la te gen dwa sanble yon fen iwonik pou yon lavi remakab. Èske se pa t mesye sa a ki te leve Laza anba lanmò a? Èske l pa t kanpe devan menas lanmò Farizyen yo an plizyè fwa? Li te demontre pouvwa l te genyen pou l te geri avèg, lepre, ak paralize. Menm van yo ak lanmè yo te obeyi li. Epoutan, men li, pandye sou yon kwa, k ap deklare: “Tout bagay fini” (Jan 19:30). Petèt te gen yon vrè sipriz sensè nan pawòl mokan sa yo: “Li te sove lòt moun; men li pa ka sove tèt li” (Matye 27:42). Men nou konnen ke lanmò Jezi se pa t fen istwa a. Nou konnen ke silans tonm nan te tanporè epi travay sali Kris la te fèk ap kòmanse. Jodia nou jwenn ni non pa “pami mò yo” men pami vivan yo (Lik 24:5). Yo p ap redui ansèyman l yo osilans, paske disip lwayal li yo ap preche levanjil la nan “tout nasyon,” avèk konfyans nan pwomès li ke l ap toujou “avèk [yo] chak jou, jiska lafen mond lan” (Matye 28:19–20).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20

Paske Jezi te resisite, mwemenm tou m ap resisite.

Nan pasaj sa yo, ou pral li konsènan youn nan evenman ki pi enpòtan nan istwa limanite: Rezirèksyon Jezikri a. Pandan w ap li, mete tèt nou nan plas moun ki te temwen evenman ki te antoure Rezirèksyon yo. Kijan temwen sa yo dwe te santi yo? Kijan ou santi w pandan ap li apwopo Rezirèksyon Sovè a? Reflechi sou ki efè li gen sou ou—sou vizyon w sou lavi a, sou relasyon w avèk lòt moun, sou lafwa ou nan Kris la, ak lafwa ou nan lòt verite levanjil yo.

Gade Diksyonè Bib la, “Rezirèksyon”; “Rezirèksyon,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org tou.

Lik 24:13–35

Nou ka envite Sovè a pou l “rete avèk nou.”

Eksperyans de disip ki t ap vwayaj yo ki te rankontre Sovè resisite a ka ofri yon paralèl avèk chemen disip ou. Ki koneksyon ou wè ant istwa sa a ak eksperyans ou antanke disip Kris la? Kijan w ka mache avèk li jodia epi envite l pou l fè yon “ti rete” avèk ou? Lik 24:29 Kòman w rekonèt prezans li nan lavi ou? Nan ki fason Sentespri a temwaye w konsènan divinite Jezikri?

Lik 36-43; Jan 20

Èske Jezikri gen yon kò?

Atravè resi sou Senyè resisite a ki te parèt devan Mari Magdala a ak rankont li nan apre avèk disip li yo, nou aprann ke Rezirèksyon Jezi a te literal ak fizik. Avèk yon kò resisite, glorifye, li te mache, li te pale, epi l te manje avèk disip li yo. Gen lòt ekriti ki temwaye tou ke Jezikri gen yon kò chè ak zo: Filipyen 3:20–21; 3 Nefi 11:13–15; Doktrin ak Alyans 110:2–3; 130:1, 22.

Jan 20:19–29

“Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè.”

Sa ka difisil pou w kwè ke yon bagay vrè san w pa wè prèv fizik. Ou gen dwa pafwa santi w tankou Toma, ki te di: “Si m pa wè … mwen p ap kwè” (Jan 20:25). Kòm repons, Sovè a te di Toma: “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè” (Jan 20:29). Nan ki fason ou te jwenn benediksyon pou w te kwè nan bagay spirityèl ou pa t ka wè? Kisa k ede w gen lafwa nan Sovè a menmlè ou pa ka wè li? Ki lòt verite ou kwè san w pa menm gen prèv fizik pou yo? Kijan w ka kontinye fòtifye lafwa ou nan “bagay ou pa wè, men ki vrè” yo? (Alma 32:21; gade tou Etè 12:6). Panse pou w ekri kèk eksperyans ki te ede w kwè nan Jezikri nan yon jounal oubyen pataje yo avèk yon moun ou konnen.

Jan 21:1–17

Sovè a envite m pou m pran swen brebi l yo.

Sa ta ka enteresan pou w ta konpare konvèsasyon Sovè a avèk Apot li yo nan Jan 21 an avèk premye fwa l te kòmande yo pou yo te kite filè yo a, ki nan Luke 5:1–11 la. Ki resanblans ak diferans ou jwenn? Ki ide w jwenn konsènan lavi disip?

Panse sou fason pawòl Sovè a di Pyè nan Jan 21:15–17 yo ta ka aplike avèk ou. Èske gen yon bagay ki anpeche w pran swen brebi Senyè a yo? Kisa repons ou t ap ye si Senyè a te mande ou: “Èske w renmen m?” Reflechi sou ki fason ou ka montre amou ou pou Senyè a?

Gade tou Jeffrey R. Holland, “Premye Gran Kòmandman an,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 83-85.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap fin li Levanjil yo avèk fanmi w lan, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 28:6

Poukisa pawòl “Li pa isit la: paske l resisite” yo se kèk nan pawòl ki pi enpòtan ki te janm pwononse?

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

Pandan fanmi w ap li chapit sa yo, pote atansyon sou moun ki te rantre an kontak avèk Jezi yo nan chak resi. Paregzanp, nan yon moman done, ou ta gen dwa konsantre w sou moun yo ki t al nan tonm Sovè a. Yon lòt lè, ou ta gen dwa etidye aksyon Apot yo oswa disip yo sou wout Emayis la avèk atansyon.

Imaj
Kris la ak de disip yo

Wout Emayis la, pa Jon McNaughton

Matye 28:16-20; Mak 16:14-20; Lik 24:44-53

Antanke fanmi, diskite sou travay Kris la te mande Apot yo pou yo te fè a. Kijan nou ka ede fè travay sa a? Èske w ka pale de yon okazyon kote ou te santi “Senyè a ap travay avèk [ou]” pou ede w akonpli objektif li? Mak 16:20

Jan 21:15–17

Panse pou w li vèsè sa yo pandan n ap manje ansanm. Sa ka bay plis sans pou pawòl Sovè a ki di: “Pran swen brebi m yo.” Baze sou sa Jezi te anseye sou brebi nan Nouvo Testaman an, (gade, paregzanp, Matye 9:35–36; 10:5–6; 25:31–46; Lik 15:4–7; Jan 10:1–16), poukisa pran swen brebi yo se yon metafò pou nouri ak pran swen pitit Bondye yo? Kisa metafò sa a anseye sou fason Pè Selès la ak Jezi santi yo apwopo noumenm?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Itilize mizik pou envite Lespri a ak pou aprann doktrin nan. Koute oubyen chante chan tankou “He Is Risen!” oswa “Le Christ est rescussité,” Hymns/Cantiques, no 199, 122, ka envite Lespri a epi ede w aprann sou Rezirèksyon Sovè a.

Imaj
Kris la parèt devan Mari nan tonb nan jaden an

Madanm, poukisa w ap kriye? pa Simon Dewey

Enprime