Vini, Suiv Mwen
17-23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’


“17-23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“17-23 Jen. Maye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la devan Pilat

Men Moun nan, pa Antonio Ciseri

17-23 Jen.

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Tout bagay fini!

Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 gen deskripsyon sou dènye èdtan lavi Sovè a nan mòtalite a. Chèche santi amou li pou ou pandan w ap etidye sakrifis li ak lanmò l la.

Ekri enpresyon ou

Nan chak pawòl ak chak aksyon, Jezikri bay egzanp lanmou pur—sa Apot Pòl rele charite a (gade 1 Korentyen 13). Nan okenn moman sa pa t janm pi evidan pase pandan dènye èdtan lavi Sovè a nan mòtalite a. Silans plen diyite li anfas fo akizasyon yo demontre ke li “pa pran nan pwovokasyon” (1 Korentyen 13:5). Volonte li pou l te soumèt tèt li anba flajelasyon, mokri, ak krisifiksyon an—san l pa t itilize pouvwa li pou l te mete fen nan touman l yo—montre ke li “gen pasyans” epi li “andire tout bagay” (1 Korentyen 13:4, 7). Konpasyon li pou manman li ak mizèrikòd li pou moun ki t ap krisifye l yo—menm pandan soufrans enkonparab li—revele ke li “pa chèche avantaj pa [li]” (1 Korentyen 13:5). Nan dènye moman l sou tè a, Jezi te fè sa l te konn fè pandan tout ministè li nan mòtalite a—anseye nou nan monte nou. Anfèt, charite se “amou pi Kris la” (Mowoni 7:47).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Dispozisyon Jezikri pou l soufri a montre amou li pou Papa a ak pou nou tout.

Byenke Sovè a te gen pouvwa pou l te rele dè “lejyon zanj” (Matye 26:53), li te chwazi volontèman pou l te andire pwosè enjis, mokri kriyèl, ak soufrans fizik inimajinab. Poukisa l te fè sa? Nefi temwaye: “Poutèt amou sansib li, ak rezistans li genyen pou byen pitit lèzòm” (1 Nefi 19:9).

Ou gen dwa kòmanse etidye dènye èdtan Sovè a nan li 1 Nefi 19:9. Ki kote nan Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 w ap jwenn egzanp sou chak nan sa Nefi te di Jezi te sibi yo?

“[Yo] te jije l kòm yon moun ki pa anyen”

“Yo te flajele li”

“Yo te frape li”

“Yo te krache sou li”

Ki pasaj ki ede w santi “bonte eman” Pè Selès la ak Jezikri pou ou? Kiyès nan kalite Sovè a te manifeste yo ou santi w enspire pou w ta plis devlope?

Gade “Jezi kondane devan Pilat la” ak “Yo flajele Jezi e krisifye li” tou nan (videyo, LDS.org).

Matye 27:27–49, 54; Mak 15:16–32; Lik 23:11, 35–39; Jan 19:1–5

Mokri sou verite Bondye yo pa ta dwe febli lafwa mwen.

Byenke Jezi te andire mokri pantan tout ministè l la, mokri yo te vin pi entansifye pandan flajelasyon l lan ak Krisifiksyon l lan. Men, mokri sa a pa t ka chanje verite a: Jezi se Pitit Gason Bondye. Pandan w ap li sou imilyasyon Jezi te andire yo, panse a opozisyon ak mokri travay li a ap rankontre jodia. Ki ide w genyen osijè andire opozisyon? Kisa k enpresyone w nan pawòl santiryon an nan Matye 27:54 la?

Matye 27:46; Mak 15:34

Èske Pè Selès la te bliye Jezi sou kwa a?

Èldè Jeffrey R. Holland te ofri eksplikasyon sa a: “Mwen temwaye … ke Papa pafè a pa t bliye Pitit li a nan moman sa a. ... Sepandan, pou sakrifis siprèm Pitit Gason l lan te ka osi konplè ke l te volontè ak solitè, Papa a te oblije retire rekonfò Lespri li, sipò prezans pèsonèl li yon ti moman devan Jezi. ... Pou Sakrifis Ekspyatwa [Sovè a] te ka enfini ak etènèl, li te oblije santi kisa sa te ye pou yon moun mouri non sèlman fizikman men spirityèlman tou, li te oblije santi kijan sa te ye lè Lespri a rale kò li pou kite yon moun santi l totalman, mizerableman, dezespereman poukont li” (“Okenn moun pa t avèk li,” Ensign osw Liahona, Me 2009, 87–88).

Lik 23:34

Sovè a se egzanp nou sou padon.

Kijan w santi w lè w li pawòl Sovè a nan Lik 23:34 yo? (gade ide Tradiksyon Joseph Smith la bay nan referans c a). Pandan l t ap fè referans ak pawòl Sovè a, Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Nou dwe padone e pa kenbe okenn rankin kont moun ki ofanse nou. Sovè a te tabli egzanp lan sou kwa a. ... Nou pa konn kè moun ki ofanse nou yo” (“Pou nou ka fè youn” Ensign, Me 1998, 68). Kijan vèsè sa a ka ede w si w gen pwoblèm pou w padone yon moun?

Lik 23:39–43

Ki siyifikasyon “paradi” nan deklarasyon Sovè a te fè vòlè a?

Nan ekriti yo, mo paradi a abityèlman vledi “yon lye lapè ak bonè nan mond dèzespri a”—yon kote yo rezève pou moun ki jis yo. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke mo paradi a nan Lik 23:43 la “se yon erè tradiksyon; e ke Senyè a te an reyalite di ke vòlè a t ap avèk li nan mond dèzespri a” (Ankre nan lafwa, 111; gade tou Joseph Smith, Jounal, Jen 11, 1843, josephsmithpapers.org). Nan mond dèzespri a, vòlè a t ap gen pou l tande levanjil la preche.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 27:3–10

Byenke Jida te konn Jezi pèsonèlman, li te “vire do bay [Jezi], epi li te ofanse akoz pawòl li yo” (Joseph Smith Tradiksyon, Mak 14:31 [nan Mak 14:10, referans a]). Kisa k ka lakoz dè moun ki sanble yo gen temwayaj solid vire do bay Sovè a? Kijan nou ka rete fidèl anvè Jezikri?

Matye 27:11–26; Mak 15:1–15; Lik 23:12–24; Jan 19:1–16

Poukisa Pilat te livre Jezi bay moun yo pou yo te krisifye li, malgre ke l te konnen Jezi te inosan? Ki leson nou aprann nan eksperyans Pilat la sou kanpe pou n defann nou konnen ki se verite? Li ta ka bon pou fanmi w jwe senaryo ki ap pèmèt yo fè pratik sou fason pou yo kanpe pou defann sa ki dwat.

Imaj
Jezi k ap pote kwa a

“Epi li te pote kwa li rive nan … Gòlgota” (Jan 19:17).

Matye 27:46; Lik 23:34, 43, 46; Jan 19:26–28, 30

Petèt ou ta ka bay chak manm fanmi ou youn oubyen de nan deklarasyon Sovè a te fè sou kwa a, ki nan vèsè sa yo, epi mande yo pou yo di kisa yo aprann osijè Sovè a ak misyon l lan.

Mak15:39

Nan ki fason lekti sou Krisifiksyon an fòtifye temwayaj nou ke Jezi se “Pitit Bondye”?

Jan 19:25–27

Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason nou ta dwe renmen ak sipòte manm fanmi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Imite lavi Sovè a. “Sa ta bon pou n etidye kijan Sovè a te anseye—metòd li te itilize ak sa l te di. Men pouvwa Sovè a te genyen pou anseye ak edifye lòt moun nan te soti nan ... kalite moun li te ye a. Plis nou chèche avèk dilijans pou n viv tankou Jezikri, se plis n ap kapab anseye menmjan avèk li” (Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
Kris la sou kwa a

Kris la sou kwa a, pa Carl Heinrich Bloch

Enprime