Vini, Suiv Mwen
10-16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa sa mwen vle, men sa ou vle’


“10-16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa sa mwen vle, men sa ou vle’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“10-16 Jen. Maye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Dènye Repa a

Epi sete lannuit, pa Benjamin McPherson

10-16 Jen.

Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18

“Non pa sa mwen vle, men sa ou vle”

Pandan w ap li sou evenman yo dekri nan Matye 26; Mak 14; Lik 22; ak Jan 18 yo, pote atansyon sou tout enpresyon ou resevwa, espesyalman enspirasyon pou w fè chanjman nan lavi w yo.

Ekri enpresyon ou

Te gen sèlman twa temwen mòtèl nan soufrans Jezikri yo nan Jaden Jetsemani an—epi toulètwa te dòmi pandan pifò moman an. Nan jaden sa a epi apre sou kwa a, Jezi te pran sou tèt li peche, doulè, ak soufrans chak grenn moun ki te janm viv, malgre prèske okenn nan moun ki te vivan yo nan epòk sa a pa t menm konsyan de sa k t ap pase a. Men, evenman ki pi enpòtan nan letènite yo souvan pase san mond lan pa pote anpil atansyon sou yo. Men, Bondye Papa a limenm te konnen. Li te tande priyè Pitit Gason fidèl li a: “Papa, si w vle retire gode sa a devan mwen: sepandan, se pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt. Epi te gen yon zanj ki te parèt devan soti nan syèl la, pou fòtifye li” (Lik 22:42–43). Pandan ke nou pa t fizikman temwen zak abnegasyon ak soumisyon sa a, nan yon sans, nou tout ka temwen Ekspyasyon Jezikri a. Chak fwa nou repanti epi nou resevwa padon pou peche nou epi, chak fwa nou santi pouvwa fòtifyan Sovè a, nou ka temwaye de sa k te pase nan Jaden Jetsemani an.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 26:17–30; Mak 14:12–26; Lik 22:7–39

Sentsèn nan se yon opòtinite pou n sonje Sovè a.

Kisa w fè pou w sonje moun ki enpòtan pou ou nan lavi w yo? Lè Sovè a te eksplike disip li yo sentsèn nan, li te di: “Se pou nou fè sa pou nou ka toujou sonje mwen” (Lik 22:19; gade tou 3 Nefi 18:7). Kijan pen an, dlo a, ak lòt eleman òdonans sa a ede w sonje limenm ak soufrans li yo? Medite sou kesyon sa a pandan w ap li osijè premye Sentsèn nan. Epitou, note revizyon ki nan Tradiksyon Joseph Smith yo (gade referans yo ak apendiks Bib la).

Pran yon ti tan pou w medite sou eksperyans ou fè chak semèn pandan sentsèn nan. Kisa w ka fè pou rann ni pi siyifikan? Petèt ou ka ekri kèk bagay ou santi w enspire pou w sonje konsènan Sovè a—ansèyman l yo, zak lanmou l yo, sou moman kote ou konn santi w patikilyèman pwòch li, oubyen sou peche ak soufrans li te pran sou tèt li pou ou yo.

Gade tou 3 Nefi 18:1–13; Doktrin ak Alyans 20:76–79; “Sentsèn,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org; “Toujou sonje li” (videyo, LDS.org).

Matye 26:36–46; Mak 14:32–42; Lik 22:40–46

Sovè a te soufri pou mwen nan Jetsemani.

Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou nou “konsakre tan pou n aprann sou Sovè a ak sou sakrifis ekspyatwa l la” (“Rale pouvwa Jezikri vin nan lavi nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 40).

Panse sou sa w pral fè pou w aksepte envitasyon Prezidan Nelson an. Ou gen dwa kòmanse pa medite nan lapriyè sou soufrans Sovè a nan Jetsemani an, jan yo dekri l nan vèsè sa yo, epi ekri enpresyon ak kesyon ki vin nan lespri ou.

Pou yon etid pi apwofondi sou Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la, eseye chèche lòt ekriti pou repons pou kesyon tankou kesyon sa yo:

Pandan w ap aprann sou sa k te pase nan Jetsemani an, li ta bon pou w konnen ke Jetsemani sete yon jaden pye olivye ki te gen yon moulen oliv yo te itilize pou kraze grenn oliv yo pou yo te ekstrè luil ke yo te itilize pou ekleraj ak manje osibyen ke pou gerizon (gade Lik 10:34). Pwosesis pou te itilize yon pwa lou pou te ekstrè luil oliv la ka senbolize pwa peche ak soufrans Sovè a te pote pou nou yo (gade D. Todd Christofferson, “Demere nan lanmou mwen,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 50–51).

Mak 14:27–31, 66–72; Lik 22:31–32

Konvèsyon se yon pwosesis kontinyèl.

Panse sou eksperyans Pyè te fè avèk Sovè a—mirak li te temwen yo ak doktrin li te aprann. Alòs, poukisa Sovè a te di Pyè: “ w konvèti, fòtifye frè w yo”? (Lik 22:32; italik ajoute). Kisa Èldè David A. Bednar te di ki se diferans ant posede yon temwayaj ak vrèman konvèti? (gade “Konvèti nan Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 106–9). Pandan w ap li eksperyans Pyè yo nan Mak 14:27–31, 66–72 la, panse a pwòp konvèsyon pa ou. Ki leson ou ka aprann nan men Pyè? Pandan w ap kontinye li Nouvo Testaman an, ki prèv ou jwenn sou konvèsyon Pyè ak efò li pou fòtifye frè l yo? Ki efè resevwa don Sentespri a te gen nan konvèsyon li? (gade Jan 15:26–27; Travay 1:8; 2:1–4).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap kontinye li sou dènye semèn lavi Sovè a avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 26:17–30; Mak 14:12–26; Lik 22:7–39

Ki eksperyans fanmi w fè chak semèn pandan sentsèn nan? Yon lekti osijè premye sentsèn nan ka enspire yon diskisyon sou enpòtans sentsèn nan ak sou fason manm fanmi ou ka fè adorasyon yo vin pi siyifikan. Panse pou w afiche foto Distribisyon sentsèn nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 108) epi pou youn pataje ide ak lòt sou sa nou ka fè anvan, pandan, ak apre sentsèn nan.

Lik 22:40–46

Lè fanmi w ap li vèsè sa yo, yo ka pale sou sa yo te aprann pandan yo t ap etidye ekriti yo sigjere nan seksyon etid ekriti pèsonèl la, “Sovè a te soufri pou mwen nan Jetsemani” an.

Lik 22:50–51

Kisa nou aprann osijè Jezi nan eksperyans sa a?

Imaj
Kris la k ap geri zòrèy sèvitè a

Sispann, fè yon ti kanpe, pa Walter Rane

Matye 26:36–46; Mak 14:32–42; Lik 22:40–46

Kisa nou aprann nan pawòl Sovè a nan vèsè sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo. Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou prensip ou jwenn nan ekriti yo. Paregzanp, nan revi dènye konferans jeneral la, Ensign oswa Liahona, ou ka chèche “Ekspyasyon” nan endèks pa sijè a (gade Anseye nan fason Sovè a, 21).

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Non pa volonte pa m, men volonte pa w, pa Walter Rane

Enprime