Vini, Suiv Mwen
27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: Pitit Gason Lòm nan ap vini’


“27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: Pitit Gason Lòm nan ap vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Dezyèm vini an

Dezyèm Vini an, pa Harry Anderson

27 Me–Jen. 2

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm nan ap vini”

Pandan w ap li Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; ak Lik 21 an, ou gen dwa mande: “Ki mesaj chapit sa yo gen pou mwen? Pou fanmi m? Pou apèl mwen?”

Ekri enpresyon ou

Disip Jezi yo dwe siman te twouve pwofezi l la etonan: tanp majestye Jerizalèm nan, sant spirityèl ak kiltirèl pèp Juif la, ta pral detwi si totalman ke “pa t ap gen menm ... yon grenn wòch rete kanpe.” Natirèlman, disip yo te anvi konnen plis. Yo te mande: “Kilè bagay sa yo ap rive?” “Epi kisa k ap siy ke w ap vini an?” (Joseph Smith—Matye 1:2–4). Repons Sovè a revele ke gwo destriksyon k t ap gen pou l tonbe sou Jerizalèm nan—yon pwofesi ki te akonpli an 70 AK—t ap relativman piti konpare avèk siy lè l ap vini nan dènye jou yo. Bagay ki sanble yo pi solid pase tanp nan Jerizalèm nan apral parèt tanporè—solèy la, lalin nan, zetwal yo, nasyon yo, ak lanmè a. Menm “puisans syèl yo pral ebranle” (Joseph Smith—Matye 1:33). Si nou espirityèlman reveye, ajitasyon sa a kapab anseye nou pou nou mete konfyans nou nan bagay ki vrèman pèmanan yo. Jan Jezi te pwomèt la: “Syèl la ak tè a ap gen pou pase; men pawòl mwen yo p ap pase. ... Epi, moun ki gade pawòl mwen yo presyezman, yo p ap sedui” (Joseph Smith—Matye 1:35, 37).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Joseph Smith—Matye

Kisa Joseph Smith—Matye ye?

Joseph Smith—Matye, ki nan Pèl Gran Pri a, se yon ekstrè ki soti nan tradiksyon Joseph Smith te fè sou Bib la. Li gen revizyon pou dènye vèsè nan Matye 23 a ak pou tout Matye 24 la (gade Diksyonè Bib la, “Tradiksyon Joseph Smith”). Revizyon enspire Joseph Smith yo retabli dè verite presye ki te pèdi. Vèsè 12–21 nan Joseph Smith—Matye a fè referans ak destriksyon Jerizalèm nan tan ansyen yo; vèsè 21–55 yo gen pwofesi sou dènye jou yo.

Joseph Smith—Matye 1:21–37; Mak 13:21–37; Lik 21:25–38

Pwofesi sou Dezyèm Vini Sovè a ka ede m fè fas a fiti mwen ak lafwa.

Sa ka twouble nou lè nou li osijè evanman k ap mennen nan Dezyèm Vini Jezikri yo. Men, lè Jezi te pwofetize sou evenman sa yo, li te di disip li yo pou yo “pa twouble” (Joseph Smith—Matye 1:23). Kijan nou ka fè “pa twouble” lè nou tande tranblemandtè, lagè, twonpri, ak grangou? Panse a kesyon sa a pandan w ap li vèsè sa yo. Make oubyen note tout konsèy rasiran ou jwenn.

Gade tou Doktrin ak Alyans 29:14–21; 38:30; 45:16–52; 88:86–94; “Dezyèm Vini Jezikri a,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org.

Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55; Matye 25:1–13; Lik 21:29–36

Mwen dwe toujou pare pou Dezyèm Vini Sovè a.

Bondye pa revele “ni jou ni lè Pitit Gason lòm nan ap retounen an” (Matye 25:13). Men li pa vle pou jou sa a tonbe sou nou “san nou pa atann” (Lik 21:34), konsa, li ba nou konsèy sou kijan pou n prepare nou.

Pandan w ap li vèsè sa yo, chèche parabòl ak lòt konparezon Sovè a te itilize pou anseye nou pou n toujou prepare pou Dezyèm Vini l lan. Kisa w aprann nan yo? Kisa w santi pou w fè?

Matye 25:14–30

Pè Selès la atann pou m itilize don m yo avèk sajès.

Nan epòk Sovè a, yon “talan” te fè referans ak lajan. Men parabòl talan Senyè a ka anseye nou sou fason li ta renmen nou itilize tout benediksyon li ba nou. Senyè a atann pou nou fè sa l ba nou yo pwospere. Pandan w ap li parabòl sa a, fè yon lis sou kèk nan benediksyon ak opòtinite Pè Selès la ba ou. Kisa l atann pou w fè avèk benediksyon sa yo? Kijan w ka itilize don sa yo avèk plis sajès? Ki fason talan ou mayifye pandan w ap sèvi Senyè a?

Matye 25:31–46

Lè m sèvi lòt moun, se Bondye m ap sèvi.

Si w janm mande tèt ou kijan Senyè a pral jije lavi ou, li parabòl brebi a ak bouk yo. Kisa k pral plis konte lè w kanpe devan Kris la?

Gade tou Mozya 2:17.

Mak 12:18–27

Èske maryaj pral kontinye apre Rezirèksyon an?

Nou aprann nan revelasyon modèn nan ke deklarasyon Jezi a ki di: “Lè yo va leve nan rezirèksyon mò yo, yo pa marye ni tou moun pa marye yo” a fè referans ak moun ki pa antre nan alyans maryaj selès la (gade DA 132:15–16). Yon maryaj selès, kote “yon gason [marye] avèk yon fi … nan nouvo alyans etènèl la,” ap dire “atravè tout letènite” si mari a ak madanm nan rete fidèl nan alyans yo (DA 132:19).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Joseph Smith—Matye

Pou ede fanmi ou eksplore chapit sa a, envite yo pou yo chèche ansèyman Sovè a bay sou fason nou ka prepare nou pou Dezyèm Vini l lan (gade, paregzanp, vèsè 22–23, 29–30, 37, 46–48). Kisa fanmi w ka fè pou suiv konsèy sa a?

Joseph Smith—Matye 1:22, 37

Kisa sa vledi pou n kenbe pawòl Bondye a presyezman? Kijan nou ka fè sa antanke fanmi? Kijan nou pral fè pou ede nou pou n pa twonpe?

Matye 25:1–13

Ou gen dwa itilize foto dis vyèj yo ki akonpaye plan leson sa a pou diskite sou Matye 25:1–13 la. Ki detay manm fanmi yo wè nan foto a ki dekri nan vèsè sa yo?

Èske manm fanmi ou ta renmen patisipe nan yon lachas pou chèche gout luil an papye ke w ap kache nan tout kay la? Ou gen dwa tache gout yo sou objè ki reprezante kèk bagay manm fanmi yo ka fè pou fòtifye temwayaj yo e prepare yo pou Dezyèm Vini an, tankou ekriti yo, rad legliz, oubyen yon foto tanp.

Mak 12:38–44; Lik 21:1–4

Kisa manm fanmi w ka aprann nan egzanp vèv la? Kisa Sovè a te anseye disip li yo sou ofrann? Montre yon fèy dim, epi diskite avèk fanmi ou sou ofrann yo bay Senyè a ak kijan ofrann sa yo ede bati wayòm Bondye a. Èske gen ofrann fanmi w fè ki pa ka note sou yon fèy dim?

Imaj
Pyès kòb vèv la

Pyès kòb vèv la, pa Sandra Rast

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Prepare anviwonman ou. “Anviwonman ou ka pwofondeman afekte kapasite w pou aprann ak santi verite a” (Anseye nan fason Sovè a, 15). Eseye jwenn yon kote pou w etidye ekriti yo ki ap envite enfliyans Sentespri a. Mizik ak imaj edifyan ka envite Lespri a tou.

Imaj
Dis vyèj yo

Senk ladan yo te saj, pa Walter Rane

Enprime