Vini, Suiv Mwen
27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: Pitit Gason Lòm nan ap vini’


“27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: Pitit Gason Lòm nan ap vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“27 Me–2 Jen. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Dezyèm Vini

Dezyèm Vini an,pa Harry Anderson

27 Me–Jen. 2

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm nan ap vini”

Medite sou sa timoun w ap anseye yo bezwen konnen osijè Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21. Pa ezite adapte ide pou timoun ki pi gran yo nan plan sa a pou timoun ki pi piti yo e vice versa.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre yon foto ki anrapò avèk youn nan istwa ki nan lekti semèn sa a (tankou foto dis vyèj yo w ap jwenn nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande timoun yo pou yo rakonte kisa yo konnen osijè istwa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Joseph Smith—Matye 1:31

Anvan Jezi retounen, levanjil la ap preche nan tout mond lan.

Jezi te di ke, anvan l retounen, levanjil la apral preche nan tout mond lan. Timoun yo ka ede akonpli pwofesi sa a nan pataje levanjil la.

Aktivite posib

  • Montre yon kat, yon glòb, oswa foto tè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 3) epi ede timoun yo di: “Levanjil sa a … pral preche nan tout mond lan” (Joseph Smith—Matye 1:31). Poukisa Bondye vle pou tout pitit li yo tande levanjil li a?

  • Envite timoun yo pou yo mache anplas pandan n ap chante ansanm “Je voudrais déjà partir en mission” ak “Appelés à servir,” Chants pour les enfants, 90, p. 94-95. Envite misyonè aplentan yo oubyen yon misyonè ki sot fè misyon pou yo pataje eksperyans yo nan preche levanjil la epi ede timoun yo panse ak fason yo ka pataje levanjil la.

Imaj
tè a apati lespas

Foto koutwazi NASA Johnson Space Center

Matye 25:14–30

Mwen ka itilize don Bondye ban mwen yo.

Jèn timoun k ap dekouvri don yo ak kapasite yo. Ede yo konprann ke don ak kapasite sa yo soti nan Pè Selès la.

Aktivite posib

  • Pote plizyè pyès monnen pou w itilize pandan w ap rakonte parabòl talan yo ki nan Matye 25:14–30. Ou gen dwa mande twa timoun pou yo reprezante twa sèvitè yo. Eksplike ke nan epòk Jezi a, talan te vledi lajan, men nan epòk pa nou an talan ka vledi don ak kapasite.

  • Mande timoun yo pou yo site kèk fason paran yo, frè yo ak sè yo, enstriktè yo, oubyen zanmi yo konn ede yo. Ki kapasite moun sa yo genyen ki ede yo sèvi lòt moun?

  • Ekri yon ti nòt pou timoun yo ki di yo chak ki don oswa kapasite ou wè nan yo. Vlope chak nòt yo tankou yon kado epi envite timoun yo pou yo ouvri “kado” yo a. Ankouraje yo pou yo amelyore don yo genyen yo epi itilize yo pou sèvi lòt moun.

Matye 25:31–46

Jezi vle m sèvi lòt moun.

Nou sèvi Pè Selès la ak Jezikri lè nou sèvi moun ki bò kote nou. Menm timoun piti kapab sèvi lòt moun.

Aktivite posib

  • Rezime parabòl ki nan Matye 25:34–46 la. Ede timoun yo konprann ke lè nou sèvi lòt moun, se Jezi n ap sèvi.

  • Montre foto yon timoun nan klas ou a avèk yon foto Jezi ki kache dèyè li. Kisa nou ka fè pou sèvi timoun sa a? Retire foto timoun nan epi eksplike ke lè nou youn sèvi lòt, se Jezi n ap sèvi.

  • Envite timoun yo pou yo desine yomenm k ap sèvi lòt moun nan fason Sovè a dekri nan Matye 25:35–36 la. Envite lòt timoun yo pou devine sa y ap fè a.

  • Envite timoun yo pou yo rakonte eksperyans kote yon moun te rann yomenm oubyen fanmi yo sèvis nan fason Kris la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Joseph Smith—Matye 1:31

Anvan Jezi retounen ankò, levanjil la ap preche nan tout mond lan.

Timoun w ap anseye yo ka ede preche levanjil la nan tout mond lan anvan Dezyèm Vini Sovè a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo di ki benediksyon yo te resevwa oubyen yo pral resevwa paske yo se manm Legliz Kris la. Li Joseph Smith—Matye 1:31 ansanm, epi mande timoun yo kijan levanjil la ap beni pitit Bondye yo nan tout mond lan.

  • Montre foto yon kat mond lan oubyen yon kat peyi ou, epi ede yo idantifye kèk lye kote yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi te preche levanjil la nan yon misyon.

  • Envite kèk timoun pou yo vini pare pou rakonte kijan manm fanmi yo oswa zansèt yo te jwenn levanjil la. Si posib, mande yon moun nan pawas la ki te sèvi yon misyon aplentan pou l vin pataje yon eksperyans li te fè nan pataje levanjil la.

  • Mande chak timoun pou l ekri non yon moun li ka pale de levanjil la oubyen li ka envite vin legliz la. Epitou mande timoun yo pou yo fè lis sa yo ka fè pou yo ka misyonè depi kounyeya.

Matye 25:1–13

Mwen responsab pwòp konvèsyon mwen nan levanjil la.

Parabòl dis vyèj yo anseye ke nou pa ka prete konvèsyon nou nan levanjil la nan men lòt moun. Kijan w ka ede timoun yo pran responsablite pwòp konvèsyon yo?

Aktivite posib

  • Mande yon timoun ak youn nan paran l yo pou vini tou prepare pou pataje kijan yo te etidye parabòl dis vyèj yo lakay yo pou semèn nan.

  • Desine yon lanp a gaz sou tablo a, epi rele l temwayaj. Bay chak timoun yon moso papye ki gen fòm yon gout luil, epi mande chak timoun pou l ekri sou papye a yon bagay li pral fè pou l ka vin pi konvèti nan levanjil la. Tache gout luil yo toutotou lanp la.

  • Envite timoun yo pou yo ede w fè yon lis bagay yo ka fè pou prepare yo pou resevwa yon vizitè espesyal. Kijan bagay sa yo menmjan oubyen diferan avèk fason nou ka prepare nou spirityèlman pou Dezyèm Vini Sovè a?

  • Sou senk moso papye, ekri bagay moun pa ka prete. Sou senk lòt moso papye, ekri bagay moun ka prete. Melanje moso papye yo, epi mande timoun yo pou yo triye yo mete an de kategori. Li Matye 25:1–13 la ansanm. Poukisa li enpòtan pou nou pa konte sou lòt moun pou konvèsyon nou nan levanjil la?

Matye 25:14–46

Nan Jijman Final la, nou pral bay Senyè a kontrandi pou lavi nou.

Apre Rezirèksyon an, Bondye pral jije nou selon jan nou te obeyi kòmandman l yo ak selon jan nou te aksepte sakrifis ekspyatwa Sovè a. Parabòl talan an ak parabòl brebi a ak bouk yo anseye nou sou Jijman Dènye a.

Aktivite posib

  • Envite mwatye klas la pou yo li Matye 25:14–30 epi lòt mwatye a pou yo li Matye 25:31–46. Mande chak gwoup pou yo jwe sèn parabòl yo pou klas la.

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 25:35–36 de pa de epi fè lis kèk bagay yo ka fè pou montre amou yo pou Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande timoun yo pou yo di fanmi yo ki fason yo ka vin pi bon misyonè epi pale yo de kèk moun yo ta ka pataje levanjil la avèk yo.

Amelyore ansèyman nou

Koute yon istwa oubyen jwe wòl li. Paske timoun renmen istwa, chèche fason pou w fè yo patisipe nan istwa ekriti w ap pataje yo. Yo ka kenbe foto oubyen objè, yo ka desine istwa a, yo ka jwe wòl sou istwa a, oubyen yo ka rakonte istwa a. Repete istwa yo pou ede yo rekonèt detay enpòtan ak ansèyman levanjil yo.

Enprime