Vini, Suiv Mwen
24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’


“24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21: ‘Li resisite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“ 24–30 Jen. Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezi ap pale avèk Pyè

Pran swen brebi m yo, pa Kamille Corry

24–30 Jen.

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20–21

”Li resisite”

Kòmanse preparasyon ou nan li Matye 28; Mak 16; Lik 24; ak Jan 20–21. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ede w seleksyone prensip nan chapit sa yo ki ap enpòtan pou timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Gade yon foto kapab ede timoun yo sonje sa yo te aprann lakay yo oubyen nan lòt kote. Petèt ou ta ka montre yo foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi mande yo pou yo pataje sa yo konnen sou istwa yo montre nan foto a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20:1–23

M ap viv ankò lè m fin mouri, menmjan ak Jezi.

Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, ansanm ak Rezirèksyon l lan, se evenman ki pi enpòtan nan listwa, epi li se fondasyon lafwa kretyèn nou. Pandan w ap li konsènan Rezirèksyon an, metide sou fason w pral ede timoun yo bati lafwa yo nan Jezikri.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa Rezirèksyon Jezi a nan pwòp mo pa ou. Mande timoun yo pou yo rakonte w istwa a apresa. Ou gen dwa ale nan “Chapit 54 la: Jezi resisite,” Istwa Nouvo Testaman, 139–44, oubyen pase videyo korespondan an nan (LDS.org). Eksplike ke lè Jezi te mouri, espri li t ale kite kò li. Lè l te resisite, espri li ak kò li te retounen ansanm ankò.

  • Envite plizyè manm nan pawas ou a pou yo jwe wòl sòlda yo, zanj yo, Mari Magdalèn, Pyè, Jan, disip yo, ak Toma epi di kisa moun sa yo te temwen apre Rezirèksyon Jezi a.

  • Pase videyo “Kisa k rive apre nou mouri?” a (LDS.org), epi pale de yon moun ou konnen ki mouri. Di timoun yo ke tout moun ap resisite yon jou. Envite yo pou yo pataje temwayaj yo.

  • Panse pou nou chante ansanm “Jésus est-il ressuscité?” ak “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, p 45, 46-47. Mande timoun yo pou yo imajine kisa yon moun t ap santi si l ta wè Jezi resisite a. Fè yo pataje sa yo panse avèk klas la.

Jan 20:24–29

Mwen ka gen lafwa nan Jezikri menmsi m pa ka wè li.

Panse sou fason w ka ede timoun yo konprann sa lafwa ye ak kijan yo ka egzèse lafwa nan Sovè a.

Aktivite posib

  • Montre foto Kris la k ap pale avèk Thomas a (LDS.org) pandan w ap rakonte yo eksperyans Thomas a ki nan Jan 20:24–29. Repete istwa a nan apre nan leson an, men fwa sa a, mande timoun yo pou yo ba w kèk nan detay yo.

  • Montre yon bwat ki gen yon objè andedan li ke timoun yo pa ka wè, epi dekri objè a pou yo. Mande yo si yo kwè objè a reyèlman andedan bwat la e poukisa. Apresa, montre yo objè a, epi eksplike ke lafwa se kwè nan bagay nou pa ka wè. Lafwa ki pi enpòtan nou kapab genyen se lafwa nan Jezikri.

Imaj
Jezi ap montre Apot yo men li

Gade men mwen, pa Jeff Ward

Jan 21:15–17

Mwen ka montre lanmou m pou Jezi nan sèvi lòt moun.

Kijan w ka enspire timoun yo pou yo renmen ak ede moun ki bò kote yo?

Aktivite posib

  • Li Jan 21:15–17, oubyen pase videyo “Pran swen brebi m yo” nan (LDS.org). Jezi pa t vle pou Pyè pase tout tan li ap peche pwason. Men, li te vle pou Pyè preche levanjil la epi envite tout moun pou vin jwenn ni. Bay chak nan timoun yo yon mouton an papye, epi ekri sou li yon bagay yo ka fè pou ede pran swen brebi Jezi yo.

  • Mande plizyè timoun alavans pou yo pataje sa yo fè pou yo renmen ak sèvi lòt moun, oubyen fason yo te sèvi yo.

  • Ekri non chak timoun nan klas ou a sou moso papye ki koupe nan fòm mouton, epi simaye mouton sa yo nan tout sal la. (Mete non timoun ki pa vini regilyèman yo tou.) Envite timoun yo pou yo rasanble mouton yo nan jwenn sa ki gen non yo sou li a. Kisa nou ka fè pou n sèvi yon brebi pèdi nou ka konnen?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 28; Mak 16; Lik 24; Jan 20:1–23

Paske Jezi te resisite, tout moun ap resisite.

Se tou nòmal pou timoun yo ap mande tèt yo kisa k pase apre nou mouri. Panse sou fason ou ka anseye yo sou Rezirèksyon an nan yon fason ki ap edifye lafwa yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fèmen je yo epi imajine ke yo chita bò tonm Jezi a pandan w ap li Jan 20:1–17 oubyen rezime istwa Rezirèksyon l lan (gade tou “Chapit 54: Jezi resisite,” Istwa Nouvo Testaman, 139–44, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org). Ki efè sa t ap fè si n ta wè Sovè resisite a?

  • Mande chak timoun pou l etidye eksperyans yon moun ki te wè Sovè resisite a epi pataje sa l te aprann yo avèk rès klas la.

  • Gade youn oubyen plis nan videyo sa yo avèk timoun yo: “Jezi y ap depoze nan tonm nan,” “Jezi resisite,” “Kris la parèt sou wout Emayis la,” ak “Senyè resisite a parèt devan Apot yo” nan (LDS.org).

Jan 20:24–29

Mwen ka gen lafwa nan Jezikri menmsi m pa ka wè li.

Kisa timoun w ap anseye yo ap fè pou yo fòtifye lafwa yo nan Jezikri? Kijan w ka ede yo?

Aktivite posib

  • Envite kèk nan timoun yo pou pran tou pou li vèsè ki nan Jan 20:24–29 yo. (Gade videyo “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè” a tou, nan LDS.org.)

  • Ekri chak mo ki nan fraz “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè” a sou moso papye separe. Envite timoun yo pou yo mete mo yo nan lòd. Envite yo pou yo rakonte eksperyans kote yo te santi amou Sovè a menmsi yo pa t wè li.

  • Envite yo pou yo desine foto sou sa yo ka fè pou fòtifye lafwa yo. Pandan y ap desine a, di sa w te fè pou fòtifye lafwa ou nan Jezikri.

Jan 21:1–17

Mwen ka montre lanmou m pou Jezi nan pran swen brebi l yo.

Timoun yo ka gen gwo enfliyans sou moun ki bò kote yo. Kijan w ka ankouraje yo pou yo fòtifye lòt moun nan levanjil la?

Aktivite posib

  • Anvan w li Jan 21:1–17 la ansanm, mande timoun yo si yo konn al lapèch. Kijan sa te pase? Mande si youn ladan yo konn atrape “anpil pwason” (Jan 21:6).

  • Li Jan 21:15–17, men ranplase non Simon an pa non timoun yo. Kiyès ki brebi Jezi? Kijan nou ka pran swen brebi l yo?

  • Pataje yon ti goute avèk timoun yo. Pandan y ap manje a, mande yo kijan pataje levanjil la avèk yon moun se tankou nouri moun sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj

Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye fanmi yo sou dènye semèn nan lavi Sovè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou yo aji a. Lè w envite timoun yo pou yo aji anfonksyon sa yo aprann yo, fè suivi sou envitasyon w lan nan pwochen klas la. Sa ap montre yo ke ou sousye de fason levanjil la ap beni lavi yo. Lè yo pataje eksperyans yo fè, y ap fòtifye epi youn ap ede lòt viv levanjil la.

Enprime