Vini, Suiv Mwen
1–7 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou pral temwen m’


“1-7 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou pral temwen m’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“1–7 Jiyè. Jan 1-5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
jou Pannkot la

Jou Pannkot la, pa Sidney King

1-7 Jiyè

Travay 1-5

“Nou pral temwen m”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Travay 1–5. Priye pou w ka chèche konprann bezwen timoun w ap anseye yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo epi plan leson sa a ka ede w tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri Kiyès m ye? sou tablo a. Bay plizyè deklarasyon sou Pyè epi mande timoun yo de kiyès deklarasyon yo ap pale. Ki lòt bagay ou konnen osijè Pyè?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Travay 1:9–11

Jezikri dirije Legliz li a atravè pwofèt ak apot.

Aprann kijan Sovè a te dirije ansyen Legliz la atravè Apot yo ka ede timoun yo akeri temwayaj yo sou pwofèt ak apot epòk nou yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon paj la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Mande timoun yo poukisa yo panse mesye yo ap gade syèl la. Fè rezime istwa ki nan Travay 1:1–11 la. Gade “Chapit 55: Apot yo ap dirije Legliz la,” Istwa Nouvo Testaman, 145–47, oubyen videyo korespondan an (LDS.org).

  • Pandan klas la ap gade foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, envite yon timoun pou l kenbe foto Apot aktyèl yo. Kiyès ki dirije Legliz la lè Kris la pa sou tè a? Kijan yo dirije Legliz la?

  • Jwe yon jwèt konparezon avèk de foto Premye Prezidans Ian ak Douz Apot aktyèl yo. Lè yo koresponn, di non Apot la oubyen Prezidan an ak yon bagay konsènan li.

  • Nan do foto Jezi a, tepe ti foto sou sa yon pwofèt ta ka anseye, tankou batèm oubyen yon tanp. Fè chak timoun pran tan pou gade youn nan foto yo epi pou l di rès klas la “Pwofèt la anseye nou sou [sijè ki sou foto a].”

Travay 3:1–10

Pè Selès la ka beni lòt moun atravè mwenmenm.

Kisa w ka fè pou ede timoun yo rekonèt fason yo ka beni moun bò kote yo? Ede yo aprann nan egzanp Pyè ak Jan k ap geri mesye kokobe a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè aksyon ki mache avèk istwa nan Travay 3:1–10 la, tankou lonje men yo pou kòb ak sote pou lajwa. Ki fason Pè Selès la te beni mesye ki pa t ka mache a?

  • Pote yon valiz ki gen foto ki reprezante fason nou ka beni ak sèvi lòt moun. Fè timoun yo pran tan pou yo chwazi foto nan valiz la epi pou yo di kijan yo ka beni lòt moun nan fason sa a.

  • Mande yo pou yo pale de yon lè kote yo te ede yon moun.

Travay 5:1–11

M ka onèt.

Premye kretyen yo te pratike yon fòm lwa konsekrasyon pou ede pran swen pòv yo. Moun ki te posede tè a te vann ni epi l te bay Apot yo lajan an pou yo te ka distribye l bay Sen yo selon bezwen yo. Ananyas ak Safira pa t onèt nan patisipasyon yo, yo te panse yo te ka twonpe sèvitè Senyè yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo jwe wòl istwa Ananyas ak Safira a. Eksplike ke, menmsi nou p ap mouri lè nou bay yon manti, istwa sa a montre kijan sa enpòtan pou Pè Selès la pou nou onèt.

  • Chante ansanm yon kantik sou onètete, tankou “I Believe in Being Honest” (Children’s Songbook, 149). Ede timoun yo konprann ke yon pati nan onètete se toujou di laverite e pa pran bagay ki apatni a yon lòt moun.

  • Itilize maryonèt an sachè papye pou jwe wòl senp sitiyasyon kote yon moun onèt oubyen pa onèt. Mande timoun yo pou yo kanpe si moun nan onèt oubyen chita atè a si moun nan pa onèt.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Travay 1:8, 22–26

Jezikri dirije Legliz Li a atravè pwofèt ak apot

Timoun w ap anseye yo ka konprann ke Legliz Sovè a dirije pa pwofèt ak apot jodia, jan sa te ye nan ansyen tan an.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Kijan Jezikri dirije Legliz la pandan ke l pa sou tè a? Envite timoun yo pou yo chèche repons pou kesyon an pandan y ap li pawòl Sovè a te di Apot yo nan Travay 1:8 la.

  • Li Travay 1:22–26 ansanm. Antanke klas, idantifye kijan Apot yo aple yon nouvo Apot.

  • Alavans, mande yon timoun pou limenm oubyen paran li li osijè yon Apot ki fèk aple (petèt nan LDS.org). Envite timoun nan pou l pataje sa l te aprann avèk klas la, epi, si posib, sa Apot la te di sou apèl li a nan premye mesaj konferans jeneral li.

Imaj
Kris la avèk Apot yo

Apot yo te dirije Legliz la apre Kris la te monte nan syèl la.

Travay 3:1–10

Pè Selès la beni lòt moun atravè mwenmenm, menm si m pa rich.

Kijan w ka anseye timoun yo ke yo ka beni lòt moun, menmsi yo pa gen “lò ak lajan”? (Travay 3:6). Kijan w ka ede yo wè opòtinite pou sèvi Bondye nan sèvi lòt moun?

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li Travay 3:1–10 pandan lòt timoun yo ap jwe wòl istwa a. (Pou èd, gade “Chapit 56: Pyè geri yon mesye,” Istwa Nouvo Testaman, 148–49, oubyen videyo koresponsan an nan LDS.org.) Ou ka pase videyo “Pyè ak Jan geri yon mesye ki te kokobe depi nesans li” a tou (LDS.org). Nan ki fason benediksyon mesye sa a te resevwa a te pi gran pase lajan l te mande a?

  • Pase yon sak monnen youn bay lòt. Pandan timoun yo kenbe sak la, mande yo kisa yo ka achte avèk lajan an. Apresa, pran sak lajan an epi mande yo ki benediksyon yo pa ka achte. Envite yo pou yo di kijan yo ka sèvi yon moun san itilize lajan (Travay 3:6).

Travay 2:36–47

Sentespri a rann temwayaj sou verite levanjil yo nan kè m.

Lè timoun yo aprann rekonèt kijan Sentespri a pale avèk yo, y ap enspire pou yo koute ak aplike enspirasyon yo resevwa a.

Aktivite posib

  • Li Travay 2:36–37 ansanm. A kisa sa sanble lè Sentespri a di nou yon bagay nan kè nou?

  • Ansanm ak klas, fè yon afich avèk mo Kisa nou dwe fè? a ekri anlè li. Afiche l chak semèn, epi ajoute mwayen timoun yo ka aji selon sa yo aprann nan leson chak semèn yo.

  • Envite yo pou yo chèche bon bagay moun yo te fè apre yo te fin batize nan Travay 2:41–47. Ki bon bagay nou ka fè pou nou montre nou rekonesan pou don Sentespri a nou resevwa lè nou te batize a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo planifye yon fason yo ka Sèvi Pè Selès la nan ede yon manm fanmi yo semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Memorize yon ekriti. Chwazi yon pasaj ekri ou panse k ka ede timoun nan klas ou yo, tankou Travay 2:38 oubyen Travay 3:19, epi ede yo memorize yon fraz nan ekriti a. Èd vizyèl, mouvman men, oubyen jès ka ede yo sonje ekriti yo.

Enprime