Vini, Suiv Mwen
8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’


“8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’”Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“8–14 Jiyè. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Pòl sou wout Damas la

Se pou nou viv konsa, pa Sam Lawlor

8-14 Jiyè

Travay 6–9

‘Kisa w ta renmen m fè?’“

Kòmanse pa li Travay 6–9. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede w konprann chapit sa yo. Aktivite pou timoun ki pi piti yo nan plan leson sa a ka adapte pou timoun ki pi gran yo tou, e vice versa.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri non kèk nan moun yo pale nan Travay 6–9 yo sou tablo a—petèt Sayil oubyen Etyèn. Envite timoun yo pou pataje sa yo konnen osijè youn nan moun sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Travay 6–7

M ka suiv Jezikri nan defann sa ki byen.

Kisa timoun yo ka aprann nan men Etyèn sou yon vrè disip Jezikri?

Aktivite posib

  • Ede yo envante kèk jès pou akonpaye yon kantik osijè chwazi bon bagay, tankou “Défends le bien” (Chants pour les enfants, 81). Itilize Travay 7:51–60 pou di timoun yo kijan Etyèn te anseye sou Jezikri, menmsi sa te mete dirijan Juif yo an kòlè (gade “Chapit 57: Moun mechan yo touye Etyèn,” Istwa Nouvo Testaman, 150–51, oswa videyo korespondan an nan LDS.org). Kijan Etyèn te defann bon bagay?

  • Prezante timoun yo plizyè senaryo sou timoun ki te chwazi ant byen ak mal. Mande yo kisa yo t ap fè pou yo te ka defann sa ki byen.

Travay 8:26–39

Sentespri a enspire m pou m pataje levanjil la avèk lòt moun.

Filip te suiv enspirasyon Lespri a epi l te ede yon mesye Etyopyen ki t ap lite pou l te konprann ekriti yo. Ki leson w ka tire nan istwa sa a pou timoun w ap anseye yo?

Imaj
Filip k ap anseye Etyopyen an

Filip ap anseye Etyopyen an, pa Robert T. Barrett

Aktivite posib

  • Kole de chèz ansanm pou kreye yon charyo. Envite de timoun pou yo chita nan charyon an, youn ap reprezante Filip epi lòt la ap reprezante Etyopyen an. Apresa, rakonte ki fason Filip te anseye mesye ki te soti Etyopi a levanjil la.

  • Èske w janm konn santi Sentespri a di w pou w pataje levanjil la avèk yon moun, menmjan ak eksperyans Filip te fè nan Travay 8:29 la? Pataje eksperyans ou avèk timoun yo.

Travay 9:1–20

Lè m fè yon erè, Papa nou ki nan Syèl la envite m pou m repanti epi pou m chanje.

Lè Jezi te di Sòl pou l te sispann pèsekite Legliz Senyè a, Sòl te repanti imedyatman epi l te chanje. Kijan resi sa a ka ede timoun w ap anseye yo gen dezi pou yo chanje rapidman lè yo fè yon erè?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa konvèsyon Sòl la, ki nan Travay 9:1–20 an (gade “Chapit 59: Sòl aprann kiyès Jezi ye” Istwa Nouvo Testaman, 154–55, oubyen videyo korespondan an LDS.org).

  • Fè lis foto bagay ki chanje oubyen pote yon foto bagay ki ka chanje, tankou yon teta ki transfòme an krapo, oubyen pyebwa nan diferant sezon. Kisa k te chanje Sòl lè Jezi te parèt devan l lan?

  • Desine yon kafou sou tablo a. Envite timoun yo pou yo mansyone kèk kote yo ta renmen vizite, epi ekri yo anlè kafou a. Kisa k t ap rive si nou ta vire nan move wout la? Kijan repantans se tankou retounen sou bon wout la?

  • Mande timoun yo pou yo repete sa Sòl te di Senyè a: “Kisa w ta renmen m fè?” Kisa Senyè a vle pou nou fè?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Travay 6–7

M ap yon temwen Jezikri.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo aprann nan egzanp Etyèn ki kanpe kòm temwen Jezikri a?

Aktivite posib

  • Li Travay 6:5–15 ak 7:51–60 avèk yo. Ki fason Etyèn te yon temwen Jezikri? Envite youn oubyen plis nan timoun yo pou pretann yo se Etyèn epi di nan kisa yo kwè ak poukisa.

  • Envite yo pou yo chak pran tou pou yo li Travay 6:3–10 la, pou yo chèche ki kalite Etyèn te genyen ki te ede l sèvi.

  • Mande yo pou yo ede w panse ak kèk sitiyasyon kote yo ka kanpe kòm temwen Jezikri ak levanjil li a. Ede yo jwe wòl sou kèk sitiyasyon. Mande yo pou yo li Mozya 18:9. Fè yo remake ke youn nan pwomès nou fè nan batèm yo se pou n yon temwen Jezikri.

  • Ekri non Etyèn ak Filip sou tablo a. Anba non Etyèn nan, ekri ki fason nou ka egzanp pou lòt moun. Anba non Filip la, ekri ki fason nou ka pataje levanjil la avèk lòt moun. Kijan lefèt ke nou se yon egzanp disip Jezikri ka ede nou pataje levanjil la?

Travay 8:5–24

Prètriz la se yon kado presye Bondye ba nou.

Satan fè nou panse ke byen materyèl pote bonè. Kijan w ka itilize istwa Simon an pou ede timoun yo apresye bagay espirityèl tankou prètriz la ak benediksyon l yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa Simon an ki nan Travay 8:5–24 la (gade “Chapit 58: Simon ak Prètriz la,” Istwa Nouvo Testaman, 152–53 tou oubyen videyo korespondan an LDS.org). Poukisa nou pa ka achte prètriz la pou n ka genyen l? Kijan yon moun reyèlman resevwa prètriz la? (gade Atik Lafwa 1:5).

  • Bay timoun yo fo lajan, epi montre yo foto kèk bagay moun ka achte avèk lajan. Mande yo konbyen yo ta bay pou bagay sa yo avèk fo lajan yo a. Apresa, montre foto yon sentsèn, yon tanp (pou reprezante benediksyon tanp yo), yon batèm, ak lòt benediksyon nou resevwa atravè prètriz la. Eksplike ke don sa yo se don presye Bondye ba nou e nou pa ka achte yo avèk lajan.

Travay 9:1–20

Lè m fè yon erè, Papa nou ki nan Syèl la envite m pou m repanti epi pou m chanje.

Lè Jezi te di Sayil pou l te sispann pèsekite Legliz Senyè a, Sayil te repanti imedyatman epi l te chanje. Kijan istwa sa a ka ede timoun w ap anseye yo anvi chanje rapidman lè yo fè yon erè?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pliye yon moso papye an de. Mande yo pou yo ekri Anvan sou yon bò ak Apre sou lòt bò a. Li Travay 8:1–3; 9:1–2; ak 9:17–22 avèk yo, pandan n ap chèche mo ak fraz ki dekri Sayil anvan ak apre l te wè Senyè a.

  • Envite yon manm nan pawas la pou pataje istwa konvèsyon li ak kijan lefèt ke l se yon manm Legliz la chanje lavi li, jan lavi Sayil te chanje a.

  • Desine yon “wout Damas” sou tablo a. Envite timoun yo pou yo li Travay 9:6, 11, 18, 20–22, pandan y ap chèche kisa Sayil te fè pou l te repanti epi tounen vè Kris la, epi ekri bagay sa yo sou wout la. Kisa nou aprann nan men Sayil sou fason nou ka vin pi plis tankou Kris la?

  • Envite timoun yo pou yo desine pati yo pi renmen nan istwa konvèsyon Sayil la epi pataje desen yo fè a avèk klas la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo di fanmi yo ki aktivite yo te pi renmen nan klas la jodia ak sa l anseye yo.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Paregzanp, ou gen dwa li yon pasaj epi mande yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oubyen yon fraz espesifik ou ta renmen yo konsantre sou li (gade Anseye nan Anseye nan fason Sovè a, 20).

Enprime