Vini, Suiv Mwen
8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’


“8–14 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa w ta renmen m fè?’“Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“8–14 Jiyè. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Pòl sou wout Damas la

Se pou nou viv konsa, pa Sam Lawlor

8–14 Jiyè.

Travay 6–9

Travay 6–9: ”Kisa w ta renmen m fè?”

Kòmanse li Travay 6–9. Sigjesyon ki nan plan leson sa yo ka ede w idantifye kèk nan prensip ki enpòtan yo nan chapit sa yo, malgre w ka jwenn lòt pandan etid pèsonèl ou.

Ekri enpresyon ou

Si gen yon moun ki pa t sanble l te yon kandida pou konvèsyon, sete pwobableman Pòl—yon Farizyen ki te gen repitasyon pèsekite kretyen. Konsa, lè Senyè a te di yon disip ki te rele Ananyas pou l t al chèche Pòl pou l te ba l yon benediksyon, nou konprann poukisa Ananyas te ezite. Li te di: “Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè sen w yo” (Travay 9:13). Men Senyè a te konn kè Pòl ak potansyèl li, epi l te gen yon misyon l te prepare pou Pòl: “Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l pote non m devan Janti yo, ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.” (Travay 9:15). Konsa, Ananyas te obeyi, epi lè l te jwenn ansyen pèsekitè sa a, li te rele l “Frè Pòl” (Travay 9:17). Si Pòl te ka chanje si totalman konsa epi, si Ananyas te ka akeyi l si byen konsa, enben, èske nou ta dwe janm konsidere ke yon moun pa ka chanje—enkli noumenm?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Travay 6–8

Kè m bezwen “dwat devan Bondye.”

Yon legliz k ap grandi vledi ke l bezwen yon pi gwo kantite disip pou sèvi nan wayòm nan. Selon Travay 6:1–15, ki kalite Douz Apot yo t ap chèche nan moun ki t ap gen pou sèvi avèk yo yo? Pandan w ap li Travay 6–8 la, gade kijan kalite sa yo, ak lòt te demontre nan moun tankou Etyèn ak Filip. Kisa Simon te manke, e kisa nou ka aprann nan men l osijè dispozisyon nou pou nou chanje?

Èske gen yon bagay ou santi w pouse pou w chanje pou w ka gen asirans ke kè w “dwat devan Bondye”? (Travay 8:21–22). Nan ki fason opere chanjman sa a ta ka yon benediksyon pou ou pandan w ap sèvi Bondye a?

Travay 6–7

Reziste anba Sentespri a ka lakoz nou rejte Sovè a ak pwofèt li yo.

Dirijan Juif yo, malgre yo te gen responsablite pou prepare moun yo pou vini Mesi a, te rejte Jezikri epi yo te mande pou krisifye li akoz ògèy yo ak rechèch pouvwa yo. Kijan sa te fè rive? Etyèn te di yo: “Nou toujou ap reziste ak Sentespri a” (Travay 7:51). Kisa w panse reziste anba Sentespri a vledi? Poukisa reziste anba Sentespri a ka mennen nou rejte Sovè a ak pwofèt li yo?

Pandan w ap li Travay 6–7 la, chèche lòt mesaj Etyèn te anseye Juif yo. Kont ki atitid li te mete yo angad? Èske w detekte menm kalite atitid sa yo nan oumenm? Kisa pawòl Etyèn yo anseye w sou konsekans ki genyen nan reziste anba Sentespri a? Kijan w ka pi byen resevwa enspirasyon Sentespri yo epi suiv yo nan lavi w?

Gade videyo “Mati Etyèn nan” nan (LDS.org).

Travay 7:54–60

Apa Etyèn, ki lòt moun ki te mouri mati akoz temwayaj li konsènan Jezikri?

Etyèn se premye kretyen nou te konnen ki te mouri mati (yon moun yo touye poutèt kwayans li) apre Rezirèksyon Jezi a. Atravè syèk yo, gen anpil lòt Sen yo te touye tou paske yo pa t vle renye lafwa yo nan Jezikri. Yo mansyone kèk ladan yo nan 2 Istwa 24:20–21; Mak 6:17–29; Travay 12:1–2; Revelasyon 6:9–11; Mozya 17:20; Alma 14:8–11; Elaman 13:24–26; Doktrin ak Alyans 109:47–49; 135:1–7; ak Abraram 1:11. Se pwobab ke apre Rezirèksyon Sovè a, tout Apot yo te mouri mati, eksepte Jan.

Travay 8:26–39

Sentespri a ap ede m gide lòt moun al jwenn Jezikri.

Kisa w aprann osijè pataje levanjil la nan resi ki nan Travay 8:26–39 la? Kijan Sentespri a te ede Filip? Kijan pataje levanjil la avèk lòt moun fè w sanble ak yon gid? (gade Travay 8:31).

Travay 9:1–31

Lè m soumèt mwen anba volonte Senyè a, m ka vin yon enstriman nan men l.

Konvèsyon Pòl la sanble l te fèt trè vit; li te soti “tou dwat” nan mete kretyen yo nan prizon pou l t al nan preche Kris la nan sinagòg yo (Travay 9:20). Pandan w ap li istwa l la, mande tèt ou poukisa l te si dispoze pou l te chanje konsa. (Pou w li pwòp deskripsyon Pòl sou konvèsyon l lan, gade Travay 22:1–16 ak 26:9–18. Note ke nan epòk resi sa yo te fèt la, yo te chanje non Sol pou l te vin tounnen Pòl.)

Pandan ke se vre eksperyans Pòl la se pa yon bagay abityèl—pou pifò moun, konvèsyon se yon pwosesis ki pi long anpil—èske gen yon bagay ou ka aprann nan men Pòl osijè konvèsyon l lan? Kisa w aprann nan fason Ananyas ak lòt disip yo te reyaji devan konvèsyon Pòl la? Kisa w pral fè pou w aplike leson sa yo nan lavi ou? Ou gen dwa kòmanse mande nan lapriyè, jan Pòl te fè a: “Kisa w ta renmen m fè?” Oubyen, ou gen dwa ekri kesyon sa a kòm yon tit nan jounal ou epi ekri enpresyon ou resevwa atravè letan yo anba tit la.

Gade Dieter F. Uchtdorf, “Moun k ap tann sou wout Damas yo,” Ensign oswa Liahona, Me 2011, 70–77; “Wout Damas la” (video, LDS.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Travay 6:8–7:60

Konpare resi Etyèn nan nan Travay 6:8 ak Travay 7:51–60 a ak resi Sovè a nan Lik 23:1–46 al. Kijan Etyèn te suiv egzanp Sovè a?

Travay 7:51–60

Kijan Sentespri a te beni Etyèn lè yo t ap pèsekite l la? Kilè nou konn resevwa fòs nan men Sentespri a pandan moman difisil?

Travay 9:5

Kisa fanmi w panse “goumen kont pike lans yo” vledi? Yon lans sete yon bagay pwenti yo te itilize pou yo te kondui bèt yo. Anpil fwa, bèt yo te konn goumen lè yo te pike yo, sa k te konn lakoz pik la anfonse pi fon nan chè bèt la. Nan ki fason analoji sa a ka aplike a noumenm?

Imaj
Pyè leve Tabita soti anba lanmò

Tabita leve, pa Sandy Freckleton Gagon

Travay 9:32–43

Panse pou w envite manm fanmi yo pou yo desine foto sou istwa ki nan Travay 9:32–43 yo. Kisa yo aprann osijè vrè disip nan istwa Ene, Tabita, ak vèv Jope yo? Kijan yon moun ki ap “fè anpil bon zèv” ki ede lòt moun kwè nan Senyè a? (gade Travay 9:36, 42; “Chapit 60: Pyè retounen Tabita a lavi,” Istwa Nouvo Testaman, 156–57, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Konpare ekriti yo avèk lavi ou. Lè w ap li, reflechi sou fason istwa ak ansèyman nan ekriti yo aplike nan lavi ou. Paregzanp, kilè w konn santi w “ranpli ak Sentespri a” nan moman eprèv oswa pèsekisyon? (Travay 7:55).

Imaj
Lapidasyon Etyèn

Mwen wè Pitit Gason Lòm nan kanpe adwat Bondye, pa Walter Rane

Enprime