Vini, Suiv Mwen
15–21 Jiyè. Travay 10–15: ‘Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye’


“15–21 Jiyè. Travay 10–15: ‘Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“15–21 Jiyè. Matye 10–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kònèy k ap pale avèk Pyè

15–21 Jiyè.

Travay 10–15

“Pawòl Bondye a te repann epi l te miltipliye“

Li Travay 10–15 atantivman, pandan w ap kite tan pou Lespri a enspire w panse ak santiman. Kisa w ka aprann nan chapit sa yo?

Ekri enpresyon ou

Pandan ministè l nan mòtalite a, ansèyman Jezikri yo te souvan remete tradisyon ak kwayans moun yo te genyen depi lontan yo an kesyon; sa pa t sispann apre l te fin monte nan syèl la—apretou, li te kontinye ap gide Legliz li a pa revelasyon. Paregzanp, pandan lavi Jezi, disip li yo te preche levanjil la bay kèk grenn Juif sèlman. Men, tousuit apre Sovè a te fin mouri epi Pyè te vin pwofèt Legliz la, Jezikri te revele Pyè ke moman an te rive pou levanjil la te preche pou moun ki pa t Juif yo. Ide pou pataje levanjil la avèk Janti yo pa sitèlman etonan pou nou jodia, konsa, ki leson resi sa a gen pou nou? Petèt youn nan leson yo sèke chanjman sa a nan règ ak pratik yo—nan ansyen Legliz la ak nan Legliz jodia—vini pa revelasyon Senyè a bay dirijan l chwazi yo (Amòs 3:7; DA 1:38). Revelasyon kontini se yon karakteristik esansyèl vrè Legliz vivan Jezikri a . Menmjan ak Pyè, nou dwe dispoze pou n aksepte revelasyon kontini epi viv “selon tout pawòl ki soti nan bouch Bondye” (Lik 4:4), enkli “tout sa [l] te revele, ak tout sa l ap revele kounyea” ak “anpil gwo bagay enpòtan” li gen pou l revele “konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa 1:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Travay 10

“Bondye pa rejte pèsonn.“

Pandan dè jenerasyon, Juif yo te kwè ke fè pati “posterite Abraram,” oubyen pou yon moun se desandan dirèk Abram, sa te vledi ke moun sa a Bondye te aksepte (chwazi) li (gade Lik 3:8). Yo te konsidere tout lòt moun kòm Janti “impur” ke Bondye pa t aksepte (chwazi). Nan Travay 10 la, kisa Senyè a te anseye Pyè osijè moun li “aksepte”? Travay 10:35 Ki prèv ou jwenn nan chapit sa a ki fè w konnen Kònèy t ap mennen yon lavi dwat ki te akseptab devan Senyè a? Poukisa li enpòtan pou n konnen “Bondye pa rejte pèsonn” (vèsè 34), sa k vledi tout moun ka resevwa benediksyon levanjil yo si yo viv levanjil la? (gade 1 Nefi 17:35).

Menmjan ak Juif yo ki te gade moun ki pa t desandan Abraram yo mal yo, èske ou janm konn twouve w ap fè sipozisyon mechan oubyen mal enfòme osijè yon moun ki diferan avèk ou? Kijan w ka simonte tandans sa a? Sa ta enteresan si w ta eseye yon senp aktivite pandan pwochen jou yo: Chak fwa w rankontre yon moun, eseye panse nan tèt ou: “Moun sa a se yon pitit Bondye.“ Pandan w ap fè sa a, ki chanjman ou remake nan fason w panse sou lòt moun ak nan relasyon w avèk yo?

Gade D. Todd Christofferson, “Demere nan amou mwen,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 48–51; 1 Samyèl 16:7; “Revelasyon yo te bay Pyè pou l te pote levanjil la bay Janti yo” (videyo, LDS.org).

Travay 10; 11:1–1815

Pè Selès la anseye m liy pa liy atravè revelasyon.

Lè Pyè te fè vizyon yo dekri nan Travay 10 la, li te mal pou konprann ni toudabò epi li te “doute kisa [l] te vledi” (vèsè 17). Men, Senyè a te bay l yon pi gwo konpreyansyon paske l te chèche li. Lè w ap li Travay 10, 11, ak 15 la, gade kijan Pyè te vin plis konprann vizyon l lan atravè letan. Kijan w te chèche ak resevwa plis konpreyansyon nan men Bondye lè w te gen kesyon?

Travay 10, 11, ak 15 rakonte sitiyasyon kote Senyè a te dirije sèvitè li atravè revelasyon. Sa ka ede tou si w ta ekri kisa w jwenn konsènan revelasyon pandan w ap li chapit sa yo. Ki fason Lespri a pale avèk nou?

Gade “Revelasyon,” Gospel Topics, topics.lds.org; Ronald A. Rasband, “Kite Lespri a gide nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 93–96; “The Jerusalem Conference” (video, LDS.org).

Travay 11:26

Mwen se yon kretyen paske m kwè nan Jezikri epi m ap suiv li.

Kisa k enpòtan nan rele yon moun kretyen? (gade Travay 11:26). Kisa sa vle di pou ou si yo rekonèt ou kòm Kretyen oubyen pou w pran non Jezikri sou tèt ou? (gade DA 20:77). Reflechi sou siyifikasyon non moun. Paregzanp, kisa siyati w vle di pou ou? Poukisa non Legliz la enpòtan jodia? (gade DA 115:4).

Gade Mozya 5:7–15; Alma 46:13–15; 3 Nefi 27:3–8; M. Russell Ballard, “The Importance of a Name,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 79–82.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Travay 10:17, 20

Èske nou konn gen eksperyans spirityèl epi nan apre nou doute de sa nou te santi a oubyen de sa nou te aprann nan? Ki konsèy nou youn ka bay lòt ki ta ka ede nou simonte dout nou yo? (Gade Ronald A. Rasband, “Lest Thou Forget,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 113–15.)

Travay 12:1–17

Lè yo te mete Pyè nan prizon an, manm Legliz yo te reyini ansanm epi yo te priye pou li. Èske gen yon moun fanmi w santi l enspire pou l priye pou li, tankou yon dirijan Legliz la oubyen yon moun ki chè pou yo. Kisa sa vle di priye “san rete”? (Travay 12:5).

Imaj
Yo delivre Pyè nan prizon

Yo delivre Pyè nan prizon, pa A. L. Noakes

Travay 14

Pandan n ap li chapit sa yo ansanm, kèk nan manm fanmi an ta ka note kèk benediksyon disip yo ak Legliz la te resevwa, pandan ke kèk lòt ta ka note opozisyon ak eprèv yo te rankontre yo. Poukisa Bondye pèmèt bagay difisil rive moun ki jis?

Travay 15:1–21

Vèsè sa yo dekri yon dezakò ki te gen nan Legliz la sou kesyon pou te konn si yo te dwe mande Janti yo (moun ki pa t Juif yo) pou yo te fè sikonsizyon kòm siy alyans yo. Dezakò a te rezoud apre Apot yo te reyini ansanm pou yo te etidye sijè a epi apresa yo te resevwa yon repons enspire. Sa ka petèt yon bon okazyon pou w anseye fanmi ou ke menm chema a aplike jodia. Ansanm nan fanmi an, chwazi yon kesyon sou levanjil la ou ta renmen tout fanmi an jwenn repons pou li ansanm. Ansanm, chèche ide nan ekriti yo ak nan ansèyman pwofèt ak apot aktyèl yo. (Endèks pa sijè a ak endèks yo bay nan revi konferans Legliz yo ka ede tou.)

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Fè yon desen. Foto ka ede manm fanmi yo vizyalize ansèyman ak istwa nan ekriti yo. Ou gen dwa li kèk vèsè, epi apresa, bay manm fanmi yo tan pou yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa w li a. Paregzanp, yo gen dwa ta renmen desine vizyon Pyè a ki nan Travay 10 la.

Imaj
Kònèy ak Pyè

Vizyon mirakile santiryon women ki te rele Kònèy la ak vwayaj li te fè pou l t al rankontre Pyè a demontre ke “Bondye pa rejte pèsonn” (Travay 10:34).

Enprime