Vini, Suiv Mwen
22-28 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a aple nou pou n preche levanjil la’


“22-28 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a aple nou pou n preche levanjil la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)“ July 22–28.

“22-28 Jiyè. Travay 16–21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Pòl sou Ayewopaj la

22-28 Jiyè.

Travay 16–21

“Senyè a aple nou pou n preche levanjil la“

Pandan w ap li resi sou efò Pòl pou l te preche levanjil la, Lespri a gen dwa enspire w kèk panse ak santiman. Ekri enpresyon sa yo, epi fè plan pou w aji konfòm avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Pami dènye pawòl Senyè a te di Apot li yo, te gen kòmandman: “Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Anseye yo pou yo obsève tou sa m te kòmande nou” (Matye 28:19–20). Pandan ke Apot yo pa t fin atenn tout nasyon yo, Travay 16–21 montre ke Pòl ak konpayon l yo te fè yon pwogrè remakab nan etabli Legliz la. Yo te anseye moun, yo te batize yo, epi yo te ba yo don Sentespri a. Yo te akonpli mirak, yo te menm leve yon moun anba lanmò, epi yo te predi Gran Apostazi a (Travay 20:7–12; 20:28–31). Epi travay yo te kòmanse a kontinye avèk Apot vivan yo jodia, ansanm avèk disip devwe tankou oumenm, ki ap ede ranpli tach Sovè a te bay la nan fason Pòl pa t ap janm te imajine. Petèt ou konn kèk moun ki pa konn Pè Selès la ni levanjil li a. Petèt ou konn santi “ sa nui lespri [ou] anpil” pou w pataje sa w konnen sou li avèk yo (Travay 17:16). Si w suiv egzanp imilite ak bravou Pòl la nan pataje levanjil la, ou ka jwenn yon moun “Senyè a prepare kè l” (Travay 16:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Travay 16–21

Lespri a ap gide m nan efò m pou m pataje levanjil la.

Tout moun bezwen levanjil Jezikri a, men gen kèk moun ki pi prepare pase lòt pou resevwa li. Se youn nan rezon k fè nou bezwen Sentespri a lè n ap pataje levanjil la—pou gide nou al jwenn moun ki pare yo. Pandan w ap li Travay 16–21 an, note sitiyasyon kote Lespri a te gide Pòl ak konpayon l yo. Ki benediksyon yo te resevwa paske yo te suiv Lespri a? Kilè w konn santi Lespri a enspire w nan efò w pou pataje levanjil la?

Gade Alma 7:17–20; Dallin H. Oaks, “Pataje levanjil retabli a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 57–60; Preche levanjil mwen an, 92–93.

Travay 16–21

M ka pwoklame levanjil la nan tout sikonstans.

Mete yon moun nan prizon paske l ap preche levanjil la ta ka sanble yon rezon konpreyansib pou l ta sispann preche l. Men, pou Pòl ak Silas, sa te vin yon opòtinite pou yo te konvèti yon chèf prizon (gade Travay 16:16–34). Nan tout Travay 16–21 an, chèche lòt egzanp sou dispozisyon Pòl pou l te pataje temwayaj li avèk tout moun. Poukisa w panse li te si fouge ak si brav konsa? Kisa w aprann nan egzanp Pòl la?

Gen anpil lòt mesaj sou pataje levanjil la nan chapit 16–21 an. Si w byen gade, ou ka jwenn kèk ki espesyalman aplikab pou ou. Eseye li chapit sa yo avèk objektif sa a nan lespri w. Ki repons ou jwenn?

Travay 17:16–34

“Nou se ras Bondye.”

Nan Atèn, Pòl te jwenn yon pèp ki te gen opinyon ak pwenvi diferan. Yo te toujou ap chèche “tande nouvo bagay,” epi sa Pòl te gen pou ofri yo a te definitivman nouvo pou yo (gade Travay 17:19–21). Yo te konn adore anpil dye, enkli youn yo te rele “Bondye enkoni an” (Travay 17:23), men yo te kwè ke bondye yo pa t gen pouvwa ni fòs, yo pa t pèsonaj vivan ki pèsonifye, e sètènman pa Papa nou. Li sa Pòl te di pou l te ede yo vin konn Bondye, epi note karakteristik Bondye ou jwenn. Kisa sa vle di pou yon moun se “ras Bondye”? (Travay 17:29). Nan opinyon pa w, nan ki fason yon pitit Bondye diferan avèk lefèt pou n senpleman youn nan kreyasyon l yo? Si w te bò kote Pòl pandan l t ap temwaye a, kisa w t ap di ansyen Grèk yo apwopo Pè Selès la? Èske w konn yon moun ki ta ka benefisye nan tande temwayaj ou?

Imaj
Jezi ke kenbe yon ti gason

Valè yon nanm, pa Liz Lemon Swindle

Gade Women 8:16; 1 Jan 5:2; “Nou se ras Bondye” (video, LDS.org tou).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Travay 16–21

Pou ede fanmi w vizyalize sa k ap pase nan chapit sa yo, li ta amizan, pandan n ap li ansanm nan, pou n make vil Pòl te vizite yo sou yon kat (gade kat ki nan fen leson sa a).

Travay 17:11; 18:24–28

Kijan w ka vin plis tankou Sen yo nan ekriti yo? Ki fason etidye ekriti yo chak jou ka fè nou vin pi “nòb“. Travay 17:11 Kisa nou ka fè pou nou ka “puisan nan ekriti yo“? (Travay 18:24).

Travay 19:1–7

Ansèyman sa yo Pwofèt Joseph Smith te bay la ta ka ede fanmi ou pale sou Travay 19:1–7: “Batèm nan dlo a se yon mwatye batèm li ye, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a. … ‘Ne nan dlo ak nan Lespri’ vledi plonje nan dlo pou remisyon peche nou ak resevwa don Sentespri a nan apre. Yo te resevwa sa a pa enpozisyon dèmen nan men yon moun ki resevwa otorite a nan men Bondye” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith, 95). Ki benediksyon nou resevwa lè nou resevwa don Sentespri a?

Travay 19:13–20

Kisa k te enspire moun yo nan vèsè sa yo pou yo boule liv yo ki te vo “senkant mil pyès lajan” an? (Travay 19:19). Èske gen byen oubyen aktivite monden nou bezwen abandone pou n ka resevwa benediksyon selès yo?

Travay 23:32–35

Kilè fanmi w te fè eksperyans ansèyman Kris la ki di “gen plis bonè nan bay pase nan resevwa a”? (Travay 20:35). Èske gen yon moun ki ta ka benefisye nan yon sèvis, nan tan, oubyen nan don fanmi w ta ka bay? Antanke fanmi, diskite de kèk ide epi fè plan pou sèvi yon moun. Kijan nou santi nou lè nou sèvi lòt moun? Poukisa gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri enpresyon ou. Lè enpresyon oubyen ide yo vini, ekri yo. Paregzanp, ou gen dwa ekri panse w nan maj ekriti yo, nan app Libreri Levanjil la, oubyen nan yon jounal. “Lè w ekri enpresyon espirityèl ou yo, ou montre Senyè a ke w bay enspirasyon li valè, epi l ap beni w avèk revelasyon pi souvan” (Anseye nan fason Sovè a, 12; gade  30 tou).

Imaj
kat vwayaj misyonè Pòl yo

Vwayaj misyonè Apot Pòl yo

Enprime