Vini, Suiv Mwen
1–7 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou pral temwen m’


”1–7 Jiyè. Travay 1–5: ‘Nou pral temwen m’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

”1–7 Jiyè Travay 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
jou Pannkot la

Jou Pannkot la, pa Sidney King

1–7 Jiyè

Travay 1–5

“Nou pral temwen m”

Pandan w ap etidye Travay 1–5 la, Sentespri a ka enspire w pou fè w jwenn verite ki aplike a lavi ou. Note vèsè ki enpresyone w yo epi chèche opòtinite pou w pataje sa w aprann yo.

Ekri enpresyon ou

Èske w janm mande tèt ou kisa Pyè dwe te siman panse ak sa l dwe te santi lè limenm ak lòt apot yo “t ap gade syèl la” pandan Jezi t ap monte al jwenn Papa l la? (Travay 1:10). Legliz Pitit Gason Bondye a te fonde a t ap dirije pa Jezi kounyeya, pa lentèmedyè Pyè, pwofèt Bondye a. Tach pou dirije travay pou “anseye tout nasyon” an te repoze sou Pyè kounyeya (Matye 28:19). Men si l te santi l pa alawotè oubyen l te pè, nou pa jwenn okenn prèv sou sa nan liv Travay la. Sa nou jwenn ladan se egzanp temwayaj san krent ak konvèsyon, gerizon mirakile, manifestasyon espirityèl, ak gwo kwasans nan Legliz la. Kounyeya, avèk don Sentespri a, Pyè pa t pechè pwason san enstriksyon Jezi te jwenn sou bò lanmè Galile a ankò. Ni li pa t mesye dewoute ki t ap kriye avèk pil remò kèlke semèn anvan an, paske l te renye Jezi, Moun Nazarèt la.

Nan liv Travay la, nou li kèk deklarasyon puisan sou Jezikri ak levanjil li a. W ap wè kijan levanjil sa a ka chanje moun tou—enkli oumenm—pou fè yo vin tounen disip vanyan Bondye konnen yo ka ye a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Travay 1:1–8, 15–26; 2:1–42; 4:1–13, 31–33

Jezikri dirije Legliz li a atravè Sentespri a.

Liv Travay la rakonte efò Apot yo pou yo te etabli Legliz Jezikri a apre Sovè a te fin monte nan Syèl la. Byenke Jezikri pa t sou tè a ankò, li te dirije Legliz la pa revelasyon atravè Sentespri a. Reflechi sou fason Sentespri a te gide nouvo dirijan Legliz Kris yo pandan w ap repase pasaj ekriti sa yo: Travay 1:1–8, 15–26; 2:1–42; 4:1–13, 31–33.

Ki kèk lòt tach, apèl, oswa responsablite Senyè a ba nou? Kisa nou aprann nan eksperyans premye Apot sa yo sou fason nou ka apiye sou Sentespri a pou gide nou?

Gade Diksyonè Bib la, “Sentespri.”

Travay 2:1–18

Ki objektif don lang nan?

Yo pafwa dekri don lang nan tankou se pale nan yon lang diferan okenn moun pa konprann. Men, Pwofèt Joseph Smith te fè referans a evenman nan Travay 2 a pou l te klarifye ke don Lespri sa a, “yo ba nou l nan objektif pou n preche [levanjil la] pami moun nou pa konprann lang yo; tankou jou Pannkot la. … Objektif final [don] lang nan se pale avèk etranje” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2008], 383–84). Fèt Pannkot la, yon fèt juif, te atire Juif ki te soti nan anpil peyi pou y al Jerizalèm. Don lang nan te pèmèt vizitè sa yo konprann pawòl Pòl yo nan lang natif natal yo.

Travay 2:36–47; 3:13–21

Premye prensip ak òdonans levanjil yo ede m vin jwenn Kris la.

Èske w janm konn santi “kè [w] touche,” tankou kè Juif yo jou Pannkot la? (Travay 2:37). Petèt ou te fè yon bagay ou regrèt, oubyen, petèt ou senpleman anvi chanje lavi ou. Kisa pou nou fè lè nou gen santiman sa yo? W ap wè ki konsèy Pyè te bay Juif yo nan Travay 2:38. Note kijan premye prensip levanjil yo (enkli lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a—oubyen sa yo pafwa rele doktrin Kris la) te afekte konvèti sa yo, jan yo di nou nan Travay 2:37–47 la.

Ou gen dwa petèt deja batize e resevwa don Sentespri a, konsa, kijan w ka kontinye aplike doktrin Kris la? Reflechi sou pawòl Èldè Dale G. Renlund yo: “Nou gen dwa vin pafè si tout tan e totalman nou … egzèse lafwa nan [Kris] la, nou repanti, nou pran Sentsèn pou n renouvle alyans ak benediksyon batèm yo, epi n resevwa Sentespri a kòm konpayon konstan nou nan yon degre ki pi wo. Si nou fè sa, n ap vin plis sanble ak Kris la epi n ap kapab pèsevere jiskalafen, avèk tout sa sa enplike” (“Saints des derniers jours, continuez d’essayer,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 56).

Gade 2 Nefi 31; 3 Nefi 11:31–4127; Brian K. Ashton, “La doctrine du Christ,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 106–9.

Travay 3:19–21

Kisa “tan rafrechisman” ak “tan retablisman tout bagay” yo ye?

“Tan rafrechisman” an fè referans a Milenyòm nan, kote Jezikri pral retounen sou tè a. “Tan retablisman tout bagay” la fè referans a Retablisman levanjil la.

Travay 3; 4:1–31; 5:12–42

Disip Jezikri yo resevwa pouvwa pou yo akonpli mirak nan non li.

Mesye kokobe a te espere resevwa lajan nan men moun ki te vin nan tanp yo. Men sèvitè Senyè yo te ofri l pi plis toujou. Pandan w ap li Travay 3; 4:1–31; ak 5:12–42 la, reflechi sou fason mirak ki te suiv la te afekte:

Mesye kokobe a

Pyè ak Jan

Temwen yo ki te nan tanp lan

Gran prèt yo ak chèf yo

Lòt Sen yo

Gade videyo ”Pyè ak Jan k ap geri yon mesye ki te paralize depi nesans li” “Pyè k ap preche epi yo arete l” yo nan (LDS.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Travay 2:37

Nan ki okazyon nou konn santi “kè [nou] touche” lè yon moun t ap anseye levanjil la? Kisa santiman sa a vledi? Poukisa l enpòtan pou n mande tèt nou: “Kisa pou nou fè?”lè nou gen kalite santiman sa yo?

Travay 3:1–8

Nan kisa mesye nan tanp lan te beni nan yon fason diferan ak sa l te atann nan? Nan ki okazyon nou konn wè benediksyon Pè Selès yo vini nan fason nou pa atann?

Imaj
Pyè geri yon moun

Sa m genyen an, mwen ba ou li, pa Walter Rane

Travay 3:12–26; 4:1–21; 5:12–42

Kisa k enpresyone w nan fidelite Pyè ak Jan? Kijan nou ka brav nan temwayaj nou konsènan Jezikri?

Travay 4:32–5:11

Fanmi w gen dwa petèt ta renmen jwe wòl Ananyas ak Safira yo avèk kostim senp ak kèk pyès monnen. Ki leson nou aprann nan istwa sa a? Selon bezwen fanmi ou, ou gen dwa pale de onètete, de soutni dirijan Legliz yo, oubyen konsekrasyon.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Chwazi yon sijè. Fè chak manm fanmi yo pran tou pa yo pou yo chwazi yon sijè pou yo etidye ansanmm nan Travay 1–5.

Imaj
Jezi monte nan syèl la

Asansyon Senyè a, pa William Henry Margetson

Enprime