Vini, Suiv Mwen
15–21 Jiyè. Travay 10–15: ‘Pawòl Bondye a te simaye epi l te miltipliye’


“15–21 Jiyè. Travay 10–15: ‘Pawòl Bondye a te simaye epi l te miltipliye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

15–21 Jiyè. Travay 10–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kònèy k ap pale ak Pyè

15–21 Jiyè.

Travay 10–15

”Pawòl Bondye a te simaye epi l te miltipliye”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Travay 10–15. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann a ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede timoun yo pataje sa y ap aprann ak sa y ap fè eksperyans, ou gen dwa mande yo pou yo di kisa yo fè pou yo montre ke yo kwè nan Jezikri.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Travay 10:34–35

Papa nou ki nan syèl la renmen tout pitit li.

Yon doktrin fondamantal ke menm timoun piti yo ka konprann sèke nou chak se yon pitit Bondye epi li renmen tout pitit li.

Aktivite posib

  • Montre foto Kris la avèk timoun ki soti toupatou nan mond lan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 116) la pandan w ap li Travay 10:34–35. Eksplike ke nan epòk Pyè a, gen kèk moun ki te panse ke se sèlman kèk gwoup moun Bondye te renmen, men Pyè te aprann ke Bondye renmen tout pitit li, epi li vle tout aprann levanjil la.

  • Envite timoun yo pou yo fè foto tèt yo. Pataje temwayaj ou ke Pè Selès la renmen yo chak ak tout pitit li, kèlkeswa sa yo sanble oubyen ki kote yo soti.

  • Chante yon kantik sou renmen lòt moun avèk timoun yo—paregzanp, “Je viens vers toi” (Chants pour les enfants, 140–41). Envite yo pou yo pataje fason yo ka montre lanmou pou chak moun—menm pou moun ki diferan avèk yo—jan Jezi te fè a.

  • Mande paran chak timoun alavans pou pataje kèk nan kalite admirab pitit yo a genyen. Pataje repons yo nan klas la, epi temwaye ke Pè Selès la renmen chak pitit li.

  • Lonje dwèt sou chak timoun youn pa youn pandan w ap di, “Pè Selès la renmen [non timoun nan].” Fè timoun yo pran tan pou youn lonje dwèt sou lòt pandan y ap di fraz sa a.

Travay 11:26

Mwen se yon kretyen paske m kwè nan Jezikri epi m ap suiv li.

Timoun w ap anseye yo gen dwa konnen ke yo souvan rele manm Legliz yo Mòmon paske nou kwè nan Liv Mòmon an, men èske yo konnen nou se kretyen tou paske nou kwè nan Jezikri.

Aktivite posib

  • Li Travay 11:26 pou timoun yo. Eksplike ke yon moun ki kwè nan Jezikri epi ki suiv li, yo rele l kretyen, pa konsekan, nou se kretyen.

  • Chante “L‘église de Jésus Christ” (Chants pour les enfants, 77) avèk timoun yo. Kijan nou dwe aji nan legliz la, nan lekòl, ak lakay paske nou se disip Jezikri epi nou fè pati Legliz li a?

  • Fè timoun yo kolorye badj ki nan paj aktivite semèn sa a epi pou yo mete l.

Travay 12:1–17

Pè Selès la tande nou e li reponn priyè nou yo.

Istwa zanj lan k ap libere Pyè nan prizon an anseye avèk puisans ke Pè Selès la reponn priyè.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo jwe wòl istwa Pyè y ap libere nan prizon an ki nan Travay 12:1–17 pandan w ap rezime istwa a. Kijan Pè Selès la te reponn priyè moun ki t ap priye pou Pyè yo?

  • Chante yon kantik sou lapriyè—paregzanp, “Le front baissé” (Chants pour les enfants, 18)—epi envante jès pou ede timoun yo aprann kijan pou yo priye. Envite timoun yo pou yo pataje egzanp sou kèk bagay yo ka remèsye Pè Selès la pou yo ak kèk bagay yo ka mande l nan lapriyè.

  • Montre foto moun k ap priye, (gade, paregzanp, Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 111 ak 112) pandan w ap pataje eksperyans sou yon eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè w.

    Imaj
    yon fi ak yon tifi k ap priye

    Pè Selès la renmen nou epi li reponn priyè nou yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Travay 10:34–35; 15:6–11

”Bondye pa rejte pèsonn.”

Timoun w ap anseye yo bezwen konprann ke Pè Selès la renmen tout pitit li, kèlkeswa sa yo sanble, kèlkeswa ki kote yo soti, oubyen chwa yo fè.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo si yo ka di kiyès yon moun ye nan senpleman gade l oubyen devine ki kote l soti. Selon Travay 10:35, kijan Bondye detèmine si yon moun “agreyab pou li”?

  • Li Travay 10:34–35; 15:6–11 avèk timoun yo. Eksplike ke nan epòk Pyè a, Juif yo te panse Bondye pa t aksepte moun ki pa t Juif (moun sa yo rele Janti). Men Bondye te anseye Pyè ke Bondye renmen tout pitit li, ni Juif ni Janti. Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu,” (Chants pour les enfants,2–3). Envite timoun yo pou yo mete non yo chak lè yo tande je oubyen moi.

  • Envite yo pou yo pataje yon bagay unique sou yon lòt moun nan klas la. Eksplike yo ke ekspresyon: “Bondye pa rejte pèsonn” nan vledi Pè Selès la renmen tout pitit li, epi, paske l renmen yo, li vle yo tout tande levanjil la.

Travay 11:26

Yon kretyen se yon moun ki kwè nan Jezikri epi ki suiv li.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke pawòl yo ak aksyon yo montre ke yo se kretyen?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Travay 11:26; 3 Nefi 27:3–8; ak Doktrin ak Alyans 115:4. Ekri mo Kretyen an sou tablo a epi eksplike yo kijan li vledi moun ki konn “Kris” la. Mande yo selon yomenm, kisa sa vledi pou yon moun se yon kretyen.

  • Mande yo pou yo di non kèk diferan gwoup yo fè pati, tankou fanmi yo oubyen klas Primè a. Envite yo pou yo di ki rezon k fè yo rekonesan dèske yo se yon kretyen epi yo fè pati Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kijan nou ka montre lòt moun nou se kretyen?

  • Montre plizyè objè oubyen foto ki reprezante verite unique Legliz Jezikri a, tankou foto yon benediksyon prètriz. Mande yon timoun pou l chwazi youn nan bagay yo epi dekri kijan l se yon benediksyon nan Legliz nou an. Di yo byenke kretyen toupatou nan mond lan apatni a plizyè legliz diferan, noumenm nou fè pati menm Legliz Jezikri te etabli sou tè a.

  • Pase videyo “True Christianity” a nan (LDS.org). Envite yo pou yo desine kèk bagay yo ka fè pou yo ka vrè kretyen.

Travay 12:1–17

Lè m priye ak lafwa, Pè Selès la ap reponn.

Medite sou moman kote Pè Selès la te reponn priyè w. Kijan w ka itilize eksperyans sa yo pou anseye timoun yo ke Pè Selès la ap tande priyè yo epi l ap reponn yo nan moman pa l ak nan tan pa l.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo jwe wòl istwa zanj lan k ap delivre Pyè nan prizon an nan Travay 12:1–17 la pandan w ap rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo.

  • Mande yo sa yo panse fraz “priyè te fèt san rete” a vledi (Travay 12:5). Nan ki fason priyè moun yo te jwenn repons? Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè pèsonèl yo oubyen priyè yon manm fanmi yo. Ou gen dwa pataje yon eksperyans kote l te reponn priyè w nan yon fason ki te diferan avèk sa w te atann oubyen sa w te vle. Temwaye ke Bondye renmen nou, epi l ap reponn priyè nou nan fason ak nan moman ki pi bon pou nou an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Bay chak timoun yon foto oubyen yon objè pou yo mete lakay yo kòm yon rapèl pou manm fanmi an priye ansanm.

Amelyore ansèyman nou

Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè w mande timoun Primè yo pou yo respekte yon prensip, di yo ki pwomès Bondye fè moun ki respekte prensip sa a. Paregzanp, ou ka rann temwayaj konsènan benediksyon l pwomèt ke w te resevwa pandan w t ap chèche repons atravè lapriyè.

Enprime