Vini, Suiv Mwen
17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’


“17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la devan Pilat

Men Moun nan, pa Antonio Ciseri

17–23 Jen.

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

“Tout bagay fini”

Kòmanse preparasyon ou nan li Matye 27; Mrk 15; Lik 23; ak Jan 19. Priye pou w ka chèche konprann bezwen timoun yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Fè chak timoun kenbe yon foto w ap pran nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Pandan l kenbe foto a, chak timoun ka pataje yon bagay li konnen sou fason Jezi te mouri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 27:11–66; Lik 23; Jan 19

Paske Jezi te mouri pou mwen, mwen ka resisite.

Timoun piti yo gen dwa boulvèse pa resi sou Krisifiksyon Jezi a. “Chapit 52 a: Pwosè Jezi a” ak “Chapit 53 a: Jezi krisifye”nan Istwa Nouvo Testaman, 133–38 la, oubyen videyo korespondan yo nan (LDS.org) ka ba w yon bon modèl sou fason ou ka pi byen pataje istwa sa a avèk yo.

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pandan w ap rakonte yo jijman Jezi a, Krisifiksyon li, ak antèman li (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 57 ak 58 tou). Envite timoun yo pou pataje sa yo konnen apwopo evenman sa yo. Mete aksan sou lefèt ke nan twazyèm jou a, Jezi te resisite, ki vledi li te retounen a lavi.

  • Mande yo pou yo site kèk bagay paran yo fè pou yo, ke yo pa ka fè pou tèt pa yo. Montre yon foto Sovè a. Eksplike ke, gras avèk Jezi, nou ka resisite—yon bagay nou pa ka fè pou tèt pa nou.

  • Montre foto yon moun ou konnen ki mouri. Temwaye yo ke gras avèk Jezi moun sa a ap viv ankò.

Imaj
antèman Kris la

Antèman an, pa Carl Heinrich Bloch

Matye 27:26–37; Lik 23:34

Mwen ka padone lòt moun nan Jezi te padone yo a.

Kijan w pral fè pou ede timoun yo konprann kijan pou yo padone moun ki pa janti avèk yo, jan Jezi te fè a?

Aktivite posib

  • Dekri kijan sòlda yo pa t janti avèk Jezi (gade Matye 27:26–37), epi apresa li Lik 23:34. Eksplike ke lè nou padone lòt moun, nou abandone move santiman nou genyen pou yo epi nou montre yo lanmou.

  • Rakonte sitiyasyon kote yon moun di oubyen fè yon bagay ki pa janti. Envite timoun yo pou yo montre kijan yo t ap padone moun sa a.

  • Ekri mo oubyen fraz ki nan kantik “Aide-moi, Père” la, Chants pour les enfants,   p. 52 a, sou tablo a. Envite timoun yo pou yo chante chan an plizyè fwa, efase kèlke mo chak fwa jiskaske yo fin aprann tout chan an pa kè. Selon chan sa a, kimoun nou dwe padone? Kimoun ki ka ede nou lè sa difisil pou nou padone?

  • Chèche nan yon revi Zanmi oubyen Liahona ki resan, pou w ka jwenn yon istwa osijè yon timoun ki te padone yon moun. Rakonte timoun yo istwa a.

Lik 23:32–33, 39–43

Paske Jezi te soufri epi l te mouri pou mwen, mwen ka repanti epi jwenn padon.

Malgre timoun yo pi piti pase yuitan epi yo poko responsab, li enpòtan pou yo kòmanse aprann kijan pou yo repanti pou move chwa yo fè.

Aktivite posib

  • Rezime Lik 23:32–33, 39–43, epi montre yo de vòlè yo nan imaj 57 la nan Liv Ilistrasyon Levanjil la. Eksplike ke lè premye vòlè a t ap moke Jezi, dezyèm vòlè a te admèt ke l te fè yon bagay ki pa t bon—li te kòmanse repanti.

  • Li Doktrin ak Alyans 19:16 pou timoun yo. Poukisa Jezi te soufri pou nou?

  • Pase videyo “Bisiklèt klere a” ki nan (LDS.org). Eksplike ke Pè Selès la ak Jezikri kapab ede nou fikse peche nou ak erè nou yo epi resevwa padon.

  • Fè timoun yo trase mak lakrè sou tablo a pou reprezante move chwa. Apresa, mande yo pou yo efase tablo a pou yo ka reprezante repantans. Montre yon foto Sovè a, epi temwaye ke nou ka repanti gras avèk li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 27:11–66; Lik 23; Jan 19

Jezi te mouri pou mwen paske li renmen mwen.

Poukisa ou rekonesan dèske Jezi te mouri pou ou? Panse sou fason ou ka ede timoun yo konprann siyifikasyon sakrifis Sovè a te fè pou yo a.

Aktivite posib

  • Fè lis evenman ki nan Matye 27:11–66 yo (pou èd lè w ap fè sa, gade “Chapit 52 a: Jijman Jezi a” ak “Chapit 53 a: Jezi krisifye,” Istwa Nouvo Testaman, 133–38). Envite timoun yo pou yo etidye vèsè sa yo epi mete evenman yo nan lòd kòrèk la.

  • Pase videyo “Jezi kondane devan Pilat la” ak “Yo flajele Jezi e krisifye li” nan (LDS.org). Gade “Sakrifis Ekspyatwa a” tou nan LDS.org.) Poukisa Jezi te dispoze pou l te soufri pou nou?

  • Mande yon timoun pou l li Matye 27:54, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen osijè Jezi k ap ede yo konnen ke l se Pitit Bondye.

  • Mande yo kisa yo aprann osijè Krisifiksyon an nan chan “Voyez: Il meurt, le Rédempteur” Cantiques, no. 115 la, oubyen nan yon lòt chan sentsèn.

Matye 27:26–37; Lik 23:34

Mwen ka padone jan Jezi te padone a.

Sa ka difisil pou padone lòt moun. Timoun w ap anseye yo ap beni si yo suiv egzanp Sovè a pou padone tout moun nan.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo chak pran tou pa yo pou li konsènan sòlda yo ki pa t janti avèk Jezi a nan Matye 27:26–37 ak Jezi ki padone yo nan Lik 23:34 la. (Gade presizyon yo pote nan Tradiksyon Joseph Smith la nan Lik 23:34, referans c.) Kisa nou aprann nan egzanp Jezi a?

  • Ekri sou tablo a Kisa w ka fè pou w padone yon moun ki pa janti avèk ou? Fè timoun yo pran tou pa yo pou ekri ide yo sou tablo a, tankou Priye pou yo ka gen bon santiman pou moun nan oubyen Panse ak yon bon bagay sou moun nan.

  • Envite yo pou yo desine sitiyasyon kote yon moun pa janti ak kisa yo t ap fè pou padone moun sa a. Fè yo montre klas la sa yo desine yo.

Lik 23:32–33, 39–43

Paske Jezi te soufri e mouri pou mwen, mwen ka repanti epi jwenn padon.

Leson sa a se yon bon okazyon pou w temwaye ke, gras ak Jezikri, nou ka repanti pou peche nou epi jwenn padon.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li Lik 23:32–33, 39–43. Eksplike ke de moun ki te krisifye avèk Jezi yo sete de vòlè. Kijan youn ladan yo te montre ke l te kòmanse repanti?

  • Ekri fraz sa a sou tablo a: “Mwen ka jwenn padon lè m repanti gras avèk Ekspyasyon Jezikri a.” Bay timoun yo kèk endis pou ede yo ranpli pati vid yo.

  • Envite yon timoun pou l kenbe yon sache, epi ranpli l avèk ti wòch pandan lòt timoun yo ap site kèk move chwa yon moun ka fè. Ede yo konpare sache a avèk fado espirityèl nou pote lè nou peche. Ki fason repantans se tankou retire wòch yo nan sache a?

  • Itilize atik “Ou ka repanti e jwenn padon” an, (Zanmi, Out 2015, 10) pou w anseye timoun yo kijan pou yo repanti.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo panse a yon moun yo bezwen padone epi pran desizyon sou yon bagay yo pral fè pou montre moun sa a ke yo padone li.

Amelyore ansèyman nou

Aprann rekonèt revelasyon. Revelasyon souvan vini “liy apre liy” (2 Nefi 28:30), non pa tout alafwa. Pandan w ap priye ak medite sou ekriti yo ak plan leson sa a, w ap vin wè ke w ap resevwa ide ak enpresyon nenpòt ki moman ak nenpòt kote—pandan w apral travay, pandan w ap fè travay lakay ou, oubyen pandan w ap pale avèk fanmi w ak zanmi ou.

Enprime