Vini, Suiv Mwen
20–26 Me. Maye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, Wa w la ap vini’


“20–26 Me Maye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, Wa w la ap vini” Vini, Suiv Mwen—Pou Prim: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“20–26 Me. Maye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
yon mesye sou yon pyebwa pandan Jezi ap apwoche

Zache sou pyebwa Sycamore la, pa James Tissot

20-26 Me

Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12

“Gade, Wa w la ap vini”

Pandan w ap li Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; ak Jan 12, pote atansyon a enpresyon ou resevwa nan men Sentespri a. Konsilte “Satisfè bezwen timoun ki pi piti yo” nan kòmansman manyèl sa a pou w ka repase sa w dwe kenbe nan lespri ou lè w ap anseye prensip sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen osijè sa ki ilistre nan foto sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Lik 19:1–10

Pè Selès la ak Jezi konn non mwen.

Lè w ap li konvèsasyon ant Sovè a ak Zache a, ki mesaj ou jwenn ki ka itil timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Montre foto Zache anlè pyebwa Sycamore la (LDS.org). Ede timoun yo idantifye Zache epi di yo non li. Kreye jès pou timoun yo fè pandan w ap li istwa Zache ak Jezi a—paregzanp, kanpe sou pwent pye ou pou w ka wè yon foul moun oubyen fè tankou w ap grenpe nan yon pyebwa. Eksplike ke Sovè a te wè Zache epi li te rele l pa non li. Temwaye ke Sovè a konn chak pitit li epi li konn non yo tou.

  • Pote yon ankadreman foto vid nan klas la, oubyen fè youn sou papye. Envite chak timoun pou pran tou pa yo pou kenbe ankadreman an sou figi yo pandan lòt timoun yo ap di: “Papa nou ki nan syèl la ak Jezi konnen [non timoun nan].”

  • Envite timoun yo pou yo chak fè sanblan ke y ap monte yon pyebwa, jan Zache te fè a. Fè rès klas la di: “Pè Selès la ak Jezi konnen [non timoun nan].”

  • Chante ansanm “Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants, 2–3, epi mande timoun yo pou yo pote atansyon sou bagay ki ka pèmèt yo konnen ke Pè Selès la renmen yo.

Matye 21: 12–14

Tanp lan se yon lye sakre.

Temwayaj ou sou tanp kapab ede timoun w ap anseye yo konprann ke tanp lan se yon lye sakre.

Aktivite posib

  • Montre foto Jezi k ap netwaye tanp lan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 51), epi rakonte istwa a jan yo ekri l nan Matye 21:12–14 la. Ede timoun yo chèche lajan ak bèt yo nan foto a. Apresa eksplike yo poukisa Sovè a te vle moun ki t ap chanje kòb yo ak moun ki t ap vann bèt yo kite tanp lan.

  • Montre foto sou tanp (paregzanp, gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, 117–21), epi mande timoun yo pou yo di sa yo santi lè yo wè yon tanp. Di yo ke santiman sa yo se Sentespri a k ap di yo ke tanp lan se yon lye spesyal. Mande yo pou yo fè kòmsi yo te andedan tanp lan. Paregzanp, yo kapab chichote e chita avèk reverans. Chante ansanm “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants, 95, epi envite timoun yo pou yo fikse bi pou yo antre nan tanp yon jou.

Imaj
Tanp Fort Collins la nan Colorado

Tanp lan se kay Senyè a.

Matye 21: 28–32

Mwen ka obeyisan.

Papa nou ki nan syèl la vle pou nou obeyisan. Parabòl de pitit gason yo se yon opòtinite pou anseye enpòtans obeyisans.

Aktivite posib

  • Desine foto de tigason yo sou tablo a, epi itilize desen yo pandan w ap rakonte yo parabòl ki nan Matye 21:28–32la. Kiyès nan pitit gason yo ki te fè bon bagay la alafen? Mande timoun yo pou yo site sa yo kapab fè pou yo montre obeyisans yo lakay yo. Fè yo desine foto yomenm k ap fè youn nan bagay sa yo.

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans yo te fè lè yo te montre obeyisans pou paran yo oubyen pou yon lòt moun oubyen pou yon dirijan. Ki fason yo te beni paske yo te obeyisan? Kijan yo ka vin pi obeyisan nan lefiti?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Lik 19:1–10

Lè m chèche Sovè a, mwen jwenn ni.

Ou gen dwa itilize istwa Zache a pou ede timoun yo panse sou bagay yo kapab fè pou rapwoche yo de Sovè a.

Aktivite posib

  • Li Lik 19:1–10, fè yon poz chak fwa pou w diskite sou sa nou aprann osijè Zache. Kisa Zache te fè pou l te ka wè Jezi? Kijan l te reyaji lè Jezi te mande l pou l te desann sou pyebwa a? Mande chak timoun pou yo pataje yon rezon k fè yo ta renmen wè Jezi. Si Sovè a te vin nan vil ou a, kisa w t ap fè pou prepare ou?

  • Envite yo pou yo panse sou moun yo konnen ki ta ka petèt chèche wè Sovè a tankou Zache. Mande timoun yo kisa yo ta ka fè pou ede yon moun aprann konnen Sovè a.

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi Pè Selès la ak Jezikri te konnen yo e yo te renmen yo.

Matye 21: 12–14

Tanp lan se yon lye sakre ke m dwe respekte.

Kijan resi Sovè a k ap netwaye tanp lan ede w anseye timoun yo sou nati sakre tanp yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 21:12–14. Montre foto Jezi k ap netwaye tanp lan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 51), epi mande yo ki vèsè ki dekri sa k ap pase nan foto a. Mande yo pou yo desine a kisa tanp lan dwe te sanble anvan epi apre Jezi te fin pwòpte l la.

  • Envite yo pou yo di sa yo te santi lè yo te andedan yon tanp, lè yo te vizite lakou tanp lan, oubyen pandan yo t ap gade foto sou tanp. Kisa k te ede yo konnen ke tanp lan se yon lye sakre?

  • Envite youn oubyen plis nan jèn yo pou yo vin nan klas la pou pale sou kijan yo te prepare yo pou yo te antre nan tanp. Si yo t al nan tanp, mande yo pou yo pale sou fason yo te santi yo lè yo te nan tanp lan.

  • Koupe yon foto tanp fè l vin yon jwèt kastèt epi bay chak timoun yo yon pyès. Mande yo pou yo ekri yon bagay yo kapab fè pou yo prepare yo pou antre nan tanp nan do pyès kastèt yo a. Mande chak timoun pou pataje yon ide, ajoute pyès li a nan kastèt la.

Matye 23: 25–28

Mwen bezwen jis nan aksyon mwen ak nan dezi mwen.

Jezi te anseye skrib yo ak farizyen yo sou enpòtans pou yo vrèman viv levanjil la—non pa pretann ke yo se moun ki jis. Kisa k ta ka ede timoun yo konprann verite sa a?

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Matye 23:25–28 la avèk timoun yo, panse pou w ba yo definisyon mo ipokrit la nan Diksyonè Bib la: “Yon moun ki pretann li relijye men se pa vre.” Poukisa sa pa bon pou yon moun ipokrit?

  • Montre timoun yo yon vè ki pwòp sou deyò men ki sal andedan pou w ka ilistre metafò ki nan Matye 23:25 la. Kijan nou ka asire nou ke nou pwòp alenteryè?

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede timoun yo chwazi yon prensip oubyen yon aktivite pou yo pataje avèk fanmi yo lakay yo.

Amelyore ansèyman ou

Sipòte paran timoun yo. “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade Detewonòm 6:6–7 Lè w ap anseye timoun yo nan legliz la, chèche nan lapriyè pou w konn ki fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime