Vini, Suiv Mwen
13–19 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’


“13–19 Me . Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 20192019)

“13–19 Me . Matye 19–20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
travayè nan jaden an

13–19 Me.

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Kisa m manke ankò?

Li Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18, pandan w gen timoun w ap anseye yo nan lespri ou. Ekri enpresyon ou resevwa yo. Preparasyon ou ap pèmèt ou anseye timoun yo sa yo bezwen konnen nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di klas la yon bagay sou amou yo pou fanmi yo. Ou gen dwa menm mande paran timoun yo pou yo pote foto fanmi yo pou timoun yo ka montre klas la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Jan 3:1–10

Mak 10:6–8

Pè Selès la vle pou nou marye nan tanp epi pou nou gen fanmi etènèl.

Kijan timoun w ap anseye yo ka tire benefis nan aprann sou doktrin maryaj etènèl la? Li ta bon pou w ta fè referans a Fanmi: Yon Deklarasyon pou Mond lan”Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129).

Aktivite posib

  • Li Mak 10:6–8 pou timoun yo, epi montre foto yon koup moun marye. Mande yo pou yon montre gason an ak fi a lè yo tande w repete mo gason ak fi yo. Eksplike ke Pè Selès la prevwa ke se yon gason ak yon fi ki pou marye ansanm (gade Jenèz 1:27–28).

  • Montre foto yon fanmi ak yon tanp. Eksplike ke Pè Selès la vle pou nou sele avèk fanmi nou nan tanp pou nou kapab avèk yo pou tout tan. Sonje timoun ki gen paran ki poko sele yo.

  • Chante Un heureux foyer,”Chants pour les enfants, 198. Envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou tèt yo chak fwa yo chante “Je,” ‘mwen” “nou.” Ou gen dwa repete aktivite sa a plizyè fwa. Envite timoun yo pou yo pataje bagay amizan yo te fè avèk fanmi yo. Poukisa yo rekonesan pou fanmi yo?

  • Chante yon kantik sou tanp oswa fanmi, tankou Oh, j’aime voir le temple” oubyen Ensemble à tout jamais,”Chants pour les enfants, 95, 188. Fè timoun yo kenbe foto tanp oubyen foto fanmi, epi envite yo pou yo leve foto a anlè chak fwa yo mansyone “tanp” oubyen “fanmi.” Poukisa li enpòtan pou nou marye nan tanp?

Imaj
yon koup aje devan yon tanp

Maryaj etènèl fè pati plan Bondye a.

Mak 10:13–16

Jezi vle pou timoun yo vin jwenn ni pou l ka beni yo.

Istwa sa a bay opòtinite pou ede timoun yo santi konbyen Jezi renmen yo.

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa ou, rakonte istwa ki nan Mak 10:13–16 la. Ou gen dwa pase videyo “Kite timoun piti yo vin jwenn mwen” an (LDS.org). Nan ki okazyon timoun yo te santi amou Jezi pou yo? Rann timoun yo temwayaj ke Jezi remnen yo epi li vle beni yo.

  • Montre foto Kris la avèk timoun yo (Liv Ilistrasyon Levanjil la,no. 47). Eksplike ke si nou vle tankou timoun yo ki chita bò kot Jezi yo, nou ka suiv kòmandman l yo epi renmen li e renmen pwochen nou. Kisa timoun yo ka fè pou yo sanble avèk timoun ki chita bò kot Jezi yo?

  • Fè timoun yo fè desen yomenm Jezi ap beni (gade Mak 10:16).

Mak 10:17–22

Si nou obeyi kòmandman yo, nou ka jwenn lavi etènèl.

Jezi te anseye jenòm rich la ke, pou l jwenn lavi etènèl—yon lavi tankou sa Papa a genyen an—li dwe obeyi kòmandman yo.

Aktivite posib

  • Li istwa jenòm rich la nan Mak 10:17–22 avèk timoun yo. (Gade tou “Chapit 42: Jenòm Rich la,”Istwa Nouvo Testaman,105–6, oswa videyo korespondan an nan LDS.org.) Mande yo pou yo koute kisa Jezi te di jenòm nan pou l te fè ak kòman jenòm nan te reyaji.

  • Rakonte youn oubyen plizyè istwa sou timoun k ap mande paran yo konsèy ak direksyon men ki pa suiv yo ni obeyi yo. Kisa Pè Selès la mande nou pou nou fè? Kijan nou santi nou lè nou obeyi kòmandman l yo?

  • Pataje eksperyans kote ou te resevwa enspirasyon pèsonèl pou w fè yon bagay pou w ka amelyore.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Mak 10:6–8

Pè Selès la vle pou nou marye nan tanp epi pou nou gen fanmi etènèl.

Sa Jezi te anseye sou maryaj yo kapab ede timoun yo lè y ap rankontre mesaj kontradiksyon nan mond lan.

Aktivite posib

  • Mande youn nan timoun yo pou l li Mak 10:6–8 awotvwa. Eksplike ke atache a vledi “suiv” yon bagay oubyen “kenbe fèm” nan yon bagay. Poukisa li enpòtan pou mari yo ak madanm yo ini ansanm, pou youn remen lòt, epi pou yo travay antanke patnè?

  • Pataje deklarasyon sa a ki nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” epi ede timoun yo konprann kisa sa vledi: “Maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou moun ki premòtèl, ki mòtèl, epi se yon idantite ak yon objektif etènèl.”

  • Mande timoun yo pou yo ede w panse a repons pou kesyon tankou “Poukisa fanmi enpòtan nan legliz la?” oubyen “Poukisa li enpòtan pou nou marye nan tanp?” Chante ansanm “Ensemble à tout jamais,”Chants pour les enfants, 188. Pataje temwayaj ou sou maryaj ak fanmi etènèl avèk timoun yo. Envite yo pou yo pataje temwayaj yo tou.

  • Envite chak timoun pou yo li yon ekriti nan lis sa a: Mak 10:6–8; 1 Korentyen 11:11; DA 42:22; 131:1–4; ak Moyiz 3:18, 21–24. Kisa ekriti sa yo anseye osijè maryaj?

Mak 10:17–22

Jezi ka ede m konnen sa m bezwen fè pou m pwogrese.

Jenòm rich la te chèche Jezi epi li te resevwa enstriksyon espesifik ki te destine pou limenm espesyalman. Kijan w ka ankouraje timoun yo pou yo chèche menm kalite gidans sa a nan lavi pa yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo jwenn yon vèsè nan Mak 10:17–22 ki dekri foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Eksplike ke konsèy Jezi te bay jenòm nan te pèsonèl, e nou tout ka resevwa direksyon pèsonèl nan men Senyè a atravè Lespri a.

  • Li ansanm Mak 10:17–22. Envite timoun yo pou yo ekri kòmandman Sovè a te mande jenòm rich la pou l obeyi yo sou tablo a (gade vèsè 19). Ki lòt bagay li te gen pou l fè? (gade vèsè 21). Ankouraje timoun yo pou yo panse sou kèk bagay yo ta kapab bezwen kòmanse fè oubyen ke yo bezwen sispann fè pou yo ka suiv Jezi. Ki fason nou ka dekouvri sa Jezi vle nou fè?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo poukisa yo rekonesan pou fanmi yo, petèt nan ekri yon ti mo pou yo bay paran yo oubyen nan pataje temwayaj yo konsènan fanmi pandan sware familyal.

Amelyore ansèyman nou

Pote atansyon a timoun yo. Ki fason timoun nan klas ou yo reyaji nan aktivite aprantisaj yo? Si yo pa sanble yo enterese, petèt se moman pou w eseye yon lòt aktivite oubyen pou w fè yon ti pwomnad an silans avèk yo. Yon lòtbò, si w remake timoun yo patisipe epi enterese nan yon sèten pati nan leson an, ou pa dwe santi w oblije kontinye senpleman pou asire w ke w kouvri tout pwen yo nan leson an.

Enprime