Vini, Suiv Mwen
Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’


“Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske mwen jwenn brebi m nan ki te pèdi a’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 20192019)

“Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
yon mesye k ap anbrase pitit gason li

Anfan Pwodij la, pa Liz Lemon Swindle

Me 6–12

Lik 12–17; Jan 11

“Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a

Nan lapriyè, li Lik 12–17 ak Jan 11, pandan w ap chèche wè kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann verite yo ki nan chapit sa yo epi fè yo santi amou Pè Selès la pou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Raple timoun yo kèk nan parabòl ak istwa nou jwenn nan Lik 12–17 ak Jan 11 yo, epi envite yo pou yo chwazi youn ladan yo oubyen desine yon foto li.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Lik 15

Papa nou ki nan Syèl la vle tout pitit li yo retounen al jwenn ni.

Petèt ka gen timoun nan klas ou a ki pa vini regilyèman nan Primè. Kijan w ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo lonje lamen ba yo avèk amou?

Aktivite posib

  • Bay yon timoun yon pyès monnen, bay yon lòt foto yon brebi, epi bay yon lòt yon foto anfan pwodig la (LDS.org). Rakonte yo twa parabòl ki nan Lik 15 yo epi envite yo pou yo montre pyès monnen an oubyen foto a lè w mansyone li. Ou gen dwa envite timoun yo pou youn rakonte lòt parabòl yo nan pwòp mo pa yo.

  • Mande yo pou yo pale de yon lè kote yo te pèdi yon bagay. Eksplike yo ke moun kapab pèdi spirityèlman lè yo pa santi amou Bondye oubyen lè yo vire do ba li. Temwaye ke parabòl sa yo anseye nou ke Bondye vle pou nou ede moun ki pèdi yo retounen vin jwenn ni.

  • Envite timoun yo pou yo panse a lòt timoun ki pa vin nan Primè yo. Ede yo ekri ti nòt pou yo ka envite timoun sa yo vini nan Primè aoubyen nan yon aktivite Primè. Ki lòt fason nou ka ede timoun sa yo santi amou Pè Selès la pou yo?

Lik 17:11–19

Mwen ka montre lanmou m pou Pè Selès la lè m rekonesan pou benediksyon m yo.

Nan ki fason istwa dis lepre yo ankouraje timoun yo pou yo rekonesan?

Aktivite posib

  • Rakonte istwa dis lepre yo Jezi te geri yo. Montre foto ki nan plan leson semèn sa a ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite timoun yo pou yo konte sou dwèt yo jiska dis. Apresa mande yo pou yo bese nèf dwèt pou montre lepre a ki te di Jezi mèsi a. Ki lè yo fin eksprime gratitid yo pou yon zanmi oubyen yon fanmi yo?

  • Envite chak timoun pou yo montre yon bagay yo rekonesan pou li epi fè rès timoun yo nan klas la devine kisa l ye. Mande timoun yo pou yo di ki fason nou ka montre Pè Selès la ke nou rekonesan pou benediksyon nou yo.

Jan 11:1–46

Nou kwè ke Jezi se Pitit Gason Bondye.

Mat, ki sete sè Laza, te di Jezi: “Mwen kwè ou se Kris la, Pitit Gason Bondye a” (Jan 11:27). Istwa Mari, Mat, ak Laza a ka fòtifye temwayaj timoun yo sou Jezikri.

Aktivite posib

  • Rezime istwa Jezi k ap leve Laza soti anba lanmò a (gade tou “Chapit 43: Jezi k ap fè Laza retounen a lavi,”Istwa Nouvo Testaman,107–9, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org) epi montre yon branch bwa ki mouri ak yon plant ki vivan. Rann temwayaj ke, gras ak pouvwa Jezikri, moun ki mouri yo ap resisite epi yo pral viv pou tout tan.

  • Ede timoun yo aprann fraz Jezi te di Mat la pa kè: “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a” (Jan 11:25). Eksplike yo ke, gras ak Rezirèksyon Sovè a, nou pral wè moun nou renmen ki mouri yo ankò.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Lik 15

Mwen ka ede Jezi jwenn brebi pèdi l yo.

Timoun yo gen dwa pa rann yo kont ke gen lòt timoun nan klas la ki pa vin nan Primè. Kijan w ka fè yo lonje lamen bay timoun sa yo?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou l li parabòl brebi pèdi a oubyen parabòl pyès kòb ki pèdi a an silans, nan Lik 15:1–10epi pataje sa yo aprann.

  • Ekri non sa yo sou tablo a: papa, pi gran pitit gason an, ak pitit ki pi jèn nan. Pase videyo “Anfan Pwodig” la (LDS.org) epi fè yon poz tanzantan pou timoun yo ka ekri kèk nan sa yo santi sou moun y ap pale yo sou tablo a.

  • Mande yon timoun pou l kite sal la pandan lòt yo ap kache yon pyès lajan oubyen yon brebi an papye. Fè timoun nan retounen epi chèche pyès lajan an oubyen brebi an papye a. Raple yo ke moun ka pèdi benediksyon levanjil yo. Envite yo pou yo sigjere fason yo ka lonje lamen bay kalite moun sa yo. Chante avèk timoun yo “Au Berger elles sont chères,” Cantiques, no. 142, epi temwaye de lajwa nou santi lè moun retounen vin jwenn Bondye.

  • Eksplike yo ke Jezi te itilize parabòl brebi egare a, pyès lajan ki te pèdi a, ak anfan pwodig la pou reprezante moun ki “pèdi” paske yo pa jwenn benediksyon levanjil yo. Envite timoun yo pou yo panse ak moun yo konnen ki pa al legliz. Kisa yo ka fè pou ede moun sa yo santi lanmou Pè Selès la pou yo?

Imaj
Jezi avèk brebi a sou zepòl li

Brebi egare, pa Liz Lemon Swindle

Lik 17:11–19

Mwen ka montre lanmou m pou Pè Selès la lè m rekonesan pou benediksyon m yo.

Istwa dis lepre yo gen dwa se yon bon fason pou fè timoun yo eksprime rekonesans yo pou Pè Selès la pou benediksyon yo resevwa yo.

Aktivite posib

  • Li istwa dis lepre a ansanm. Ki fason lepre ki te di mèsi a te beni poutèt rekonesans li? Poukisa li enpòtan pou nou remèsye Bondye pou benediksyon nou yo?

  • Envite timoun yo pou yo fè lis bagay yo rekonesan pou yo, ki kòmanse pa chak lèt nan non yo.

  • Mande yo pou yo ekri ti nòt pou di Pè Selès la mèsi pou benediksyon li ba yo. Yo gen dwa mete ti nòt sa yo bò kabann yo pou raple yo pou yo eksprime rekonesans yo lè y ap priye.

Jan 11:1–46

Nou kwè ke Jezi se Pitit Gason Bondye.

Kijan ou ka itilize istwa Mari, Mat, ak Laza a pou ede timoun yo konnen, jan Mat te konnen an, ke Jezi se “Kris la, Pitit Gason Bondye a”? Jan 11:27).

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a kèk deklarasyon moun yo te fè nan Jan 11. Envite timoun yo pou yo devine kimoun ki te fè chak deklarasyon sa yo, epi mande yo pou yo gade nan Jan 11 pou yo ka tcheke repons yo. Kisa yo t ap santi si yo sete Jezi, Mat, Mari, oswa Laza? Kijan lefèt ke nou kwè nan Jezi a kapab ede nou lè nou tris oubyen lè nou pè?

  • Li temwayaj Mat la, ki nan Jan 11:20–27 la. Mande timoun yo pou yo chèche mo ak fraz ki montre ke Mat te gen lafwa. Kisa nou ka fè pou nou gen lafwa lè sa difisil?

  • Ede yo memorize Jan 11:25. Eksplike yo ke tout moun ap resisite, men se sèl moun ki jis yo k ap resevwa lavi etènèl e ki pral viv avèk Pè Selès la ak Jezikri ankò.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Bay timoun yo papye oubyen yon ti kanè yo ka itilize pou yo ekri oubyen desine bagay yo santi yo rekonesan pou yo pandan tout semèn nan.

Amelyore ansèyman nou

Repetisyon se kle aprantisaj. Timoun yo ka benefisye anpil lè yo tande yon prensip levanjil oubyen lè yo fè yon aktivite plis pase yon fwa. Eseye refè aktivite yo nan plizyè fason diferan.

Enprime