Vini, Suiv Mwen
29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘Mwen se Bon Bèje a’


“29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘Mwen se Bon Bèje a’Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“29 Avril–5 Me. Jan 7–10,” Vini Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la ak fi yo te kenbe nan adiltè a

Moun ki san peche a, pa Liz Lemon Swindle

29 Avril–Me 5

Jan 7–10

“Mwen se Bon Bèje a”

Pandan w ap li Jan 7–10, panse avèk timoun w ap anseye yo. Anpil nan ide yo bay pou timoun ki pi gran yo nan plan sa a kapab adapte pou timoun ki pi piti yo tou, oubyen vice versa.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te fè semèn ki sot pase a pou yo te sanble ak bon Samariten an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jan 7:14–17

Kenbe kòmandman yo ap ede m konnen si yo vrè.

Jezi te anseye ke nou ka akeri yon temwayaj konsènan verite li te anseye yo pandan n ap viv yo. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo ke, lapè nou santi lè nou obeyi kòmandman yo ede nou konnen ke kòmandman yo vrè?

Aktivite posib

  • Rezime Jan 7:17 avèk mo timoun yo ka konprann. Ede yo konnen ke lè nou obeyi kòmandman yo, sa ede nou santi nou pi pwòch Jezikri, petèt nan chante ansanm “Pour trouver la paix” oswa “Choisir le bien,” Liv Chan pou timoun yo, 68-69, 82-83. Mande timoun yo pou yo koute fason n ap beni si nou kenbe kòmandman yo.

  • Pataje yon eksperyans kote ou te aprann ke sete Bondye ki te bay yon kòmandman paske w te respekte li, tankou peye dim oubyen padone yon moun ki pa janti avèk ou. Envite timoun yo pou yo panse a yon eksperyans yo te fè lè yo te obeyi yon kòmandman. Mande “Kijan ou te santi w apre w te fin obeyi?”

  • Seleksyone kèk nan kòmandman yo epi fè desen de kalite foto senp ki reprezante chak kòmandman. Mete tout foto yo fas anba atè a epi envite timoun yo pou yo chèche matche kòmandman yo. Temwaye de enpòtans kòmandman yo ak ki fason sa ka fòtifye temwayaj nou lè nou suiv yo.

Jan 8:29

Jezikri te obeyi Papa li.

Jezikri te toujou fè sa k te fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Kijan nou ka ede timoun yo jwenn mwayen pou yo suiv egzanp li?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo repete sa Jezi te di apwopo Papa nou ki nan Syèl la nan Jan 8:29: “Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” Mande yo pou yo pataje sa Jezi te fè ki te fè Pè Selès la kontan. Montre yo kèk foto ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la pou ba yo ide.

  • Mande yo kisa k fè yo kontan. Epi mande yo kisa yo ka fè semèn sa a pou fè yon manm fanmi oubyen yon zanmi kontan. Envite yo pou yo desine tèt yo k ap fè aktivite sa yo pou pote lakay yo pou raple yo.

  • Envite paran youn nan timoun yo pou pataje yon eksperyans kote timoun nan te fè yon bagay ki te fè paran an kontan. Fè timoun nan di kisa l te santi.

Jan 10:1–18

Jezi konnen mwen epi li renmen mwen.

Parabòl bon bèje a ka ede timoun yo konprann ke Jezi renmen yo epi li konn kiyès yo ye.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo desine yon foto ki reprezante yon bagay nan parabòl bon bèje a, tankou brebi, yon vòlè, oswa yon lou. Li Jan 10:1–18 pou yo, epi mande yo pou yo leve foto yo a lè yo tande w li yon bagay sou sa yo te desine a. Eksplike ke menmjan “bon bèje” a gide twoupo l la epi renmen l lan, se konsa Jezi renmen nou e gide nou pou n retounen al jwenn ni. Abiye youn nan timoun yo an bèje, epi fè lòt timoun yo di kijan Jezi se tankou yon bèje pou nou.

  • Montre foto Jezi ak brebi yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Kijan nou fè konnen Jezi renmen brebi yo? Kijan nou ka wè brebi yo renmen Jezi?

  • Ede timoun yo fini paj aktivite pou semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jan 7:14–17

Kenbe kòmandman yo ap ede m konnen ke yo se verite.

Oumenm ak timoun w ap anseye yo te petèt fè eksperyans viv verite levanjil yo e aprann ke yo se verite. Kijan w ka bati sou eksperyans w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Ekri chak vèsè nan Jan 7:14–17 la sou moso papye diferan epi montre yo an dezòd. Mande timoun yo pou yo mete yo nan lòd kòrèk la epi tcheke Jan 7:14–17 pou yo ka wè si yo gen rezon. Envite yo pou yo divize an de epi pataje sa yo konprann sou chak vèsè yo avèk patnè yo a. Ki fason obeyi kòmandman Bondye yo te ede yo konnen kòmandman yo se verite?

  • Pataje egzanp nan ekriti yo ki montre kijan moun yo te beni paske yo te viv verite levanjil yo, tankou Danyèl (gade Danyèl 6) oswa Nefi (gade 1 Nefi 3–4).

  • Kèlke jou anvan klas la, envite youn nan timoun yo pou l ekri pou rakonte yon fwa kote l te akeri yon temwayaj sou yon kòmandman paske l te obeyi li. Pandan klas la, mande l pou l pataje sa l te ekri a.

Jan 8:31–36

Laverite kapab fè nou lib.

Pandan timoun yo ap grandi, y ap rankontre moun ki kwè ke viv levanjil la se yon bagay ki limite yo. Kijan w ka itilize Jan 8:31–36 pou opoze a deklarasyon konsa?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Jan 8:31–36 epi di kisa yo panse savle di pou yon moun se esklav peche. Kijan ansèyman Jezi yo ede nou vin lib?

  • Mande youn ladan yo pou ede w woule yon kòd, yon foula, oubyen yon kravat otou ponyèt ou pou demontre kijan nou vin liye anba peche lè nou komèt li tout tan san nou pa repanti.

  • Montre yon kadna pou reprezante peche ak yon kle pou reprezante kijan verite levanjil yo ka libere nou. Paregzanp, konesans nou sou Sakrifis Ekspyatwa Sovè a ka ba nou libète pou nou repanti epi jwenn padon pou peche nou. Oubyen konesans sou Pawòl Sajès la kapab ba nou libète pou nou evite adiksyon.

Imaj
Kris la k ap anseye nan tanp lan

Jezi te anseye: “Laverite ap rann nou lib” (Jan 8:32).

Jan 10:1–18

Jezi tankou yon bèje pou nou.

Pandan w ap etidye parabòl bon bèje a, chèche verite li anseye sou relasyon nou avèk Sovè a. Kijan konnen verite sa yo ka yon benediksyon pou timoun yo?

Aktivite posib

  • Ekri bon bèje ak anplwaye sou tablo a. Eksplike ke yon anplwaye se yon moun yo peye pou fè yon djòb. Mande timoun yo pou yo fè lis diferans yo jwenn nan Jan 10:1–18 la ant yon bon bèje ak yon anplwaye. Poukisa ou ta prefere suiv bon bèje a pase anplwaye a?

  • Desine oubyen montre foto yon pòt. Li Jan 10:7–9 ansanm, epi mande timoun yo kijan Jezi se tankou yon pòt. Daprè vèsè 9 la, ki benediksyon moun ki “antre nan” pòt yo resevwa? Kijan nou antre nan pòt Jezi ouvri pou nou an?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisan lakay

Ede timoun yo reflechi sou yon kòmandman yo ka obeyi pi totalman. Mande yo pou yo eseye obeyi kòmandman sa a pandan semèn k ap vini an.

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki enspire. Poze kesyon ki envite timoun w ap anseye yo fè plis pase rapòte bagay ki pase. Olyesa, ankouraje yo pou yo rann temwayaj sou verite levanjil yo pito. Paregzanp, si w ap pale de kòmandman yo, ou gen dwa mande yo pou yo di kijan obeyi kòmandman yo te pote benediksyon pou yo.

Enprime