Vini, Suiv Mwen
29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘Mwen se Bon Bèje a’


“29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘Mwen se Bon Bèje a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“29 Avril–5 Me. Jan 7-10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la ak fi yo te kenbe nan adiltè a

Moun ki san peche a, pa Liz Lemon Swindle

29 Avril–Me 5

Jan 7–10

“Mwen se Bon Bèje a”

Pandan w ap li Jan 7-10 la, ou ka resevwa enpresyon nan men Sentespri a sou prensip doktrinal yo ki nan chapit sa yo. Ekri enpresyon sa yo, epi fè plan pou w aji konfòm avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Byenke Jezikri te vin pote “lapè [ak] bòn volonte pami lèzòm” (Lik 2:14), te gen “yon divizyon pami foul moun yo akoz limenm” (Jan 7:43). Moun ki te temwen menm evenman ki te pase yo te rive nan konklizyon diferan konsènan kiyès Jezi te ye. Genyen ki te di: ”Li se yon bon moun,” pandan ke lòt te di “Li detounen moun yo” (Jan 7:12). Lè l te geri yon mesye malad nan jou Saba a, gen moun ki te di: “Mesye sa a se pa moun Bondye, paske l pa respekte jou Saba a.” pandan ke lòt te mande: “Kijan yon moun ki se yon pechè ka fè kalite mirak sa yo? (Jan 9:16). Men, malgre tout konfizyon sa yo, moun ki t ap chèche laverite yo te rekonèt pouvwa pawòl li yo, paske, jan yo di, “Pa janm gen yon moun ki pale tankou mesye sa a” (Jan 7:46). Lè Juif yo te mande Jezi pou l te “di nou klèman” si l sete Kris la, Li te revele yon prensip ki ka ede nou distenge ant laverite ak erè. Li te di: “Brebi m yo tande vwa mwen,” “epi m konnen yo, epi yo suiv mwen” (Jan 10:27).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jan 7:14–17

Si m viv selon verite Jezikri anseye yo, m ap vin konnen yo se verite.

Juif yo te etone dèske Jezi te konn sitèlman bagay paske li pa t save (gade vèsè 15)—omwen, pa nan fason yo te konnen yo. Nan repons Jezi a, li te anseye yon fason diferan pou yon moun konnen laverite ki disponib pou tout moun, kèlkewa nivo edikasyon yo oswa orijin yo. Selon Jan 7:14–17, kijan w ka vin konnen doktrin Jezi te anseye a se verite? Kijan pwosesis sa a ede w devlope temwayaj ou konsènan levanjil la?

Jan 8:2–11

Mizèrikòd Sovè a disponib pou tout moun.

Pandan l t ap pale sou konvèsasyon ant Sovè a ak fi yo te pran nan adiltè a, Èldè Dale G. Renlund te di: “Asireman, Sovè a pa t ekskize adiltè. Men li pa t kondane fi a nonplis. Li te rekòmande l pou l te ranje lavi li. Konpasyon ak mizèrikòd Sovè a te pouse l pou l chanje. Tradiksyon Joseph Smith de Bib la temwaye de konvèsyon fi sa a: ‘Epi fi a te glorifye Bondye apati lè sa a, epi li te kwè nan non li’ [gade Jan 8:11, referans c]” (“Bon Bèje nou an,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 30).

Nan ki okazyon ou te santi w tankou fi a, kote w te resevwa mizèrikòd olye de kondanasyon nan men Sovè a? Èske w konn menmjan ak doktè lalwa yo ak Farizyen yo, pou w akize oubyen jije lòt moun menm lè w pa san peche? (gade Jan 8:7). Ki lòt bagay ou ka aprann nan fason Sovè a te pale avèk doktè lalwa yo ak Farizyen yo ak fi yo te kenbe nan adiltè a? Kisa w aprann sou padon Sovè a pandan w ap li vèsè sa yo?

Jan 8:58–59

Poukisa Juif yo te ofanse lè Jezi te di: “Anvan Abraram te fèt, m te egziste”?

“Je suis” se tèm Jewova te itilize pou l te idantifye tèt li bay Moyiz, jan sa ekri nan Egzòd 3:14 la. Konsa, lè Sovè a te di: “Je suis” a, li te idantifye tèt li kòm Jewova, Bondye Ansyen Testaman an. Juif yo te konsidere sa kòm blasfèm, epi, sou lwa Moyiz la, pinisyon an sete lanmò anba kout wòch.

Jan 9

Atravè pwoblèm nou yo, Bondye ka manifeste tèt li nan lavi nou.

Etandone gen konsekans negativ ki souvan suiv peche, nou gen dwa konsidere kèk nan malè nou yo kòm rezilta move aksyon nou fè. Sepandan, lè disip Sovè a yo te asime ke yon mesye te fèt avèg paske limenm oubyen paran l te peche a, Jezi te korije yo. Ki fason pawòl Sovè a nan Jan 9:3 yo chanje pèsepsyon ou sou pwoblèm ou ak pwoblèm lòt moun? Pandan w ap li Jan 9 la, medite sou fason “zèv Bondye yo [te] manifeste” (Jan 9:3). Kijan yo te manifeste lè w t ap fè fas ak pwoblèm?

Li enteresan tou pou n remake ke kesyon disip yo nan Jan 9:2 a te revele ke yo te kwè nan egzistans premòtèl la, yon doktrin ki te pèdi pou Krisyanis la pandan Gran Apostazi a men ki te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith (gade DA 93:29; Moyiz 4:1–4; Abraram 3:22–26).

Jan 10:16

Kiyès ki “lòt brebi” Sovè a te fè referans nan Jan 10:16 yo?

Lè Sovè a te vizite Amerik yo apre Rezirèksyon l lan, li te eksplike kiyès lòt brebi yo ye (gade 3 Nefi 15:21–16:5).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Jan 7:24

Ki fason w ka ede manm fanmi w yo konprann ansèyman Jezi yo ki nan Jan 7:24 la? Youn ladan yo se ale deyò epi fè youn nan manm fanmi an sal kò li. Kisa moun ki etranje ka panse sou manm fanmi sa a si yo ta gade aparans li? Fè lis kèk nan bon kalite manm fanmi sa a genyen ke yo p ap ka wè nan senpleman gade li (gade tou 1 Samyèl 16:7).

Jan 8:31–36

Kijan nou pafwa vin yon esklav peche? Ki verite Jezi te anseye ki ka libere nou?

Imaj
Kris la k ap geri yon avèg

Jezi k ap geri avèg la, pa Carl Heinrich Bloch

Jan 9

Kijan w ka ede manm fanmi ou vizyalize resi sou Jezi k ap geri mesye ki te avèg la, ki nan Jan 9 la? Ou gen dwa fè yo jwe wòl sou istwa a ansanm oubyen pase videyo “Jezi geri yon mesye ki te ne avèg” la (LDS.org). Fè yon ti poz tanzantan pou manm fanmi w yo ka li vèsè korespondan yo nan Jan 9 la. Envite yo pou yo note ki leson yo aprann nan istwa a, tankou sa savle di pou yon moun konvèti nan levanjil Jezikri a.

Jan,10:1–18, 27–29

Pou fè manm fanmi w yo patisipe nan aprann parabòl Bond Bèje a, mande yo chak pou yo fè desen youn nan moun sa yo: yon vòlè, yon pòt, yon bèje, yon anplwaye (travayè yo anplwaye), yon lou, ak yon mouton. Envite yo pou yo li Jan 10:1–18, 27–29, epi apresa diskite an fanmi sou kisa Sovè a anseye sou sa yo desine yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche mo ak fraz enspire. Pandan w ap li a, Lespri a ka atire atansyon w sou kèk mo ak kèk fraz ki enspire w ak motive w oubyen ki sanble se pou ou yo te ekri yo. Panse pou w ekri nenpòt mo oubyen fraz ki enspire ou nan Jan 7–10 la.

Imaj
Kris la avèk yon mouton

Li pa pèdi ankò, pa Greg K. Olsen

Enprime