“20–26 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, Wa w la ap vini” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)
“20–26 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019
20-26 Me
Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12
“Gade, Wa w la ap vini”
Anvan w li ide yo ki nan plan sa a, li Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; ak Jan 12. Ekri enpresyon w yo pou w ka pataje yo avèk fanmi ou obyen nan klas ou nan Legliz la.
Ekri enpresyon ou
Sovè a te grangou apre l te vin vwayaje soti Betani pou l t al Jerizalèm, epi yon pye figye byen lwen te sanble yon sous nouriti. Men, lè Jezi te rive bò kot pyebwa a, li te wè l pa t gen okenn fwi (gade Matye 21:17–20; Mak 11:12–14, 20). Nan yon fason, pye figye a te tankou dirijan relijye ipokrit nan Jerizalèm yo: ansèyman vid yo ak manifestasyon eksteryè yo pa t gen okenn nourisman espirityèl. Farizyen yo ak doktè lalwa yo te sanble yo t ap kenbe anpil kòmandman men yo te rate de nan pi gwo kòmandman yo: renmen Bondye ak renmen pwoche w menmjan ak pwòp tèt ou a (gade Matye 22:34–40; 23:23).
Pa kontras, anpil moun te kòmanse rekonèt bon fwi nan ansèyman Jezi yo. Lè l te rive Jerizalèm, yo te akeyi li avèk branch yo te koupe nan pyebwa pou yo te ka mete sou tout chemen l t ap pase a, pandan yo t ap rejwi dèske pwofesi yo te predi depi lontan an te rive anfen: “Wa w la vini” (Zakari 9:9). Pandan w ap li semèn sa a, panse sou fwi ansèyman ak sakrifis ekspyatwa Sovè a pote nan lavi ou ak sou fason ou ka pote “anpil plis fwi” (Jan 12:24).
Ide pou etid ekriti pèsonèl
Matye 23; Lik 19:1–10; 20:45–47
Senyè a pa jije selon aparans eksteryè men li jije daprè dezi kè nou.
Nan epòk Jezi a, anpil moun te sipoze ke pibliken yo, oswa kolektè taks yo, sete moun malonèt epi yo t ap vòlè moun. Konsa, paske Zache, chèf pibliken an te rich, li te petèt pi sispèk toujou. Men Jezi te gade kè Zache. Kisa Lik 19:1–10 revele sou kè Zache? Ou gen dwa note pawòl ki nan vèsè sa yo ki dekri kisa Zache te fè pou l te montre devosyon l pou Senyè a. Ki dezi k nan kè ou? Kisa w fè pou w chèche Sovè a, jan Zache te fè a?
Konvèsasyon Sovè a avèk doktè lalwa yo ak Farizyen yo ofri yon kontras enteresan avèk konvèsasyon l ak Zache a. Jan Prezidan Dieter F. Uchtdorf explike: “[Jezi] te mete l gen yon kòlè jistifye kont ipokrit tankou doktè lalwa yo, Farizyen yo, ak Sadiseyen yo—moun ki t ap eseye parèt jis pou yo te ka resevwa lwanj, enfliyans, ak richès mond lan, pandan yo t ap oprime pèp la yo te dwe fè byen an” (“Se pou nou vrè,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 81).
Nan Matye 23, Sovè a te itilize plizyè metafò pou l dekri ipokrizi. Panse pou w make oubyen fè lis metafò sa yo epi note kisa yo anseye sou ipokrizi. Kisa w santi w enspire pou w fè diferamman akoz ansèyman Sovè a bay yo?
Gade tou Doktrin ak Alyans 88:62–63; 137:9; Diksyonè Bib la, “Ipokrit.”
Matye 21:1–11; Mak 11:1–11; Lik 19:29–44; Jan 12:12–16
Jezikri se Wa mwen.
Resi nan Matye 21:1–11; Mak 11:1–11; Lik 19:29–44; ak Jan 12:12–16 yo dekri kòmansman dènye semèn lavi Sovè a, enkli antre triyonfal li nan Jerizalèm nan. Moun ki te rekonèt li kòm Wa yo a te montre devosyon yo kote yo te wen li (gade Jan 12:1–8), yo te mete rad ak branch palmye sou tout wout li t ap pase pou al Jerizalèm nan, epi yo te kriye louwanj pou li. Reflechi sou kijan referans sa yo ka apwonfondi konpreyansyon ou sou evenmen ki te kòmanse nan dènye semèn lavi Sovè a.
-
Yon ansyen egzanp onksyon pou yon wa: 2 Wa 9:1–13
-
Yon ansyen pwofesi sou antre triyonfal la: Zakari 9:9
-
Siyifikasyon mo ozana a: Diksyonè Bib la, “Ozana”
-
Pwofesi sou kijan Sovè a ap vini ankò: Revelasyon 7:9–10; 19:11–16
Kijan w ka resevwa Sovè a kòm Senyè ou ak Wa ou?
Gade tou “Antre triyonfal Senyè a nan Jerizalèm” (videyo, LDS.org).
De gran kòmandman yo se renmen Bondye ak renmen lòt moun menmjan ak tèt mwen.
Si w janm konn santi w depase pandan w ap eseye suiv Jezikri a, pawòl Sovè a te di doktè lalwa yo nan Matye 22 yo ka ede w senplifye ak resantre lavi disip ou. Men yon fason w ka fè sa: Fè lis plizyè nan kòmandman Senyè a bay yo. Kijan chak nan eleman sou lis ou a konekte avèk de gran kòmandman yo? Nan ki fason konsantre sou de gran kòmandman yo ka ede w kenbe lòt yo?
Kisa filaktè ye?
Filaktè se bwat an cuir ki gen moso pachemen ki gen pasaj ekriti yo ekri sou yo. Juif yo te tache ti bwat sa yo nan bann an cuir epi yo te mete yo sou fwon yo oubyen woule yo nan bra yo kòm yon fason pou te raple yo kòmandman yo (gade Detewonòm 6:6–8). Pa ògèy, Farizyen yo te konn abityèlman mete gwo filaktè pou tout moun te ka wè nan ki pwen yo te renmen pawòl Bondye a.
Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal
Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:
Ki fason Mari te montre amou li pou Sovè a? Nan ki fason nou montre amou nou pou li?
Kijan nou ka montre respè pou lòt moun lè yo eksprime oubyen defann kwayans relijye yo? Ki konsekans sosyal ki pafwa dekouraje nou pou anpeche nou eksprime oubyen defann kwayans nou nan Kris la? Pou egznp sou moun ki pa t vle sede anba presyon sosyal, gade nan Danyèl 1:3–20; 3; 6; Jan 7:45–53; 9:1–38; ak Mozya 17:1–4.
Kijan nou montre reverans nou ak respè nou pou tanp? Kijan nou ka “chase” nan lavi nou sa k anpeche nou konsidere tanp lan kòm yon “mezon priyè” (Matye 21:12–13) ak yon lye gerizon espirityèl? Panse pou w chante “I Love to See the Temple,” Children’s Songbook, 95.
Ki leson nan parabòl mesye ki te gen de pitit gason an ki ka ede fanmi w? Paregzanp, ou gen dwa itilize istwa a pou diskite sou enpòtans obeyisans ak repantans sensè. Petèt fanmi w ta ka ekri yon pyès pou jwe wòl parabòl la epi pran tan pou yo chak jwe diferan pèsonaj.
Ki kèk nan “bagay ki pou Bondye” (vèsè 21) nou ta dwe ba li?
Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.