Vini, Suiv Mwen
13–19 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’


“13-19 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“13-19 Me. Matye 19-20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
travayè nan yon jaden rezen

13-19 Me.

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Kisa m manke ankò?

Li e medite sou Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18, pandan w ap pote atansyon sou enpresyon w resevwa yo. Pran nòt enspirasyon sa yo, epi deside kijan w pral suiv yo.

Ekri enpresyon ou

Si w te gen opòtinite pou w te poze Sovè a yon kesyon, kisa l t ap ye? Lè yon sèten jenòm rich te rankontre Sovè a pou lapremyè fwa, li te mande l: “Kisa pou m fè pou m ka gen lavi etènèl?” (Matye 19:16). Repons Sovè a te montre apresyon pou bon bagay jenòm sa a te deja fè ak ankourajman plen lanmou pou l fè plis. Lè nou medite sou posiblite lavi etènèl la, nou gen dwa mande tèt nou tou si nou pa ta dwe ap fè plis. Lè nou mande, nan fason pa nou, “Kisa m manke ankò?” (Matye 19:20), Senyè a ka ba nou repons ki tout osi pèsonèl ke repons li te bay jenòm rich la. Kèlkeswa sa Senyè a mande nou pou n fè, aji selon repons li ap toujou mande pou nou gen konfyans nan li plis pase nou gen konfyans nan pwòp lajistis pa nou (gade Lik 18:9–14) epi pou nou “resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti” (Lik 18:17; gade tou 3 Nefi 9:22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 19:1–9; Mak 10:1–12

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

Konvèsasyon ant Sovè a ak Farizyen yo se youn nan kèk ra konvèsasyon yo ekri kote Sovè a te anseye spesifikman osijè maryaj. Lè w fin li Matye 19:1–9 ak Mak 10:1–12, fè yon lis plizyè deklarasyon ou santi k rezime pwendvi Senyè a sou maryaj. Apresa, etidye “Maryaj” nan Sujets de l’évangile, topics.lds.org, epi ajoute plis deklarasyon nan lis ou w amezi w ap dekouvri yo. Nan ki fason konesans nou sou plan sali Papa a ede w konprann poukisa maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone?

Imaj
yon koup moun aje ki devan yon tanp.

Maryaj etènèl fè pati plan Bondye a.

Ou gen dwa konn moun ki pa dakò oubyen ki opoze a prensip Senyè a konsènan maryaj yo. Pou yon deskripsyon pi itil sou fason pou w fè yon konvèsasyon respektye avèk yo, gade videyo “Egzanp chak jou: Lè yo kesyone kwayans nou” (LDS.org).

Matye 19:3–9; Mak 10:2–12

Èske Jezi ta anseye ke divòs pa janm akseptab oubyen moun divòse pa ta dwe remarye?

Nan yon diskou osijè divòs, Èldè Dallin H. Oaks te anseye ke Pè Selès la vle pou relasyon maryaj la etènèl. Men, Bondye konprann tou ke “akoz andisisman kè [nou]” (Matye 19:8), enkli move chwa ak egoyis youn nan konjwen yo oubyen you toulède, divòs nesesè pafwa.

Èldè Oaks te eksplike ke Senyè a “pèmèt moun ki divòse marye ankò san yo pa takse yo de imoralite yo spesifye nan lwa siperyè a. Sof si yon manm divòse ta komèt transgresyon grav, li ka elijib pou yon rekòmandasyon tanp selon menm prensip diyite yo aplike pou lòt manm yo” (“Divòs,” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 70).

Gade tou “Divòs,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org.

Matye 19:16–22; Mak 10:17–22; Lik 18:18–23

Si m mande Senyè a, l ap anseye m sa m bezwen fè pou m eritye lavi etènèl.

Istwa jenòm rich la ka fè menm yon disip veteran fidèl reflechi. Pandan w ap li Mak 10:17–22 a, ki prèv ou jwenn sou fidelite ak senserite jenòm nan?

Menmjan ak jenòm rich la, nou tout enpafè e nou pa konplè, konsa, antanke disip, nou dwe mande: “Kisa m manke—epi nou dwe mande sa pandan tout lavi nou. Remake ke repons lan te bay pa amou, nan men Moun ki wè nou jan nou reyèlman ye a (gade Mak 10:21). Kisa w ka fè pou prepare w pou w mande Senyè a kisa w manke—ak pou w aksepte repons li?

Gade tou Larry R. Lawrence, “Kisa m manke ankò?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 33–35; S. Mark Palmer, “Epi Jezi te gade l epi l te renmen li,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 114–16.

Matye 2: 1–2

Tout moun ka resevwa benediksyon lavi etènèl, kèlkeswa lè yo aksepte levanjil la.

Èske w ka mete w nan plas youn nan ovriye yo nan jaden rezen an? Ki leson w jwenn pou tèt ou nan pasaj sa a? Mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Travayè nan jaden rezen an” (Ensign oswa Liahona, Me 2012, 31–33) ka ede w wè nouvo fason pou w aplike parabòl sa a. Ki enspirasyon adisyonèl Lespri a ba ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 19:1–9; Mak 10:1–12

Èske fanmi w t ap benefisye nan diskite sou ansèyman Bondye yo sou maryaj ak fanmi an? Si wi, ou gen dwa li “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129). Ki fason ansèyman yo bay nan pwoklamasyon an ede klarifye konfizyon ak mansonj ki nan mesaj mond lan osijè maryaj ak fanmi yo?

Mak 10:23–27

Ki diferans ki genyen ant gen richès ak kwè nan richès? (gade Mak 10:23–24). Pandan w ap li vèsè 27 la, ou gen dwa souliyen Tradiksyon Joseph Smith la: “Pou moun ki kwè nan richès yo, sa enposib; men li pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye epi ki kite tout bagay akoz mwenmenm yo paske pou moun sa yo tout bagay sa yo posib” (nan Mak 10:27, referans a).

Matye 2: 1–2

Pou ilistre prensip ki nan Matye 20:1–16 yo; ou gen dwa òganize yon senp konpetisyon, tankou yon kous rapid, epi ou pwomèt ke moun ki genyen an ap jwenn yon pri. Lè tout moun fin patisipe nan konpetisyon an, remèt chak moun menm pri a, kòmanse avèk moun ki fini an dènye a epi fini avèk moun ki fini ap premye a. Kisa sa anseye nou sou moun ki resevwa benediksyon lavi etènèl yo nan plan Pè Selès la?

Matye 20:25–27; Mak 10:42-45

Ki siyifikasyon fraz “Moun ki vle anpremye pa nou, kite l vin sèvitè w” la? (Matye 20:27). Kijan Jezikri te montre egzanp prensip sa a? Kijan nou ka suiv egzanp li nan fanmi nou, nan pawas nou oswa branch nou, ak nan katye nou?

Lik 18:1–14

Kisa nou aprann apwopo lapriyè nan de parabòl yo nan vèsè sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Chèche yon lè ki konvnab pou ou. Li souvan pi fasil pou w aprann lè w ka etidye ekriti yo san moun pa entèwonp ou. Chèche yon lè ki konvnab pou ou, epi fè tout sa w kapab pou w etidye regilyèman a lè sa a chak jou.

Imaj
Kris la avèk jenòm rich la

Kris la avèk jenòm rich la, pa Heinrich Hofmann

Enprime