Vini, Suiv Mwen
6-12 Me. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’


“6-12 Me. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“6-12 Me. Lik 12-17; Jan 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
yon mesye k ap anbrase pitit gason li

Anfan Pwodig la, pa Liz Lemon Swindle

6-12 Me.

Lik 12–17; Jan 11

“Rejwi avèk mwen; paske mwen jwenn brebi m nan ki te pèdi a.”

Pandan w ap li d Lik 12–17 ak Jan 11 la, nan lapriyè, chèche kisa Pè Selès la vle w konnen ak kisa l vle w fè. Etid ou sou chapit sa yo ka louvri kè w pou w resevwa mesaj ki prepare jis pou ou.

Ekri enpresyon ou

Nan laplipa sitiyasyon, yo t ap konsidere 99 pou 100 kòm yon chif ekselan—men non pa lè chif sa a reprezante pitit byeneme Bondye yo (gade DA 18:10). Nan ka sa a, menm yon sèl nanm merite yon rechèch apwofondi e dezespere “jiskaske [nou] jwenn ni” (Lik 15:4), jan Sovè a anseye nan parabòl brebi egare a. Lè sa a rejwisans la ka kòmanse, paske “va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti, pase pou katrevendiznèf moun jis ki pa bezwen repantans” (Lik 15:7). Si sa parèt enjis, li ta bon pou n raple nou ke, an reyalite, pa gen okenn moun ki “pa bezwen repantans.” Nou tout bezwen pou yo pote n sekou. Epi nou tout ka patisipe nan pote sekou, pandan n ap rejwi ansanm pou chak nanm ki sove (gade DA 18:15–16).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Lik 12; 14–16

Mwen dwe mete kè m sou bagay ki gen enpòtans etènèl yo pase sou bagay mond sa a.

Poukisa Bondye ta di “ensanse” a yon moun travayè ki reyisi e ki konstwi gwo grenye e ranpli yo avèk fwi travay li? (gade Lik 12:16–21). Nan chapit sa yo nan Lik la, Sovè a anseye plizyè parabòl ki ka ede nou elve vizyon nou odela bagay pwofàn mond lan pou al nan sa ki etènèl. Gen kèk nan parabòl sa yo ki site la a. Kijan w ta rezime mesaj yo chak genyen an? Kisa w panse Senyè a ap di ou?

Gade tou Matye 6:19–34; 2 Nefi 9:30; Doktrin ak Alyans 25:10.

Lik 15

Papa nou ki nan syèl la rejwi lè yo jwenn moun ki pèdi yo.

Èske w konn mande tèt ou kijan Pè Selès la santi l pou moun ki peche oubyen ki “pèdi” nan yon sèten sans yo? Farizyen yo ak doktè lalwa yo te kritike Jezi paske l te asosye l avèk moun sa yo. Kòm repons, Jezi te rakonte yo twa parabòl, nou jwenn nan Lik 15 yo—parabòl brebi egare a, pyès lajan pèdi a, ak anfan pwodig la.

Lè w ap li parabòl sa yo, panse pou w fè yon lis sou resanblans ak diferans ki antre yo. Paregzanp, ou gen dwa chèche sa k te pèdi a e poukisa l te pèdi, kijan yo te fè jwenn ni, ak kijan moun yo te reyaji lè yo te jwenn ni. Ki mesaj Jezi te bay pou moun ki “pèdi” yo—enkli moun ki pa panse ke yo pèdi yo? Ki mesaj li bay pou moun k ap chèche moun ki pèdi yo?

Natirèlman, li toujou pi bon pou n pa ta pèdi. Konsènan Lik 15:7 la, Èldè James E. Talmage te ekri: “Pa gen okenn jistifikasyon pou yon moun ta prefere yon pechè repantan nan plas yon moun jis ki reziste anba peche” (Jésus le Christ [1916], 563). Sepandan, nou tout peche e nou bezwen sekou, epi, mesaj rekonfòtan nan parabòl Sovè a bay yo sèke nou chak ka repanti epi retounen viv dwat ankò, paske Bondye pa vle pou okenn nanm peri.

Gade tou Doktrin ak Alyans 18:10–16; Jeffrey R. Holland, “L’autre fils prodigue,” Le Liahona, Me 2002, 62–64.

Imaj
Yon fi k ap chèche yon pyès kòb

Pyès lajan ki pèdi a, pa James Tissot

Lik 16:1–12

Kisa Kris la anseye nan parabòl sèvitè enfidèl la?

Èldè James E. Talmage te eksplike yon leson nou ka aprann nan parabòl sa a: “Se pou nou dilijan, paske jou kote nou ka itilize richès terès nou an ap pase byen vit. Pran leson nan men menm moun malonèt ak moun mechan yo; si yo pridan ase pou yo asire sèl fiti yo imajine a, konbyen plis noumenm, ki kwè nan yon fiti etènèl la, nou ta dwe asire pa nou tou! Si nou pa aprann sajès ak pridans nan itilize ‘richès enjis’ yo, kijan yo ka fè nou konfyans avèk richès ki pi dirab yo? (Jesus le Christ, 503-504).

Lik 17:11–19

Rekonesans pou benediksyon m yo ap fè m vin pi pwòch Bondye.

Si w sete youn nan dis lepre yo, èske w panse w t ap retounen vin remèsye Sovè a? Ki benediksyon adisyonèl lepre rekonesan an te resevwa paske l te di mèsi? Kijan eksprime rekonesans nou afekte nou spirityèlman? Sa ta bon pou ou si w ta kòmanse ekri poukisa ou rekonesan nan yon jounal, jan Prezidan Henry B. Eyring te dekri nan mesaj li “O Sonje, Sonje” a (Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 66–69).

Jan 11:1–46

Jezikri se Rezirèksyon ak Lavi.

Mirak rezirèksyon Laza a sete yon temwayaj puisan e inatakab ke Jezi sete vrèman Pitit Bondye ak Mesi yo te pwomèt la. Ki mo, fraz, oubyen detay nan Jan 11:1–46 la ki fòtifye lafwa ou pou fè w konnen ke Jezikri se “rezirèksyon an, ak lavi a”? Kijan konesans sa a enfliyanse lavi ou ak chwa w yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Lik 15:1–10

Èske manm fanmi w yo konprann kisa yon moun santi lè l pèdi yon bagay—oubyen lè l pèdi? Pale sou eksperyans yo se kapab derapman yon diskisyon osijè parabòl brebi egare a ak pyès kòb pèdi a. Ouyen ou ta gen dwa fè yon jwèt kote yon moun kache epi lòt manm fanmi yo ap eseye jwenn ni. Kijan aktivite sa a ede nou konprann parabòl sa yo?

Lik 15:11–32

Kijan nou ka plis menmjan ak papa a nan istwa sa a lè nou gen moun ki chè pou nou ki pèdi? Kisa nou ka aprann nan eksperyans pi gran pitit gason an ki ka ede nou vin pi kretyen? Nan ki fason papa a nan parabòl sa a tankou Pè Selès la?

Lik 17:11–19

Pou ede manm fanmi w yo aplike istwa dis lepre yo, ou gen dwa envite yo ekri nòt remèsiman sekrè epi mete yo nan tout kay la. Ou gen dwa chante ansanm “Compte les bienfaits,”tou Cantiques, no. 156, epi pale sou benediksyon fanmi w te resevwa.

Jan 11:1–46

Manm fanmi w yo ka gade videyo “Laza ki resisite a” (LDS.org) epi pataje temwayaj yo konsènan Jezikri.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa ak egzanp pou anseye prensip levanjil yo. Sovè a te souvan anseye sou prensip levanjil nan itilize iswa ak parabòl. Panse sou egzanp ak istwa nan pwòp lavi ou ki ka fè yon prensip levanjil vin vivan pou fanmi ou (gade Anseye nan fason Sovè a, 22).

Imaj
Yon mesye ki ajenou devan Jezi pou remèsye li

Kote lòt nèf yo, pa Liz Lemon Swindle

Enprime