“22–28 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)
“22–28 Avril. Matye 18–20; Mak 1; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019
22–28 Avril.
Matye 18; Lik 10
“Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?”
Pandan w ap li ak medite nan lapriyè sou Matye 18 ak Lik 10 nan, pote atansyon sou enspirasyon pezib Sentespri a ba ou yo. L ap di w kijan ansèyman ak istwa sa yo aplike pou ou. Ekri enpresyon ou resevwa yo.
Ekri enpresyon ou
Lè w poze Senyè a yon kesyon, ou gen dwa resevwa yon repons ou pa t ap atann. Kiyès ki pwochen mwen? Nenpòt moun ki bezwen èd ou ak lanmou ou. Kimoun ki pi gran nan wayom syèl la? Yon timoun. Èske sa ase pou padone yon moun ki ofanse w sèt fwa? Non, ou dwe padone swasanndisèt fwa sèt fwa. (Gade Lik 10:29–37; Matye 18:4, 21–22.) Si w ap chèche konn volonte Senyè a, pa “jistifye [tèt ou]” (Lik 10:29), men paske ou reyèlman vle aprann nan men li, Senyè a ap anseye w kijan pou w viv nan yon fason ki mennen nan lavi etènèl avèk li.
Ide pou etid ekriti pèsonèl
Mwen dwe padone lòt moun si m bezwen resevwa padon nan men Senyè a.
Sigjesyon Pyè a ke l ka padone yon moun sèt fwa a gen dwa parèt plen jenewozite, men Jezi te anseye yon lwa ki pi wo. Repons li: “Mwen pa di w jiska sèt fwa: men, jiska swasanndis fwa sèt fwa,” se pat yon ansèyman apwopo de chif men sete yon ansèyman apwopo yon atitid padon nan fason Kris la. Pandan w ap li parabòl sèvitè enpitwayab la, medite sou okazyon kote w te santi mizèrikòd ak konpasyon Bondye. Èske gen yon moun ki bezwen santi mizèrikòd ak konpasyon nan men ou?
Èldè David E. Sorensen nan Swasanndis yo te anseye: “Mwen ta renmen eksplike nou ke nou pa dwe konfonn padon pou peche avèk tolere mal. … Byenke nou dwe padone yon pwoche ki blese nou, nou dwe toujou efòse nou pou n travay yon fason pou n anpeche blesi a repete” (“Le pardon transforme l’amertume en amour,” Ensign oswa Liahona, Me 2003, 12).
Gade tou “Padon,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org.
Kiyès Swasanndis yo ye?
Si n suiv yon modèl ki te etabli nan Ansyen Testaman an (gade Egzòd 24:1; Nonb 11:16), Jezikri te “chwazi lòt swasanndis,” anplis Douz Apot li yo, pou yo te temwaye konsènan li, preche levanjil li a, ak ede l nan travay li a. Modèl sa a kontinye nan Legliz retabli a. Yo aple Swasanndis pou asiste Douz yo nan misyon yo kòm temwen espesyal Jezikri nan tout mond lan. Swasanndis yo òganize an kolèj. Manm de premye kolèj yo resevwa mizapa kòm Swasanndis Otorite Jeneral, pandan ke manm lòt kolèj yo resevwa mizapa kòm Swasanndis Entèrejyon. (Gade tou DA 107:25–26, 33–34, 97.)
Pou m jwenn lavi etènèl, mwen dwe renmen Bondye epi renmen pwochen m tankou tèt mwen.
Li ta bon pou w sonje ke parabòl Bon Samariten an sete fason Jezi te fè pou reponn kesyon: “Kiyès ki pwochen m?” nan. Pandan w ap li parabòl sa a, kenbe kesyon sa a nan tèt ou. Ki repons ou jwenn?
Nan epòk Jezi a, rayiman ant Juif yo ak Samariten yo te egziste depi dè syèk. Samariten yo sete desandan Juif ki t ap viv nan Samari ki te marye avèk moun pami Janti yo. Juif yo te santi ke Samariten yo te vin kowonpi paske yo te asosye yo avèk Janti yo epi yo te tonbe nan apostazi. Yo te konn fè detou sou plizyè kilomèt pou yo te ka evite pase nan Samari. (Gade tou Lik 9:52–54; 17:11–18; Jan 4:9; 8:48.)
Poukisa ou panse Sovè a te chwazi yon Samariten, yon moun Juif yo te rayi, kòm egzanp konpasyon ak amou pou pwochen nou? Kisa parabòl sa a enspire w pou w fè pou w ka montre plis mizèrikòd pou lòt moun?
Gade tou Mozya 2:17; “Parabòl Bon Samariten an” (videyo, LDS.org); “Seigneur, je te suivrai,” Cantiques, no. 141.
Nou chwazi “bon pati a” lè nou fè chwa ki mennen nan lavi etènèl.
Sè Bonnie D. Parkin, ansyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, te anseye: “Mari ak Mat se oumenm avèk mwen. ... De moun sa yo te renmen Senyè a e yo te vle montre l amou sa a. Nan okazyon sa a, se kòmsi Mari te eksprime lanmou li nan koute pawòl Sovè a, pandan ke Mat te eksprime pa l la nan sèvi li. ... Jezi pa t rejte preyokipasyon Mat la, men olyesa, li te re oryante atansyon li lè l te di l pou l chwazi “bon pati a.” E kisa pati sa a ye? ... Sèl bagay ki nesesè a se chwazi lavi etènèl [gade 2 Nefi 2:28]. Nou chwazi chak jou” (“Le choix de la charité, la bonne part,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 104). Kòman w t ap rezime konsèy Senyè a te bay Mat la nan pwòp mo pa ou? Egzamine orè ou—èske gen yon bagay “nesesè” ki plis bezwen atansyon ou?
Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal
Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:
Ki kantik fanmi w ka chante ki anrapò avèk verite yo anseye nan chapit sa yo? De egzanp kantik se “Seigneur, je te suivrai” avèk “Have I Done Any Good?” Cantiques/Hymns, no 141, 223, men gen anpil lòt toujou. Nan ki fason pawòl kantik sa yo ede fanmi w pi byen konprann ansèyman Sovè a bay yo?
Poukisa Jezi ta renmen nou vin tankou yon timoun piti? Ki karakteristik timoun ki t ap rann nou pi kretyen si nou ta entegre yo nan lavi nou? (gade Mozya 3:19).
Kisa k t ap fè parabòl Bon Samariten an vin vivan pou fanmi ou? Èske yo t ap renmen mete kostim epi jwe wòl yo? Asire w pou w ede manm fanmi w wè kijan yo ka tankou Bon Samariten an. Èske gen yon moun ki nan bezwen nan lekòl nou oubyen nan legliz nou ke nou neglije. Kisa nou ka fè pou sèvi moun sa a?
Èske l pafwa difisil pou n antre bagay espirityèl yo nan orè fanmi an? Istwa Mari ak Mat la ta ka enspire yon konsèy familyal oubyen yon sware familyal sou fason pou w fè sa. Antanke fanmi, ou ta gen dwa fè yon lis sou fason pou chwazi “bon pati a” (gade Lik 10:42).
Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.