Vini, Suiv Mwen
1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’


“1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Transfigirasyon Kris la

Transfigirasyon an, pa Carl Heinrich Bloch

1–14 Avril

Matye 16-17; Mak 9; Lik 9

“Ou se Kris la”

Pandan de pwochèn semèn yo, medite sou temwayaj Pyè a ki nan Matye 16:15–17 la, ak sou temwayaj pwofèt ak apot yo w ap tande pandan konferans jeneral la.

Ekri enpresyon ou

Èske sa pa etranj ke Farizyen yo ak Sadiseyen yo te mande Jezi pou l te montre yo “yon siy soti nan syèl la”? Èske pil mirak li tout moun te konnen yo pa t ase? E konsènan ansèyman puisan l yo oubyen pil fason li te akonpli ansyen pwofesi yo? Demann yo a te motive non pa pa yon mank siy, men pa yon mank volonte pou yo te “disène siy yo” ak aksepte yo. (Gade Matye 16:1–4.)

Pyè, tankou Farizyen yo ak Sadiseyen yo, te temwen mirak Sovè a te fè yo e li te tande ansèyman l yo. Men, temwayaj definitif Pyè a: “Ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an,” pa t vini atravè sans fizik li—“chè li ak san li.” Sete “Papa nou ki nan syèl la ki te revele l temayaj li a” Revelasyon se wòch kote Sovè a bati Legliz li, nan epòk sa a tankou jodia—revelasyon k soti nan syèl la li voye bay sèvitè l yo. Epi, se sou wòch sa a nou ka bati lavi disip nou—relelasyon ke Jezi se Kris la epi sèvitè l yo detni “kle wayòm” yo. Lè nou bati sou fondasyon sa a, “pòt lanfè yo pa p ka louvri pou vale [nou].” (Matthew 16:15–19.)

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 16:13-17; Lik 9:18-21

Yon temwayaj konsènan Jezikri vini atravè revelasyon.

Si Jezikri te mande moun yo jodia: “Kiyès yo di nou mwen ye, mwenmenm Pitit Lòm nan?” repons yo t ap diferan de repons moun yo te bay nan epòk li a. Ki atitid modèn ou remake moun yo genyen anvè Jezi? Kijan w t ap reponn si Jezi ta mande ou: “Kiyès yo di mwen ye?” (Gade Matye 16:13–15.)

Medite sou temwayaj ou konsènan Sovè a ak fason ou te resevwa li. Kisa w aprann nan Matye 16:15–17 ki ta ka fòtifye li? Si w ta renmen aprann plis apwopo temwayaj ak revelasyon pèsonèl, eksplore ekriti sa yo: Jan 15:26; 1 Korentyen 12:3; 2 Nefi 31:18; Alma 5:45–48; ak Doktrin ak Alyans 8:2–3.

Matye 3:161; Mak 9:2-10; Lik 9:28-36

Kisa k te pase sou Mòn Transfigirasyon an?

Lè Jezi te mennen Pyè, Jak, ak Jan nan “yon montay byen wo” a, li te transfigire (oubyen glorifye) devan yo. Moyiz ak Elyas (Eli) te parèt tou epi yo te konfere kle prètriz yo sou Apot yo. Kle sa yo te pèmèt yo dirije Legliz Kris la sou tè a apre Rezirèksyon l lan (gade Diksyonè Bib la, “Transfigirasyon, Montay”). Kle sa yo te retabli nan epòk nou an tou (gade DA 110).

Matthew 16:13–19; 17:1–9

Kisa k “kle wayòm syèl yo”?

“Kle wayòm syèl yo” Sovè a te pwomèt Pyè ke l t ap ba li yo se kle prètriz yo (Matye 16:19). “Kle prètriz yo se otorite Bondye bay detantè prètriz yo pou dirije, kontwole, ak gouvène itilizasyon prètriz la sou tè a.” Egzèsis otorite prètriz la gouvène pa moun ki detni kle l yo (gade DA 65:2; 81:2; 124:123). Moun ki detni kle prètriz yo gen dwa pou yo prezide sou Legliz la ak dirije li andedan yon jiridiksyon” (Manyèl 2: Administrasyon Legliz la [2010], 2.1.1).

Imaj
Estati Pyè ki kenbe kle yo

“Kle wayòm syèl yo” se kle prètriz yo.

Kle Prètriz yo te bay Pyè ak lòt Apot yo sou Mòn Transfigirasyon an te retabli nan epòk nou an (gade DA 110:11–16). Moun ki detni kle sa yo enkli Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo ak lòt Otorite Jeneral yo; prezidan tanp, misyon, pieu, ak distri yo; ak evèk, prezidan branch, ak prezidan kowòm yo.

Gade tou Neil L. Andersen, “Pouvwa nan Prètriz la,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 92–95; Ankre nan lafwa, 126–27; “Kle Prètriz: Retablisman kle Prètriz yo” (video, LDS.org).

Matye 17:14-21; Mak 9:14-29

Lè m ap chèche gen pi gwo lafwa, mwen dwe toudabò kenbe lafwa m deja genyen an.

Papa yo mansyone nan Matye 17 ak Mak 9 la te gen rezon pou l te doute ke Jezi te ka geri pitit gason l lan. Li te mande disip Jezi yo pou yo te geri pitit la, e yo pa t kapab. Men lè Sovè a te mande l pou l te egzèse lafwa, li pa t konsantre l sou dout li yo. Li te di: “Senyè, mwen kwè,” epi apresa, ak rekonesans ke lafwa li pa t pafè, li te ajoute: “Vin osekou enkwayans mwen.”

Kisa Lespri a anseye w lè w li istwa mirak sa a? Kijan Pè Selès la te ede w ogmante lafwa ou? Kisa w ka fè pou bati sou lafwa ou deja genyen an? Petèt ou ta ka fè konpilasyon yon lis ekriti, mesaj konferans, oubyen eksperyans ki te fòtifye lafwa ou.

Gade Jeffrey R. Holland, “Senyè, mwen kwè,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 93–95 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matthew 16:13–19; 17:1–9

Pou w anseye timoun yo sou kle prètriz, ou gen dwa rakonte yo istwa Gary E. Stevenson nan sou lè l te lòk machin ni pandan kle yo te andedan machin nan (gade “Kote kle ak otorite Prètriz yo?” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 29–32). Ou gen dwa kite timoun yo itilize kle pou ouvri kay la, machin nan, oubyen lòt seri. Panse pou w montre yon foto Prezidan Legliz la, epi rann temwayaj ke li detni tout kle prètriz yo jodia, jan Pyè te detni yo a.

Matye 17:20

Pwofèt ki te gen lafwa nan Jezi te deplase montay (gade Jakòb 4:6; Moyiz 7:13). Temwayaj sa a Evèk Richard C. Edgley te rann nan ka ede rann vèsè a pi fè sans pou fanmi ou: “Mwen pa janm asiste deplasman yon montay reyèl. Men gras ak lafwa, mwen konn wè montay dout ak dezespwa deplase epi ranplase pa esperans ak optimis. Gras ak lafwa, mwen konn pèsonèlman wè yon montay peche ranplas pa repantans ak padon. Epi, gras ak lafwa, mwen konn pèsonèlman temwen yon montay doulè ki ranplase pa lapè, esperans, ak rekonesans. Wi, mwen konn wè montay deplase” (“Lafwa—Chwa a se pa w,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 33). Ki kèk montay nan lavi nou ki bezwen deplase? Kijan nou ka montre lafwa nan pouvwa Bondye pou ede nou deplase montay sa yo?

Lik 9:61–62

Kisa sa vledi gade dèyè apre nou fin mete men nou nan charyo a? Poukisa atitid sa a ka fè nou pa konvnab pou wayòm Bondye a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Reyini ansanm souvan. Prezidan Henry B. Eyring te anseye: “Pa janm rate yon chans pou reyini pitit nou yo ansanm pou yo aprann doktrin Jezikri a. Kalite moman sa yo ra an konparezon avèk efò enmi an” (“Pouvwa pou anseye doktrin nan,” Ensign, Me 1999, 74).

Imaj
mesye avèk pitit gason malad la devan Jezi

Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou, pa Walter Rane

Enprime