Vini, Suiv Mwen
Avril 1–14. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’


“Avril 1–14. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Avril 1–14. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Transfigirasyon Kris la

Transfigirasyon an, pa Carl Heinrich Bloch

Avril 1–14.

Matye 16–17; Mak 9; Lik 9

“Ou se Kris la”

Pandan w ap medite sou chapit Nouvo Testaman sa yo epi koute mesaj konferans jeneral yo, pote atansyon a mesaj ou santi timoun nan klas ou yo ka bezwen yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
Senbòl echanj

Envite Echanj

Si timoun nan klas ou yo te koute oubyen gade konferans jeneral la, envite yo pou yo pataje yon bagay yo te tande oubyen yo te wè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun piti yo

Matye 16:13–17

Mwen ka akeri yon temwayaj ke Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Reflechi sou fason w ka itilize temwayaj Pyè a ak repons Jezi a pou anseye timoun yo kisa yon temwayaj ye epi pou pouse yo chèche gen pwòp temwayaj pa yo.

Aktiite posib

  • Mande timoun yo pou yo koute sa Pyè te di pandan w ap li Matye 16:15–17. (Gade “Chapit 32: Pyè temwaye de Kris la,” Istwa Nouvo Testaman, 76–77, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org.) Eksplike ke Pyè t ap rann temwayaj li konsènan Jezikri. Li vèsè yo ankò. (Oubyen pase videyo a ankò.) Fwa sa a, mande timoun yo pou yo chèche wè kiyès ki te di Pyè Jezikri sete Pitit Bondye.

  • Rann temwayaj ou sou Jezikri, epi eksplike kijan ou te resevwa li. Envite timoun yo pou yo chèche jwenn pwòp temwayaj pa yo nan men Pè Selès la.

Matye 16:15–19

Jezikri bay pwofèt yo ak apot yo kle prètriz yo pou yo ka dirije Legliz li a.

Sovè a konpare revelasyon avèk yon wòch epi otorite prètriz la avèk kle. Kijan nou ka itilize konparezon sa yo pou ede timoun yo gen lafwa nan moun k ap dirije Legliz yo?

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon wòch pandan w ap li Matye 16:18 la avèk yo. Repete fraz “sou wòch sa a m ap bati legliz mwen an,” avèk yo, pandan w ap ajoute jès pou akonpaye mo yo. Eksplike ke Legliz la bati wou “wòch” revelasyon an.

  • Montre timoun yo kèk kle epi mande yo pou kisa nou itilize kle. Eksplike ke Pyè ak lòt Apot yo te resevwa kle nan men Jezi. Kle sa yo “ouvri” benediksyon pou nou epi yo louvri chemen pou al nan syèl la. Paregzanp, kle prètriz yo pèmèt nou batize ak pran sentsèn. Bay timoun yo kle an papye, epi fè yo ekri kèk benediksyon kle prètriz sa yo “ouvri.”

  • Montre yon foto Prezidan Legliz la, epi rann temwayaj ke li detni tout kle prètriz yo jodia, jan Pyè te detni yo a.

Imaj
Estati Pyè ki kenbe kle yo

Jezi te bay Pyè kle prètriz yo.

Matye 17: 19–20

Lafwa m ka opere mirak.

Lè w li pwomès Jezi a ki di lafwa tankou yon grenn semans moutad kapab deplase yon montay nan, kisa sa enspire ou osijè timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo chak fè desen gwo montay ak ti semans sou tablo a pandan w ap li Matye 17:19–20 an avèk yo. Eksplike ke montay nou gen pou n deplase yo se abityèlman bagay ki sanble yo difisil pou nou fè yo. Ki kèk bagay ki ka sanble yo tankou montay pou nou? Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo reflechi sou fason lafwa kapab ede yo fè sa Bondye vle yo fè.

  • Mete foto yon montay nan yon kote nan sal la, epi ekri mo tankou perèz, dout, oswa enkyetid sou li. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo kapab fè pou yo ka gen plis lafwa nan Jezikri. Fè chak timoun ki sigjere yon bagay deplase montay lan vin pi pre lòt bò sal la. Li Matye 17:19–20, epi temwaye sou pouvwa lafwa nan lavi ou.

  • Mande timoun yo pou yo chante kantik “La foi” a, Chants pour les enfants, 96–97. Envite yo pou yo plante semans la epi mete l yon kote yo ka gade l grandi pou ede yo sonje pou yo gen lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Imaj
Senbòl anseye

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 16: 13–17

Yon temwayaj konsènan Jezikri vini atravè revelasyon ki soti nan syèl la.

Kijan temwayaj Pyè a nan Matye 16:13–17 la ka ede timoun yo pandan y ap bati temwayaj yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kisa yo t ap di si yon moun ta mande yo: “Kiyès Jezi ye?” Envite timoun yo pou yo li Matye 16:13–17 pou yo ka wè kijan Pyè te reponn kesyon sa a. Kijan l te akeri temwayaj li konsènan Jezi? Kisa nou ka fè pou fòtifye temwayaj nou?

  • Ede timoun yo konpare fason nou aprann verite spirityèl yo avèk fason nou aprann lòt verite yo. Paregzanp, kijan nou fè konn ki wotè yon moun oubyen kisa tanperati a ye. Kijan nou fè konnen ke Jezikri se Pitit Bondye.

  • Rann temwmayaj ou konsènan Jezikri, epi bay timoun yo tach pou yo akeri oubyen fòtifye pwòp temwayaj pa yo.

Matye 16:1519

Legliz Jezikri a dirije pa moun ki detni kle prètriz yo.

Etidye Matye 16:15–19 kapab bati lafwa timoun yo pou fè yo konnen ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon retablisman menm Legliz Jezi te etabli pandan l t ap viv sou tè a.

Aktivite posib

  • Ekri Matye 16:19 sou tablo a, pandan w ap elimine kèk mo, spesyalman mo “kle” a. Mande timoun yo pou yo jwenn mo ki manke yo.

  • Pase videyo “Kle Prètriz: Retablisman Kle Prètriz yo” (LDS.org) oubyen repase enfòmasyon sou kle prètriz yo ki nan liv Ankre nan lafwa a, 126–27. Kisa kle prètriz yo ye? Ki fason kle prètriz yo se vrè kle yo ye?

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a sou moun ki detni kle prètriz. (Liv Ankre nan lafwa 126–27 a, gen yon lis ki ka ede yo.) Envite yon moun nan pawas ou a ki detni kle sa yo pou vin pale nan klas la sou rezon k fè kle prètriz yo enpòtan.

  • Kache plizyè kle (oswa foto kle) nan tout sal la, epi envite timoun yo pou yo chèche yo. Chak fwa yo jwenn yon kle, ede timoun yo panse sou benediksyon nou jwenn gras ak kle prètriz yo (paregzanp, fanmi etènèl, batèm, ak sentsèn).

Lik 9: 28–36

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Transfigirasyon Kris la se youn nan okazyon ra nan ekriti yo kote yo tande vwa Bondye Papa a k ap temwaye de Pitit Gason Byeneme l la. Etidye istwa sa a avèk timoun yo kapab bati lafwa yo nan Jezikri.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè desen sou Transfigirasyon Kris la, jan l ye nan Matye 17:1–9 la. Mande yo pou youn eksplike lòt desen yo fè yo. (Gade plan leson semèn sa a tou nan Vini Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.)

  • Bay timoun yo tan pou yo medite sou sa istwa sa a anseye yo konsènan Jezikri. Envite yo pou yo ekri panse yo sou tablo a. Envite kèk timoun pou pataje kijan yo fè konnen ke Jezikri se Pitit Bondye.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj nan fwaye a

Envite timoun yo pou yo mande paran yo oswa lòt manm nan fanmi yo kijan yo te akeri temwayaj yo konsènan Jezikri.

Amelyore ansèyman nou

Itilize mizik. Chan Primè yo ak kantik yo kapab ede timoun tout laj konprann ak sonje verite levanjil yo. Chante kapab pèmèt timoun yo patisipe aktivman nan eksperyans aprantisaj la tou. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 22.)

Enprime