Vini, Suiv Mwen
15–21 Avril. Pak: ‘O Tonbo, Kote viktwa ou?’


“15–21 Avril. Pak: ‘O Tonbo, Kote viktwa ou?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“15–21 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Tonbo nan Jaden an

15–21 Avril.

Pak

“O Tonbo, Kote viktwa ou?”

Itilize tan w ap pase avèk timoun yo pou ede yo wè Pak kòm yon sezon pou yo rejwi nan Sovè a ak pou apwonfondi rekonesans yo pou sakrifis li a. Ou ka adapte ide yo bay yo nan plan leson sa a pou ede w anseye timoun nenpòt laj.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede timoun yo di sa yo konnen osijè Jezi ak Sakrifis Ekspyatwa l la, ou gen dwa montre yo foto Sovè a nan Jetsemani, sou kwa a, ak apre Rezirèksyon an (gade foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56, 57, 58, 59, ak 60).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jezikri se Sovè mwen.

Pandan w ap li sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, reflechi sou fason w ka ede timoun yo santi konbyen Jezi renmen yo.

Aktivite posib

  • Anseye timoun yo ke, paske nou tout peche, nou pa ka retounen al jwenn Bondye san yon Sovè ki soufri pou peche nou. Jezikri ka sove nou anba peche nou si nou repanti. Kenbe yon glas, epi fè timoun yo gade ladan youn apre lòt. Pandan chak timoun ap fè sa, di: “Jezi renmen [non timoun nan], epi li ka sove [non timoun nan].”

  • Montre foto Jezi k ap priye nan Jetsemani an (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56) pandan w ap rakonte istwa soufrans Jezi te pase pou peche mond lan (gade Matye 26:36–46; Lik 22:39–44). Eksplike ke, akoz soufrans li yo, nou ka jwenn padon lè nou fè yon move chwa. Epitou, ou ka itilize “Chapit 51 an: Jezi soufri nan Jaden Jetsemani an,” Istwa Nouvo Testaman, 129–32, oubyen videyo korespondan an nan (LDS.org).

  • Chante ansanm “Je ressens son amour,” nan Chants pour les enfants, p.42–43. Ki mo nan chante a ki dekri amou Sovè a? Mande timoun yo kijan yo ka ede lòt moun santi amou Sovè a.

Paske Jezi te resisite, mwen ka viv ankò.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke, gras ak Jezikri, noumenm ak moun ki chè pou nou yo ap resisite yon jou?

Aktivite posib

  • Anseye yo istwa Pak la pandan w ap itilize foto Kris la nan Jetesemani, sou kwa a, ak apre Rezirèksyon l lan, ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la (no. 56, 57, 58, 59, ak 60), ak foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Fè kèk nan timoun yo kenbe foto yo pandan w ap rakonte istwa a. Pale timoun yo de kèk moun ki te wè Jezi apre l te fin resisite, tankou Mari (gade Jan 20:1–18) oubyen Thomas (gade Jan 20:24–29).

  • Mande timoun yo si yo konn poukisa nou selebre Pak. Eksplike yo ke pou Pak, nou selebre jou ki pi enpòtan nan listwa a—jou Jezikri te resisite a. Mande si gen timoun ki ta renmen rakonte sa fanmi yo fè pou yo sonje Rezirèksyon Jezikri a.

  • Eksplike yo ke resisite vle di viv ankò apre nou fin mouri. Rann temwayaj ou ke, gras ak Jezikri, nou tout ap resisite—nou pral viv ankò apre nou fin mouri, epi nou pap janm mouri ankò.

  • Itilize yon gan pou w anseye timoun yo ke nou tout gen yon kò (ke gan an reprezante) ak yon espri (yon men reprezante). Lè nou mouri, espri nou kontinye viv, men kò nou pa viv ankò. Lè nou resisite, espri nou ak kò nou reyini ankò. Fè yo chak pran tan pou yo mete gan an epi retire li.

  • Chante ansanm yon chante Pak, tankou “Jésus est ressuscité?” oubyen “Jésus est ressuscité,” Chants pour les enfants,p.44, 45, epi montre timoun yo foto Jezi apre l te fin resisite a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 59, 60, 61).

  • Montre foto yon moun ou konnen ki mouri. Pataje temwayaj ou ke moun sa a ap resisite gras ak Sakrifis Ekspyatwa ak Rezirèksyon Jezikri a.

  • Gade ansanm videyo “Jezi resisite” a oubyen “Senyè resisite a parèt devan Apot yo” nan (LDS.org). W ap jwenn mesaj adisyonèl sou Pak nan mormon.org/easter.

Imaj
Kris la avèk Mari nan tonbo vid la

Li resisite, pa Greg Olsen

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jezi te soufri pou mwen nan Jetsemani ak sou kwa a.

Pandan w ap etidye Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, reflechi sou fason ou ka ede timoun yo aprann ak sonje ke Kris la te soufri nan Jetsemani ak sou kwa a pou peche yo, maladi yo, ak soufrans yo.

Aktivite posib

  • Li avèk timoun yo Lik 22:39–44 ak kèk vèsè ou seleksyone nan Matye 27:29–50. Envite yo pou yo chèche mo ki ap ede yo konprann sa Sovè a te santi nan Jetsemani ak sou kwa a.

  • Ede yo memorize twazyèm atik lafwa a. Rann temwayaj ou ke Jezikri gen pouvwa pou l sove nou anba peche ak lanmò.

  • Ede yo prepare ti diskou piti sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ke yo ka pataje avèk lòt moun. Ankouraje yo pou yo enkli yon ekriti ak temwayaj yo nan diskou yo. Si yo bezwen èd anplis, yo ka li “Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a” nan Ankre nan lafwa (p. 71–77).

Paske Jezi te mouri epi l te resisite, m ap viv ankò.

Timoun w ap anseye yo ap gen pou yo konfwonte ak lanmò yon moun ki chè pou yo yon jou kanmèm, si sa pa fèt deja. Ede yo konnen ke, paske Jezikri te resisite, nou tout ap resisite.

Aktivite posib

  • Montre foto sa yo ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 57, 58, ak 59, epi mande timoun yo pou yo fè foto yo matche avèk pasaj ekriti sa yo: Matye 27:29–38, 59–60

  • Envite yo pou yo chak li sou “Rezirèksyon” an nan Diksyonè Bib la epi ekri kesyon tès yo ka poze sou sa yo li yo. Bay timoun yo tan pou yo chak poze kesyon yo genyen ak pou yo jwenn repons yo ansanm.

  • Ede yo gade nan endèks pa sijè a nan liv Chants pour les enfants an pou yo ka chèche yon kantik yo ta renmen aprann sou Jezikri oubyen sou Rezirèksyon an. Chante chan an ansanm plizyè fwa. Mande yo kisa yo aprann nan chan sa a.

  • Anvan klas la, envite kèk nan timoun yo pou yo vini tou prepare pou pataje temwayaj yo sou Ekspyasyon ak Rezirèksyon Sovè a. Envite yo pou yo ekri temwayaj yo pou yo ka pataje l lakay yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ede timoun yo pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo, ankouraje yo pou yo chante yon kantik sou Jezikri lakay yo semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun benefisye anpil nan repetisyon. Pa pè refè aktivite yo plizyè fwa, espesyalman pou timoun ki pi piti yo. Repetisyon ap ede yo sonje sa w anseye yo.

Enprime