Vini, Suiv Mwen
15-21 Avril. Pak: “O Tonbo! Kote viktwa w?”


“15-21 Avril. Pak: “O Tonbo! Kote viktwa w?”” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“15-21 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Tonm nan Jaden an

15-21 Avril

Pak

“O Tonbo! Kote viktwa w?”

Pandan w ap li temwayaj konsènan Rezirèksyon Sovè a ki nan plan sa a, pran nòt sou sa w santi ak enpresyon ou resevwa nan men Sentespri a.

Ekri enpresyon ou

Pandan dènye semèn lavi Sovè a, anpil Juif bò kote li t ap patisipe nan tradisyon Pak yo. Yo te prepare manje, yo te chante, epi yo te rasanble ansanm pou yo te sonje delivrans mezon Izrayèl la soti nan esklavay anba men Ejipsyen yo. Fanmi yo t ap koute istwa zanj destriktè a ki pa t touche kay zansèt yo ki te gen mak san anyo a sou pòt yo a. Nan mitan tout selebrasyon si ranpli avèk senbòl delivrans lan, pa t gen anpil moun ki te konsyan ke Jezikri, Mouton Bondye a, ta pral delivre yo anba esklavaj peche ak lanmò—atravè soufrans li, lanmò li, ak Rezirèksyon li. Malgre sa, te genyen ki te rekonèt Jezi kòm Mesy yo te pwomèt la, Liberatè etènèl yo a. Apati jou sa a, disip Jezikri yo te rann temwayaj bay tout mond lan “ke Kris la te mouri pou peche nou … ; epi yo te antere li, epi l te leve ankò nan twazyèm jou a” (1 Korentyen 15:3–4).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 21–28

Jezikri gen pouvwa pou ede m simonte peche, lanmò, eprèv, ak feblès.

Yon fason pou n konsantre sou benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Sovè a yo semèn sa a se pase tan chak jou ap li sou dènye semèn lavi Jezi a (gen yon orè etid yo ba nou la a). Kisa w jwenn nan chapit sa yo ki ede w santi amou Sovè a? Kisa w aprann sou pouvwa li pou delivre w anba peche ak lanmò? Kisa w aprann sou andire eprèv ak simonte feblès? Kijan w egzèse lafwa nan pouvwa delivrans li?

Imaj
Dènye Repa a

Dènye Repa a, pa Carl Heinrich Bloch

Matye 28:1–10; Lik 24:13–35; Jan 20:19–29; 1 Korentyen 15:1–8, 55

Anpil temwen temwaye de Rezirèksyon Jezikri a.

Imajine kisa sa te ye pou disip yo t ap gade yo t ap moke Jezi, maltrete li, ak krisifye li. Yo te temwen pouvwa li, yo te santi verite ansèyman l yo, epi yo te gen lafwa ke l sete Pitit Gason Bondye a. Pou yo te temwen lanmò li, sa te dwe yon eprèv lafwa pou kèk nan yo, men byen vit yo te vin temwen gwo mirak Rezirèksyon l lan.

Kisa w ka aprann nan resi moun ki te temwen Sovè a Resisite yo? Make oubyen note eksperyans chak moun ki nan Matye 28:1–10; Lik 24:13–35; Jan 20:19–29; ak 1 Korentyen 15:1–8, 55 yo. (Note ke w ka jwenn lòt temwen Kris resisite a nan 3 Nefi 11; Mòmon 1:15; Etè 12:38–39; Doktrin ak Alyans 76:19–24; 110:1–10; and Joseph Smith—Istwa 1:15–17.) Nan resi sa yo, kisa k fòtifye lafwa ou nan Rezirèksyon literal Senyè a? Apre Rezirèksyon Sovè a, gen lòt moun ki te resisite e ki te parèt devan anpil moun (gade Matye 27:52–53; 3 Nefi 23:9). Selon oumenm, poukisa l enpòtan pou sa ekri nan Bib la ak nan Liv Mòmon an?

Gade tou “Jezi resisite,” “Senyè resisite a parèt devan Apot yo,” “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè” (videyo, LDS.org).

1 Pyè 1:3–11

Jezikri ba n lespwa ak lajwa.

Pitit fi Èldè Paul V. Johnson nan, Alisa, ki te soufri kansè nan faz tèminal e ki te sibi plizyè operasyon, te montre egzanp “esperans vivan” Pyè dekri nan 1 Pyè 1:3–11 lan. Èldè Johnson te pataje yon lèt Alisa te ekri nan epòk Pak, yon ti peryòd anvan l te mouri: “Pak se yon rapèl tout sa m espere pou tèt mwen. Pou yon jou m ta geri epi yon jou m ta vin an sante. Yon jou pou m pa gen okenn metal ni plastik andedan mwen. Yon jou pou kè m ta libere anba laperèz epi lespri m libere anba enkyetid. ... Mwen kontan anpil dèske m kwè vrèman nan yon bèl lavi apre lanmò” (“Epi pa p gen lanmò ankò,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 121).

Ki mo oubyen fraz nan 1 Pyè 1:3–11 yo ki ba w esperans gras ak Jezikri? Nan ki okazyon ou te santi eperans sa a? Kijan w ka pataje esperans ou genyen gras ak Jezikri a avèk moun ou renmen yo?

Gade tou Alma 27:28; 36:1–24; 3 Nefi 9:11–17; Mowoni 7:40–41.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Mormon.org

Seksyon “Semèn Sent” la nan mormon.org/easter a gen yon kwonoliji ak yon deskripsyon sou sa k te rive chak jou nan dènye semèn lavi Sovè a. Chak jou nan semèn nan, fanmi w ka repase deskripsyon sa yo pou yo wè sa Sovè a te fè jou sa a, oubyen ou ka li osijè dènye semèn ni an nan ekriti yo an fanmi (gade lis yo sigjere nan seksyon “Ide pou etid ekriti pèsonèl la).

Cantiques ak Chants pour les enfants

Panse pou w chante kantik ansanm sou Ekspyasyon Sovè a ak Rezirèksyon l lan pandan semèn sa a, ansanm ak kèk kantik ki mwens familye pou ou (gade endèks pa sijè ki nan liv Cantiques la oubyen Chants pour les enfants an, anba tit tankou “Sakrifis Ekspyatwa,” “Pak,” oswa “Rezirèksyon”). Pou ede manm fanmi w yo aprann chan yo, ou gen dwa montre yo imaj ki mache avèk pawòl yo.

“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo”

Ansanm an fanmi, li “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (Ensign oswa Liahona, Avr. 2000, 2–3; gade tou LDS.org), epi envite chak manm fanmi pou yo chwazi yon mesaj Pak nan temwayaj sa a pou yo pataje avèk lòt. Paregzanp, ou gen dwa kreye afich pou w pibliye sou rezo sosyal, devan pòt ou, oubyen sou fenèt ou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Fikse bi ki reyalizab. Pase menmsi se kèlke minit nan yon jounen ap etidye ekriti yo ka beni lavi ou. Pran angajman pou w etidye chak jou, pou w jwenn yon mwayen pou raple w angajman w lan, ak pou w fè tout sa w kapab pou kenbe li.

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Jetsemani, pa Adam Abram

Enprime