Vini, Suiv Mwen
Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’


“Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 20192019)

“Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezikri k ap nouri foul moun nan

Nouri yo, pa Jorge Cocco

Mas 25–31.

Maye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6

“Pa pè.”

Pandan w ap prepare pou anseye Matye 14–15; Mak 6–7; ak Jan 5–6 la, chèche mesaj ki gen rapò avèk lavi timoun w ap anseye yo. Kisa w panse k ka ede yo konprann mesaj sa yo? Plan sa a ka ba w kèk ide.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto Jezi k ap mache sou dlo a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a, epi mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou istwa sa a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jan 5:1–9

Jezikri konn sa nou bezwen e li ka ede nou.

Pandan w ap li istwa Jezi ki te geri mesye nan pisin Betseba a, reflechi sou fason ou ka ede timoun yo wè sa istwa a anseye sou jantiyès, lanmou, ak lòt kalite Jezi.

Aktivite posib

  • Itilize foto Kris la k ap geri malad yo nan Betseba a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 42) pou rakonte timoun yo istwa a nan Jan 5:1–9. Oubyen pase videyo “Jezi k ap geri yon mesye nan jou Sabba a” (LDS.org). Mande timoun yo pou yo imajine ke yo se moun Jezi t ap geri a. Kijan yo t ap santi yo lè Jezi te geri yo a?

  • Mande yo pou yo site kèk bagay ki difisil pou yo oubyen ki rann yo tris. Pale yo de yon lè nan lavi w kote w te resevwa èd Sovè a pandan yon eprèv difisil. Temwaye ke Jezi okouran tout pwoblèm nou epi li vle ede nou.

Matye 14: 13–21

Nou suiv egzanp Jezi lè nou janti avèk lòt moun.

Yon fason Jezi te montre lanmou sete lè l te nouri disip li yo lè yo te grangou a. Kijan w ka ede timoun yo aprann sèvi lòt moun jan Jezi te fè a.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon panye ak kèlke pen pandan w ap rakonte istwa a ki nan Matye 14:13–21 an. Eksplike ke malgre Jezi te ale nan montay la pou l te ka poukont li, moun yo te anvi rete bò kote li. Rakonte yo rès istwa a, epi mande yo pou yo koute kisa Jezi te fè pou l te montre jantiyès ak lanmou pou yo.

  • Mande yo pou yo rakonte fason yon moun te janti avèk yo. Kisa yo ka fè semèn sa a pou yo janti ak lòt moun? Pou chak repons yo bay, fè desen yon pen oubyen yon pwason sou tablo a. Di timoun yo lè yo fè bagay sa yo, yo suiv egzanp Jezi te bay la lè l te nouri senk mil moun ki te grangou yo.

Matye 14:22–33

Lafwa nan Jezikri ka ede nou pou n pa pè.

Pyè te montre gwo lafwa lè l te mache sou dlo a al jwenn Jezi a. Ki leson timoun yo ka tire nan istwa sa a?

Aktivite posib

  • Montre foto Jezi k ap mache sou dlo a (Liv Ilistration Levanjil la, no. 43) pandan w rakonte istwa a nan pwòp mo pa ou. Panse pou w itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo rakonte w istwa a yomenm tou. Ou gen dwa pote yon ti bòl dlo epi envite timoun yo pou yo fè tankou y ap “mache” sou dlo a avèk dwèt yo.

  • Pase videyo “Poukisa w doute?” a nan (LDS.org), epi mande timoun yo pou yo gade kisa k te lakoz Pyè te pè a. Apresa mande yo pou yo pale de kèk moman kote yo te pè epi fè yo di kisa k te ede yo. Ede yo wè ke lafwa nan Jezikri ede nou simonte laperèz.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jan 5:17–47

Jezikri anseye nou sou Pè Selès la.

Kijan ansèyman Jezi yo sou Pè Selès la ede timoun yo aprann osijè Pè Selès la?

Aktivite posib

  • Prepare de kalite kat ki sanble, ki gen mo Jezi te itilize pou anseye sou Pè Selès la nan Jan 5 yo ekri sou yo, tankou lanmou, lavi, ak zèv (gade Jan 5:20, 26, 36). Mete kat yo fas anba, epi mande yo pou yo chèche sa ki matche yo kote y ap vire de kat alafwa. Lè yon jwenn de ki matche, li vèsè ki gen mo yo, epi mande yo kisa mo a anseye nou sou Pè Selès la.

  • Mande yo pou yo li Jan 5:30, epi apre konplete fraz sa a: “Se pa volonte pa m m ap chèche fè, men Kijan Kris la te fè volonte Pè Selès la? Kijan nou ka fè volonte Pè Selès la?

Jan 6:5–14.

Ti kontribisyon pa nou yo kapab fè yon diferans.

Se yon jèn tigason ki te bay pen ak pwason Jezi te itilize pou l te nouri senk mil moun yo. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo wè ki fason yo ka patisipe nan travay Senyè a?

Aktivite posib

  • Distribye kèk bonbon sèl oubyen kèk moso pen bay timoun yo. Ede yo imajine ki gwosè yon foul ki gen senk mil moun kapab ye. Kisa yo t ap santi yo si yo ta gen pou nouri tout kantite moun sa yo avèk senk pen ak de pwason sèlman?

  • Envite yon timoun pou l rakonte istwa nouri senk mil moun yo nan pwòp mo pa li. Kijan nou ka tankou tigason sa a nan Jan 6:9 la? Envite timoun yo pou yo fè desen pen ak pwason sou papye epi ekri kèk bagay yo ka bay Senyè a pou ede nan travay li a sou yo.

  • Bayo yon ti jwèt kastèt pou yo fè. Kisa k t ap rive si youn nan pyès nan jwèt kastèt yo ta manke? Eksplike ke nou chak tankou yon pyès nan yon jwèt kastèt—nou tout gen yon bagay enpòtan pou nou kontribye nan lavi lòt moun. Kijan timoun yo ka kontribye nan fanmi yo oswa nan klas la?

Imaj
Pen ak pwason

Jezi te mirakilezman nouri 5.000 moun avèk senk pen ak de pwason.

Matye 14:22–33

Lafwa nan Jezikri ka ede nou pou n pa pè.

Lafwa ak laperèz jwe wòl enpòtan nan istwa Jezi ak Pyè k ap mache sou dlo a. Kisa timoun yo ka aprann nan istwa sa a?

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Mande timoun yo pou yo chèche yon vèsè nan Matye 14 la ki dekri foto a.

  • Mande yo pou yo chèche siy lafwa ak siy laperèz pandan y ap li Matye 14:22–33 la. Ou ka pase videyo “Poukisa w doute?” a tou. LDS.org Kisa sa vledi “gen lafwa nan Jezikri? Kijan nou ka ranplase laperèz pa lafwa?

  • Mande timoun yo pou yo imagine yomenm ki te prezan epi ki te gen yon kamera lè Jezi ak Pyè t ap mache sou dlo a. Ki moman yo t ap chwazi pou yo te fotografye e poukisa? Sigjere yo pou yo chèche nan Matye 14:22–33 pou yo ka jwenn ide. Envite yo pou yo desine moman yo te chwazi a, montre desen yo a, epi eksplike poukisa yo chwazi moman sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Si timoun yo fini paj aktivite semèn sa a, envite yo pou yo itilize li pou anseye fanmi yo sou sa yo te aprann jodia.

Amelyore ansèyman nou

Envite pataj. Poze timoun yo kesyon sou sa yo panse, sa yo santi, ak eksperyans yo. W ap wè ke yo souvan gen ide ki senp men ki pwofon.

Enprime