Vini, Suiv Mwen
11–17 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: “Jezi voye Douz yo’


“11–17 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Jezi voye Douz yo’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11–17 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè 2019

Imaj
Jezi òdone Pyè

11–17 Mas.

Matye 10–12; Mak 2; Lik 711

“Jezi voye Douz yo”

Pandan w ap li Matye 10–12; Mak 2; ak Lik 711 la, w ap resevwa enspirasyon nan men Lespri a ki ap ede w prepare tèt ou. Enspirasyon sa yo, ansanm avèk Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ede w nan preparasyon w lan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ankouraje timoun yo pou yo pataje kijan yo sanktifye jou Saba a.

Imaj
Senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 10:1–10

Jezi te aple Douz Apot epi l te ba yo pouvwa pou fè travay li.

Èske timoun w ap anseye yo konnen nou gen Douz Apot jodia? Kijan nou ka itilize vèsè sa yo pou anseye yo enpòtans Apot aktyèl nou yo ak sa yo aple pou yo fè?

Aktivite posib

  • Rezime Matye 10:1–10 la nan tèm senp. (Gade Kris k ap òdone Apot yo, Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 38.) Eksplike yo ke Jezi aple Apot pou ede l bati Legliz li a.

  • Fè timoun yo konte Apot yo ki nan foto Kris k ap òdone Apot yo (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 38) ak foto yon Kolèj Apot aktyèl yo (gade LDS.org oubyen yon revi Ensign oswa Liahona konferans jeneral). Eksplike ke nou gen douz Apot jodia, menmjan ak nan epòk Jezi a.

  • Kache foto Apot aktyèl yo nan tout sal la (pou w jwenn foto sa a, gade nan yon revi Ensign oswa Liahona konferans jeneral ki resan). Envite timoun yo pou yo chèche foto yo, epi pale yo de chak Apot (gade “Rankontre Pwofèt ak Apot yo” nan LDS.org).

  • Envite yon timoun pou l kenbe yon foto Premye Prezidans lan ak yon foto Kolèj Douz Apot yo. Mande timoun nan pou l gide lòt timoun yo nan sal la pou yo ka jwenn foto Jezi a. Temwaye ke pwofèt yo ak apot yo mennen nou al jwenn Jezikri.

  • Pataje temwayaj ou sou douz Apot yo.

Imaj
Kolèj Douz Apot yo

Douz Apot yo akonpli travay Senyè a jodia.

Matye 11:28–30

Jezi ap ede m si m vin jwenn ni.

Timoun yo ka santi yo rekonfòte dèske yo konnen Jezi ap ede yo pote fado yo lè yo vin jwenn ni.

Aktivite posib

  • Li Matye 11:28–30 epi montre foto atelaj bèf la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Fè yo remake ke atelaj bèf la ka tire plis pwa ansanm pase lè yo separe. Temwaye ke lè nou santi nou tris, enkyè, oswa efreye, nou ka chèche Jezi e l ap ede nou.

  • Mande yon timoun pou l leve yon bagay lou. Lè l ap lite, ofri l èd ou. Kijan Jezi ede nou fè bagay difisil yo? Èske timoun yo konn santi èd li?

Matye 12:1–13

Mwen ka sanktifye jou Saba a.

Ki kèk fason amizan nou ka anseye timoun yo sou jou Saba a ak pou ki rezon nou sanktifye li?

Aktivite posib

  • Li Matye 12:10–13 fò. Envite timoun yo pou yo kanpe epi chita chak fwa ou di mo “Saba,” epi repete fraz sa a avèk yo “Li [bon] pou nou fè byen nan jou saba yo” (Matye 12:12). Daprè yo, kisa sa vle di?

  • Montre timoun yo yon kalandriye epi di yo ki jou ki jou Saba a. Kisa nou fè nan lòt jou yo nan semèn nan? Kisa nou ka fè nan jou Saba a pou rann ni diferan avèk lòt jou yo? (gade Ezayi 58:13–14).

  • Mande timoun yo pou yo desine bon bagay yo ka fè nan jou Saba a (gade paj aktivite sa a pou semèn nan).

  • Envite timoun yo pou yo vini ak jès ki ka ede yo sonje kijan nou ka prepare n pou jou Saba a pandan y ap chante kantik “Samdi” a, Chants pour les enfants, 196.

  • Desine je, zòrèy, yon bouch, ak men sou tablo a. Mande timoun yo pou yo di w kisa chak pati sa yo nan kò yo a ka fè pou sanktifye jou Saba a.

Imaj
Senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 10:1–10; Mak 3:13–19

Douz Apot yo ka anseye m osijè Jezi.

Ki fason aprann sou Apot yo nan epòk Kris la ede timoun yo pi byen konprann sa Douz Apot yo ap fè jodia?

Aktivite posib

  • Montre foto Apot nan epòk Jezi yo ak nan epòk pa nou an (gade Kris la k ap òdone Apot yo, Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 38, ak yon nimewo resan nan revi konferans Legliz yo). Mande timoun yo pou yo li Matye 10:1–10 ak Mak 3:14–15 pou yo ka dekouvri sa Apot yo ap fè.

  • Envite kèk timoun pou yo vini prepare pou rakonte yon istwa youn nan Apot vivan yo te rakonte. Kijan Apot vivan yo ap ede nou vin plis sanble ak Sovè a?

  • Ekri non Apot aktyèl yo sou moso papye. Envite timoun yo pou yo asosye non chak Apot avèk foto li (LDS.org). Ou ka refè aktivite sa a plizyè fwa.

  • Bay timoun yo plizyè egzanp temwayaj Apot dènye jou yo rann sou Kris la (gade mesaj konferans jeneral resan yo oubyen “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” Ensign oswa Liahona, Avr. 2000, 2).

  • Ede timoun yo memorize ak konprann Atik Lafwa 1:6 la.

Matye 11:28–30

Jezi ap ede m si m vin jwenn ni.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke Sovè a ap ba yo soulajman anba pwoblèm yo si yo vin jwenn ni.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pataje yon lè kote yo te enkyè oubyen sousye pou yon bagay. Envite yo pou yo li Matye 11:28–30 pou yo ka jwenn konsèy ki ka ede yo nan sikonstans sa yo.

  • Envite timoun yo pou yo desine sa y ap fè pou yo vin jwenn Jezi epi aprann nan men li. Katriyèm atik lafwa a ka ba yo ide.

Matye 12: 1–14

Saba a se yon jou pou m fè bon bagay k ap rapwoche m de Bondye.

Timoun w ap anseye yo ap fòtifye si w mete aksan sou objektif ak benediksyon ki genyen nan sanktifye jou Saba a.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l jwe wòl mesye Sovè a te geri men l lan (gade Matye 12:10–13). Yon lòt timoun ta ka entèwoje li sou eksperyans lan.

  • Li Matye 12:12 ansanm. Ki kèk bon bagay nou ka fè nan jou Saba a? Fè timoun yo desine ide yo sou paj aktivite semèn sa a, koupe pyès yo, epi pran tan pou w mete chak lòt pyès kastèt yo ansanm.

  • Kache plizyè foto moun k ap fè kèk bagay ki demontre amou yo pou Pè Selès la nan jou Saba a. Mande timoun yo pou yo chèche foto yo epi eksplike nan ki sans bagay sa yo demontre amou nou pou Bondye.

  • Bay chak timoun yon sache ranpli ide sou bon bagay nou ka fè jou Saba a. Yo ka jwenn kèk ide nan “Respekte Jou Saba a” nan Pou fòs jèn yo, 30–31.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj nan fwaye

Envite timoun yo pou yo pataje ide sou sanktifye jou Saba a avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje reverans. Ede timoun yo konprann ke yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen chante oubyen fredone yon chan oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.

Enprime