Vini, Suiv Mwen
25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’


“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi ap anseye moun bò lanmè a, pa James Tissot

25 Fevriye–3  Mas

Matye 6–7

“Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite”

Kòmanse li Matye 6–7 pandan w ap panse a timoun w ap anseye yo. Ki mesaj nan chapit sa yo yo bezwen tande? Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan sa a kapab ba w ide pou ansèyman, si w bezwen.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yo te fè pandan semèn pase a pou yo te ka yon limyè oswa yon egzanp pou yon moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 6:5–13

Mwen ka priye Papa m ki nan Syèl la jan Jezi te fè a.

Timoun yo ka aprann priye lè yo koute priyè lòt moun. Kijan w ka ede yo aprann apati priyè Jezikri te fè nan vèsè sa yo?

Aktivite posib

  • Repase ansèyman Jezi te bay sou fason pou priye yo ki nan Matye 6:5–13 la. Ou gen dwa itlize “Chapit 20: Jezi anseye sou priyè” a, Istwa Nouvo Testaman, 51–52, oswa videyo korespondan an (LDS.org).

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo sonje diferant pati lapriyè yo.

  • Trase men chak timoun sou yon moso papye. Pale sou sa nou dwe fè avèk men nou ak bra nou lè n ap priye. Sou chak desen, ekri yon bagay nou fè pou montre reverans lè n ap priye (paregzanp, bese tèt nou, fème je nou, eksetera).

  • Ede timoun yo fè yon afich oswa yon tablo ki ka ede yo sonje pou yo priye maten ak aswè, epi envite yo pou yo montre fanmi yo li.

  • Chante yon kantik sou lapriyè avèk timoun yo (tankou “Le front baissé,” Chants pour les enfants, 18), epi rann temwayaj ou sou pouvwa lapriyè. Ou gen dwa envite timoun yo pou yo pale de eksperyans yo avèk lapriyè tou.

Imaj
yon tigason k ap priye

Mwen ka priye Papa m ki nan Syèl la jan Jezi te fè a.

Matye 7:12

Mwen ta renmen trete lòt moun jan m ta renmen yo trete mwen.

Ansèyman Jezi ki nan Matye 7:12 la—ke nou konnen sou non Règ Lò a—bay modèl senp sou fason pou nou trete lòt moun. Kisa k pral ede timoun w ap anseye yo viv selon prensip sa a.

Aktivite posib

  • Li Matye 7:12, epi repete li nan senp mo ke timoun yo kapab konprann. Ede timoun yo reflechi sou plizyè fason pou yo konplete yon fraz tankou sa a: “Mwen renmen lè lòt moun pou mwen.” Apre chak fraz, envite yo pou yo repete avèk ou: “Konsa, mwen dwe pou lòt moun.”

  • Chante avèk timoun yo “Jesus Said Love Everyone (Jezi di renmen tout moun),” Children’s Songbook, 61, epi fè jès senp pou akonpaye chante a. Mande yo kisa yo aprann nan egzanp Sovè a sou fason yo dwe trete lòt moun.

  • Envite yo pou yo fè lis bagay janti paran yo oubyen lòt manm fanmi yo fè pou yo. Li Matye 7:12, epi envite timoun yo pou yo fè lis bagay janti yo ka fè pou fanmi yo.

Matye 7:24–27

Mwen ka bati yon fondasyon solid si m suiv Jezi.

Itilize parabòl Sovè a sou bati yon kay sou sab oubyen sou wòch la ka yon fason memorab pou anseye timoun yo sou enpòtans pou nou viv selon sa nou aprann yo.

Aktivite posib

  • Chante avèk timoun yo kantik “Le sage et le fou” a, Chants pour les enfants, 132, epi itilize jès pou akonpaye pawòl yo.

  • Itilize Matye 7:24 pou anseye sou diferans ant moun saj la ak moun fou a. Envite yo pou yo fè tankou y ap bati yon kay. Kijan nou ka tankou mesye saj la?

  • Fè timoun yo desine parabòl moun saj la ak moun fou a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 6–7

Diskou sou Mòn nan gen mesaj pou mwen.

Chapit sa yo gen anpil mesaj ki ka aplike pou timoun w ap anseye yo. Li yo avèk timoun yo nan lespri ou. Kisa k pi frape ou?

Aktivite posib

  • Raple timoun yo ke yo te etidye sa Jezi te anseye yo nan Diskou sou Mòn nan. Ki verite yo ka sonje yo te aprann semèn pase a?

  • Ekri kèk fraz nan Diskou sou Mòn nan sou tablo a ak kèk lòt fraz ki pa nan ekriti yo. Envite yo pou yo chèche ki fraz ladan yo ki nan Diskou sou Mòn nan epi pataje sa yo aprann ladan yo.

  • Chwazi plizyè vèsè nan Matye 6–7 ou santi k ap enpòtan pou timoun yo. Ekri referans ekriti yo sou kèk kat, epi kache yo nan tout sal la. Fè yo chèche yo, li vèsè yo, epi eksplike poukisa ansèyman sa yo enpòtan pou yo.

  • Pataje yon pasaj ou pi renmen nan Matye 6–7 la, epi eksplike yo poukisa ou renmen li. Si timoun yo gen yon pasaj yo renmen, envite yo pou yo di poukisa yo renmen l ak kisa yo aprann nan li.

  • Chante “Jésus-Christ est mon modèle (I’m Trying to Be like Jesus),” Children’s Songbook, p. 78–79 la avèk yo epi kanpe chan an chak fwa w rive sou yon fraz ki pale de yon prensip yo anseye nan Matye 6–7 la (tankou “aprann sèvi zanmi mwen”). Ede timoun yo fè koneksyon ant sa y ap aprann nan chapit sa yo.

Matye 6:5–13; 7:7–11

Papa nou ki nan Syèl la tande m lè m priye epi l reponn mwen..

Daprè etid ou nan Matye 6:5–13; 7:7–11 la, kisa w santi timoun yo dwe konprann sou lapriyè?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 6:9–13 fò epi apre fè lis sa Sovè a di yo nan priyè l la. Kijan nou ka suiv egzanp li lè n ap priye?

  • Chante yon chan sou lapriyè avèk timoun yo, tankou “La prière est comme un phare?” Cantiques, no. 75. Ede yo chèche wè pouki rezon nou priye nan pawòl chan yo ak ki benediksyon ki soti nan lapriyè.

  • Ede yo memorize Matye 7:7 kote y ap fè yon jwèt tankou sa a: Yon timoun ap resite premye mo oubyen premye fraz nan vèsè a epi apre l ap voye yon balon bay yon lòt timoun, ki ap resite pwochen mo oswa pwochen fraz la.

  • Mime Matye 7:9–10 avèk timoun yo pandan w ap itilize ekspresyon ki senp. Mande yo pou yo pou pataje sa ekriti sa a anseye yo osijè lapriyè.

  • Pataje yon eksperyans kote priyè w te egzose.

Matye 6: 19–21

Mwen ka chèche trezò etènèl yo olye de trezò terès yo.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo bay bagay etènèl yo plis valè pase bagay nan mond lan?

Aktivite posib

  • Pote yon bwat “trezò” plen objè oswa foto ki reprezante bagay mond lan bay valè—tankou lajan, oswa jwèt. Li Matye 6:19–21 ansanm, epi apresa, mande yo pou yo ede w panse a trezò selès ki ta ka ranplase bagay mond lan yo ki nan bwat la.

  • Envite yo pou yo site oubyen desine kèk bagay yo ta ka fè pou “anpile … trezò nan syèl la” (Matye 6:20).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje ansèyman yo pi renmen nan Diskou sou Mòn nan avèk fanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Chèche konprann manm klas ou yo. Ou konn timoun w ap anseye yo. Ou gen dwa modifye ide ki nan plan sa a pou yo ka pi byen koresponn avèk bezwen timoun nan klas ou yo. Ou gen dwa repase tout aktivite yo bay nan plan sa a, e pa sèlman sa k pou laj timoun w ap anseye yo, pou w ka jwenn ide pou klas pa w la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)

Enprime