Vini, Suiv Mwen
25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’


“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi ap anseye moun bò lanmè a, pa James Tissot

25 Fevriye–3  Mas

Matye 6–7

“Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite”

Lè nou li ekriti yo avèk yon kesyon nan tèt nou epi avèk yon dezi sensè pou n konprann sa Pè Selès la vle nou konnen, nou envite Sentespri a pou l enspire nou. Pandan w ap li Matye 6–7 la, pote atansyon a enpresyon sa yo.

Ekri enpresyon ou

Diskou sou Mòn nan se youn nan diskou ki pi rekoni nan Krisyanis la. Sovè a te anseye avèk bèl imaj, tankou yon vil ki sitiye sou yon kolin, flè lis nan chan yo, ak lou ki degize an mouton. Men, Diskou sou Mòn nan plis pase yon bèl diskou. Pouvwa ansèyman Sovè a te bay disip li yo ka chanje lavi nou, espesyalman lè nou aplike yo. Lè sa a, pawòl li yo vin plis pase pawòl; yo vin yon fondasyon asire pou lavi nou ki, menmjan ak kay moun ki saj la, ka kanpe devan van ak siklòn mond lan (gade Matye 7:24–25).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 6–7

Mwen dwe fikse kè m sou bagay selès yo.

Li pa toujou fasil pou n bay bagay Bondye yo priyorite sou bagay mond lan. Kiyès nan ansèyman Sovè a nan Matye 6–7 la ki ede w konsantre w sou bagay selès yo? Ki panse oubyen enspresyon ou genyen pandan w ap etidye pawòl li yo? Kisa w santi w enspire pou w fè? Sonje pou ekri enpresyon w yo. Pa egzanp:

Matye 6: 1–4

Mwen ta dwe pi sousye de sa Bondye panse de mwen olye m sousye de sa lòt moun panse.

Matye 6–7

Mwen ka rapwoche m de Bondye atravè priyè enb ak sensè.

Diskou sou Mòn nan gen anpil tèm, epi tèm w ap remake yo pral depann, nan yon sèten degre, de sitiyasyon aktyèl lavi ou ak sa Senyè a vle kominike ou.

Youn nan tèm nan Matye 6–7 yo se lapriyè. Pran yon moman pou w evalye lapriyè ou. Selon oumenm, kijan w santi w progrese nan efò ou pou w rapwoche de Bondye atravè lapriyè yo? Ki ansèyman nan Matye 6–7 la ki enspire w pou w amelyore fason w priye? Ekri enpresyon ou resevwa atravè Lespri yo. Paregzanp:

Matye 6:9

Lè m ap priye, mwen dwe trete non Pè Selès la avèk reverans.

Matye 6:10

Lè m ap priye, mwen dwe eksprime dezi m pou volonte Senyè a fèt.

Ou gen dwa reli Diskou sou Mòn nan, fwa sa a nan chèche yon lòt tèm oubyen yon mesaj ki espesyalman aplikab pou oumenm. Ekri sa w jwenn nan nan yon jounal etid, ansanm ak panse w ak enpresyon w.

Imaj
yon fanmi k ap priye

Nou ka rapwoche de Bondye atravè lapriyè.

Matye 6:7

Kisa savledi itilize “repetisyon initil” nan lapriyè?

Gen moun ki souvan panse ke “repetisyon initil” vledi repete menm mo yo san rete. Sepandan, mo initil la ka dekri yon bagay ki pa gen okenn valè tou. Itilize “repetisyon initil” nan lapriyè ka vledi priye san senserite oubyen san santiman ki sot nan kè nou (gade Alma 31:12–23).

Matye 6:9–13

Poukisa nou pa resite Priyè Senyè a (Notre Père)?

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Anvan priyè l la, Senyè a te mande moun ki t ap suiv li yo pou yo evite ‘repetisyon initil’ [Matye 6:7] epi pou yo priye ‘nan fason sa a’ [Matye 6:9]. Konsa, Priyè Senyè a (Notre Père) se yon modèl priyè pou nou suiv e non pa yon tèks pou n aprann pakè epi pou n resite san rete. Mèt la senpleman vle pou nou priye pou n mande èd Bondye pandan n ap fè efò konstamman pou n reziste anba mal ak pou n mennen yon lavi dwat” (“Leson nan Priyè Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 46–47).

Matye 7: 1–5

Mwen dwe jije avèk dwati.

Nan Matye 7:1, Sovè a ka sanble l di nou pa dwe jije, men nan lòt pasaj ekriti (enkli lòt vèsè nan chapit sa a), li ba nou enstriksyon sou fason pou nou jije. Si sa sanble l dewoute w, Tradiksyon Joseph Smith la sou vèsè sa a kapab ede w: “Pa jije enjisteman, pou yo pa jije ou; men jije avèk yon jijman ki jis” (nan Matye 7:1, referans a). Kisa w jwenn nan Matye 7:1–5 la, ansanm avèk nan rès chapit la, ki ede w konn kijan pou “pote jijman ki jis”?

Gade “Jije lòt moun,” Ankre nan lafwa, 90–91; Lynn G. Robbins, “Jijman ki jis,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 96–98 tou.

Matye 2: 11–12

Mwen vin konn Jezikri nan fè volonte li.

Fraz “Mwen pa t janm konnen w” la nan Matye 7:23 a chanje nan Tradiksyon Joseph Smith la pou l vin “Ou pa t janm konnen mwen” (Matye 7:23, referans a). Nan ki fason chanjman sa a ede w pi byen konprann sa Senyè a anseye nan vèsè 21–22 a sou fè volonte li? Nan ki pwen ou panse w konn Senyè a? Kisa w ka fè pou w konnen l pi byen?

Gade David A. Bednar, “Si w te konnen mwen,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 102–5 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap etidye Diskou sou Mòn nan avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 6–7

Yon fason pou n aprann nan Matye 6–7 antanke fanmi se gade videyo “Diskou sou Mòn nan: Priyè Senyè a” ak “Diskou sou Mòn nan: Trezò nan syèl la” (LDS.org). Manm fanmi yo ka suiv nan liv ekriti yo epi kanpe videyo yo lè yo tande yon bagay yo ta renmen diskite. Aktivite sa a ka pran plizyè jou, si bezwen.

Matye 6:5–13

Kisa nou ka aprann sou lapriyè nan fason Sovè a te priye a? Kijan nou ka itilize priyè l la kòm modèl pou amelyore priyè pèsonèl ak familyal nou? (Gade Lik 11:1–13 tou.) Si w gen timoun piti, ou gen dwa fè pratik priye ansanm.

Matye 6:33

Kisa sa vle di pou “chèche .... Wayòm Bondye a toudabò”? Kijan nou ka fè sa antanke fanmi?

Matye 7: 1–5

Ou gen dwa itilize yon ti moso bwa ak yon gwo moso bwa pou reprezante yon pay ak yon poto pandan w ap diskite sou ansèyman Sovè a osijè jije lòt moun nan. Panse pou w li seksyon “Jije lòt moun” nan Ankre nan lafwa a, 90–91, kòm pati diskisyon sa a.

Matye 7:24,–27,

Pou ede fami w pi byen konprann parabòl Sovè a sou mesye saj la ak mesye fou a, ou ka kite yo vide dlo sou sab epi apresa sou yon wòch. Kijan nou ka bati fondasyon espirityèl nou sou yon wòch?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Pataje ide. Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou. Eseye pataje yon prensip ou aprann nan lekti semèn sa a avèk yon manm fanmi w oubyen nan klas ou nan legliz la.

Imaj
Jezi k ap priye

Mwen priye pou ou, pa Del Parson

Enprime