Vini, Suiv Mwen
18-24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Si nou gen zòrèy pou n tande, tande’


“18-24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Si nou gen zòrèy pou n tande, tande’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18-24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
ble a pare pou rekòlte

18-24 Mas.

Matye 13; Lik 813

“Si nou gen zòrèy pou n tande, tande”

Pandan w ap li Matye 13 ak Lik 813la, panse sou fason w pral prepare ou pou w “koute” ak apresye ansèyman Sovè a nan parabòl sa yo. Kisa w pral fè pou w aplike ansèyman sa yo nan lavi ou?

Ekri enpresyon ou

Kèk nan ansèyman ki pi memorab Sovè a te bay sete sou fòm senp istwa yo rele parabòl. Parabòl sa yo sete plis pase senp istwa enteresan osijè bagay oubyen evenman òdinè. Yo te gen verite pwofon sou wayòm Bondye a pou moun ki te espirityèlman prepare. Youn nan premye parabòl yo ekri nan Nouvo Testaman an—parabòl semè a (gade Matye 13:3–23)—envite nou pou n egzamine preparasyon nou pou n resevwa pawòl Bondye a. Jezi te deklare: “Moun ki resevwa a, y ap ba li, epi l ap genyen an abondans” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 13:10 [nan Matye 13:12, referans a]). Konsa, lè nou prepare nou pou n etidye parabòl Sovè a bay yo—oubyen nenpòt nan ansèymal l yo—yon bon fason pou n kòmanse se egzamine kè nou epi detèmine si nou bay pawòl Bondye a yon “bon teren” kote pou l grandi, fleri, e pwodui fwi ki ap beni noumenm ak fanmi nou an abondans (Matye 13:8).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 13

Kisa k “wayòm syèl” Kris la fè referans nan Matye 13 la?

Nan chapit sa a, “wayòm syèl la” fè referans ak vrè Legliz Kris la, ki se wayòm syèl la sou tè a. Pou plis enfòmasyon, gade Diksyonè Bib la, “Wayòm syèl la oubyen wayòm Bondye a.”

Matye 13:3–23; Lik 8:4–15

Kè m dwe prepare pou resevwa pawòl Bondye a.

Poukisa kè kèk moun pare pou resevwa verite a pandan ke kè kèk lòt moun sanble yo pa vle resevwa li? Lekti parabòl semè a ka ba ou yon bon opòtinite pou w reflechi sou fason w resevwa laverite nan men Senyè a. Li ta ka bon pou w ta kòmanse fè vèsè 3–8 nan Matye 13 la matche avèk entèpretasyon yo bay nan vèsè 18–23 yo. Kisa w ka fè pou kiltive “bon teren” nan oumenm? Kisa k ka kèk “pikan” ki anpeche w vrèman tande ak suiv pawòl Bondye a?

Gade tou Lik 13:34; Mozya 2:9; 3:19; Alma 12:10–11; 32:28–43; Dallin H. Oaks, “Parabòl Semè a,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 32–35.

Matye 13:24–35, 44–52

Parabòl Jezi yo ede m konprann kwasans ak destine Legliz li a.

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke parabòl ki nan Matye 13 yo dekri kwasans ak destine Legliz la nan dènye jou yo (gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 313–327). Pandan w ap li parabòl sa yo, ekri sa yo anseye sou Legliz Senyè a (ou gen dwa fè referans ak sa Pwofèt Joseph te anseye sou kèk nan parabòl sa yo):

Lè w fin medite sou parabòl sa yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w kapatisipe plis nan travay Legliz Kris la nan dènye jou yo? Ki kseyon k vin nan lespri ou ki ka ede w aplike parabòl sa yo? Paregzanp, “Kisa m dispoze pou m sakrifye pou Legliz la?”

Gade Diksyonè Bib la tou, “Leven,” “Parabòl.”

Imaj
pèl

Levanjil Jezikri a se yon “pèl gran pri” (Matye 13:46).

Matye 13:24–30, 36–43

Moun ki jis yo dwe grandi pami mechan yo jiskaske fen mond lan rive.

Yon fason pou n analize parabòl sa a se fè desen li epi note entèpretasyon ki nan Matye 13:36–43 ak Doktrin ak Alyans 86:1–7 yo sou li. Yon ivrè se yon “zèb anpwazonnen, ki, toutotan l pa grandi, aparans li sanble avèk aparans ble” (Diksyonè Bib la, “Ivrè”). Ki verite nan parabòl sa a ki enspire w pou w rete fidèl malgre mechanste ki nan mond lan?

Lik 8:1–3

Nan ki fason “kèk fi” te sèvi Sovè a?

“Disip fi te vwayaje avèk Jezi ak Douz yo, yo te aprann nan men [Jezi] pèsonèlman epi yo te sèvi l tanporèlman. ... Anplis resevwa ministè Jezi—bòn nouvèl levanjil li a ak benediksyon pouvwa gerizon li—fi sa yo te sèvi li, yo te bay byen yo ak devouman yo” (Filles dans mon royaume [2011], 4-5). Fi ki te suiv Sovè yo te rann temwayaj puisan sou li tou (gade Linda K. Burton, “Sèten Fi,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 12–15).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap etidye ansèyman Sovè a avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 13

Pandan manm fanmi w yo ap li parabòl Sovè a yo, yo gen dwa anvi panse a pwòp parabòl pa yo ki anseye menm verite yo konsènan wayòm syèl la (Legliz la), kote y ap itilize objè oswa sitiyasyon ki familye pou yo.

Matye 13:3–23; Lik 8:4–15

Kisa nou ka fè antanke fanmi pou kiltive “bon teren” nan kè nou ak nan fwaye nou? (Matye 13:23). Si w gen timoun piti nan fwaye ou, sa ta ka amizan pou w envite manm fanmi yo pou yo jwe wòl diferant fason pou prepare kè nou pou n tande pawòl Bondye a pandan ke lòt manm fanmi yo ap devine sa y ap fè yo.

Matye 13:13–16

Kijan w ka ede manm fanmi ou konprann enpòtans pou yo resevwa pawòl Kris la avèk yon kè byen dispoze? Paregzanp, ou ka kouvri zòrèy yon manm fanmi an pandan w ap li Matye 13:13–16 tou piti. Kisa manm fanmi sa a te konprann nan vèsè sa yo? Ki wòl je nou, zòrèy nou, ak kè nou jwe nan resevwa pawòl Bondye a? Nan ki fason nou fèmen je nou, zòrèy nou, ak kè nou pou pawòl Bondye a?

Matye 13:44–46

Kisa de mesye nan parabòl sa yo genyen an komen? Èske gen lòt bagay nou ta dwe fè endividyalman e antanke fanmi pou n mete wayòm Bondye a anpremye nan lavi nou?

Lik 13:11–17

Kijan nou ka suiv egzanp Sovè a e delivre moun anba esklavaj?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Memorize yon ekriti. Chwazi yon pasaj ekriti ki patikilyèman enpòtan pou fanmi ou, epi mande yo pou yo memorize li. Èldè Richard G. Scott te anseye: “Yon ekriti nou memorize vin yon zanmi chè ke lwayote l p ap febli avèk letan” (“Pouvwa ekriti yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 6).

Imaj
yon mesye k ap simen semans

Parabòl semè a, pa George Soper

Enprime