Vini, Suiv Mwen
25-31 Mas. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’


“25-31 Mas. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“25-31 Mas. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la k ap nouri foul la

Nouri yo, pa Jorge Cocco

25-31 Mas.

Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6

“Pa pè.”

Pandan w ap li Matye 14–15; Mak 6–7; ak Jan 5–6, chèche verite ki enpòtan pou ou. Ou gen dwa poze tèt ou kesyon tankou: “Nan kisa istwa nan chapit sa yo gen anrapò avèk mwen?” “Ki mesaj m jwenn pou lavi mwen?” oubyen “Kisa m ta renmen pataje avèk fanmi m ak lòt moun?”

Ekri enpresyon ou

Kisa k te pouse Pyè pou l te kite sekirite bato l la nan mitan Lanmè Galile a pandan yon tanpèt vyolan? Kisa k te fè l kwè ke si Jezi te ka mache sou dlo a, li te kapab tou? Nou pa ka konnen pou sèten, men petèt, Pyè te konprann ke Pitit Gason Bondye a pa t vini sèlman pou l te fè bagay mèveye pou pèp la men pou l te bay moun pouvwa tankou Pyè pou yo te fè bagay mèveye tou. Envitasyon Jezi, apretou, sete “Vini, suiv Mwen” (Lik 18:22). Pyè te aksepte envitasyon sa a yon fwa epi li te dispoze pou l te aksepte l ankò, menmsi sa te vledi fè fas avèk freyè li ak fè yon bagay ki te sanble l te enposib. Petèt Senyè a pap mande nou pou nou soti nan yon bato nan mitan yon tanpèt ni pou nou bay ti pwovizyon pen tou piti nou genyen an lè dè milye moun bezwen manje, men li ka mande nou pou n aksepte direksyon menm lè nou pa totalman konprann yo. Kèlkeswa envitasyon li ta fè nou, sa gen dwa parèt etonan ou menm efreyan pafwa. Men, mirak ka fèt si, menmjan ak Pyè, nou mete laperèz nou, dout nou, ak konpreyansyon limite nou akote pou nou suiv li ak lafwa.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jan 5:17–47

Jezikri onore Papa li

Relasyon ant Pè Selès la ak chak pitit li dwe se yon relasyon sakre. Nan vèsè sa yo, Jezikri te ba nou yon modèl enspiran pou n suiv nan relasyon nou avèk Pè Selès la. Li Jan 5:17–47, epi make oubyen note chak fwa nou wè mo Papa a. Kijan Pitit Gason an onore Papa a, epi kijan nou ka suiv egzanp li? Kisa nou aprann sou fason Papa a santi l osijè Pitit Gason an? Kijan fòtifye relasyon nou avèk Pè Selès la ka ogmante dispozisyon nou pou n chèche konnen ak obeyi volonte li?

Gade tou Jan 17; Jeffrey R. Holland, “Grandè Bondye,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 70–73.

Matye 14:16–21; Mak 6:33–44; Jan 6:5–14

Sovè a ka mayifye ofrann enb mwen yo pou akonpli bi li.

Èske w konn santi w enkapab pou reponn tout bezwen ki bò kote ou—nan fwaye ou, nan relasyon ou, oubyen nan sosyete a? Disip Jezi yo dwe siman te santi yo pa enkapab lè l te mande yo pou yo te nouri senk mil moun grangou yo (gade Matye 14:21) kote k te gen sèlman senk pen ak de pwason k te disponib la. Pandan w ap li sou mirak ki te fèt apre a, medite sou fason Bondye ka itilize enb ofrann sèvis ou yo pou beni moun bò kote ou. Ki fason l ka mayifye efò ou pandan w ap sèvi nan Legliz la? Reflechi sou deklarasyon sa a Prezidan James E. Faust te fè: “Anpil moun ki pa tèlman koni, gen talan ki konparab avèk senk pen ak de pwason yo, ap mayifye apèl yo e sèvi san atansyon ni rekonesans patikilye, pandan y ap literalman nouri dè milye moun” (“Cinq pains et deux poissons,” Ensign, Me 1994, 5).

Matye 14:22–33; Mak 6:45–52; Jan 6:15–21

Jezikri envite m pou m mete laperèz ak dout mwen yo de kote epi egzèse lafwa nan li.

Imajine nan lespri ou detay sèn yo dekri nan Matye 14:22–33; Mak 6:45–52; ak Jan 6:15–21 yo. Imajine kijan Pyè ak lòt disip yo dwe te santi yo. Kisa w aprann sou disip nan pawòl ak aksyon Sovè a nan vèsè sa yo? Kisa w aprann nan pawòl ak aksyon Pyè yo? (Gade tou 1 Nefi 3:7.) Kisa Senyè a envite ou pou w fè ki ka sanble ak soti nan bato a? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki ba w kouraj pou w egzèse lafwa ou nan Jezikri?

Jan 6:22–71

Antanke yon disip Jezikri, mwen dwe dispoze pou m kwè ak aksepte laverite, menm lè sa difisil pou m fè.

Jou apre Jezi te mirakilezman bay foul moun yo pen nan dezè a, moun ki t ap suiv li yo t al jwenn ni pou yo te chèche jwenn plis manje. Sepandan, yo te desi e menm ofanse lè, olye de sa, li te ofri yo yon fòm nouriti espirityèl—“pen lavi a” (Jan 6:48). Anpil ladan yo te twouve ke sete yon “pawòl di” (Jan 6:60).

Èske w janm viv yon eksperyans kote w te santi yon bagay Sovè a oubyen youn nan sèvitè l yo anseye te yon doktrin ki “di” oswa difisil pou w te aksepte? Panse sou eksperyans sa yo pandan w ap li istwa sa a, patikilyèman pawòl Pyè yo nan vèsè 68–69 yo. Ki kèk “pawòl lavi etènèl” (Jan 6:68) ki ede w rete angaje nan suiv Sovè a?

Gade M. Russell Ballard, “Kiyès pou n al jwenn?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 90–92 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 14:16–21

Pandan w ap li sou nouri senk mil moun yo, ou gen dwa manje pen ak pwason epi imajine ki kantite sa t ap oblije ye pou ka nouri senk mil moun. Kijan fanmi w nouri spirityèlman pa Kris la? Kijan l te itilize w pou nouri lòt moun?

Imaj
pen ak pwason

Jezi te mirakilezman nouri 5.000 moun avèk senk pen ak de pwason.

Matye 14:22–33

Fanmi w ta ka anvi jwe wòl istwa ki nan vèsè sa yo. Poukisa disip yo te pè? Poukisa Pyè te kapab simonte laperèz li epi soti nan bato a? Kijan l te montre lafwa menm lè l te kòmanse koule? Nan ki fason nou tankou Pyè pafwa?

Jan 5:1–16

Envite manm fanmi ou pou yo note chak fwa yo wè fraz “vin geri” a nan vèsè sa yo. Nan ki fason Jezikri ka fè moun vin geri? Kilè ak ki fason li te geri nou?

Jan 6:28–58

Bay chak manm fanmi yon moso pen pou l manje, epi pale sou benefis nou resevwa nan pen ak lòt manje ki bay sante. Apresa, etidye vèsè sa yo ansanm, pandan n ap chèche poukisa yo rele Jezikri “pen lavi a” (Jan 6:35).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Nan etid pèsonèl ak familyal ou yo, pa limite tèt ou a pasaj ekriti yo trete nan plan leson sa yo sèlman. Senyè a siman gen mesaj pou ou nan chapit sa yo ke yo pa kouvri la a. Chèche yo nan lapriyè.

Imaj
Jezi k ap leve Pyè soti nan dlo a

Kont van an, pa Liz Lemon Swindle

Enprime