Vini, Suiv Mwen
4–10 Mas. Matye 8–9; Mark 2–5: ‘Lafwa w geri ou’


“4–10 Mas. Matye 8–9; Mak 2–5: ‘Lafwa w geri ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Mas. Matye 8–9; Mak 2-5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi geri yon kokobe

Gerizon nan zèl li, pa Jon McNaughton

4–10 Mas.

Matye 8–9; Mak 2–5

“Lafwa w geri ou”

Pandan w ap li Matye 8–9 ak Mak 2–5 la, se pou w atantif a enpresyon w resevwa nan men Sentespri a. Panse pou w ekri enspirasyon w resevwa yo ak sa w ka fè pou w ka aji selon enspirasyon sa yo.

Ekri enpresyon ou

Li difisil pou n li Nouvo Testaman an san n pa enpresyone pa pil resi sou Sovè a k ap geri malad ak aflije—tout kalite, soti nan yon fi ki gen lafyèv rive nan yon tifi yo te deklare k te mouri. Ki mesaj ki ta ka gen la a pou nou nan mirak gerizon fizik sa yo? Se sèten ke youn man mesaj yo sèke Jezikri se Pitit Bondye, li gen pouvwa sou tout bagay, enkli doulè ak enpèfeksyon fizik nou yo. Men gen yon lòt sifikasyon nou jwenn nan pawòl li te di doktè lalwa enkredil yo tou: “Pou nou ka konnen Pitit Bondye a gen pouvwa sou tè a pou l padone peche” (Mak 2:10). Konsa, lè w ap li istwa yon moun avèg oubyen yon lepre ki te geri, ou gen dwa panse ak gerizon—ni espirityèl ni fizik—ke w ka resevwa nan men Sovè a epi tande l k ap di ou: “Lafwa w geri ou” (Mak 5:34).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 8–9; Mak 25

Sovè a ka geri enfimite ak maladi nou yo.

Chapit sa yo rakonte anpil gerizon mirakile Sovè a te fè. Pandan w ap etidye gerizon sa yo, chèche mesaj ki ta ka pou ou ladan yo. Ou gen dwa mande tèt ou: Kisa istwa a anseye osijè lafwa? Kisa istwa a anseye osijè Sovè a? Kisa Bondye vle m aprann nan mirak sa a?

Gade Dallin H. Oaks, “Geri malad,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 47–50 tou.

Imaj
Jezi k ap geri malad

Jezi k ap geri malad, pa Joseph Brickey, apre Heinrich Hofmann

Matye 8:5-13; Mak 5:24,-34,

Mwen ka chèche èd Bondye menmsi m pa merite li.

Santiryon an, yon Janti, te santi l pa t diy pou l te resevwa Sovè a lakay li. Fi ki t ap pèdi san an te konsidere tèt li kòm yon moun ki pa t diy epi yo te rejte l nan sosyete Juif la. Men Sovè a te beni you toulède. Kisa w aprann nan de istwa sa yo sou chèche èd Senyè a?

Matye ,8:18,-22; Mak 3:31,-35,

Pou m yon disip Jezikri, sa vledi pou m mete l anpremye nan lavi m.

Nan vèsè sa yo, Jezi te anseye ke pou nou se disip li, sa mande pou nou mete l anpremye nan lavi nou, menmsi sa pafwa vledi ke nou dwe sakrifye lòt bagay nou bay enpòtans. Pandan w ap etidye pasaj sa yo, medite sou sou lavi disip ou. Poukisa disip yo dwe dispoze pou mete Sovè a anpremye? Ak kisa w ka bezwen renonse pou w ka mete Jezi anpremye? (Gade tou Lik 9:57–62.)

Matye 8:23–27; Mak 4:35–41

Jezikri gen pouvwa pou l pote lapè nan mitan tanpèt lavi yo.

Èske w janm santi w fason disip Jezi yo te santi yo nan tanpèt la sou lanmè a—ap gade vag yo k ap ranpli bato a epi ap mande: “Mèt, èske w pa pè pou n pa peri?”

Nan Mak 4:35–41 an, w ap jwenn kat kesyon. Note chak nan kesyon sa yo, epi medite sou kisa chak anseye w sou fè fas ak pwoblèm lavi yo ak lafwa nan Jezikri. Ki fason Sovè a pote lapè nan tanpèt lavi w yo?

Matye 9:1-13; Mak 2:15-17

Mwen ka defann kwayans mwen nan anseye vrè prensip.

Li pafwa difisil pou n konn kijan pou n reponn lè moun ap kritike kwayans ak pratik relijye nou. Pandan w ap li Matye 9:1–13 ak Mak 2:15–17 la, chèche kritik akizatè yo ak repons Sovè a te bay yo. Panse pou w make kritik yo ak repons yo nan koulè diferan oubyen ekri yo yon kote. Kisa w remake sou fason Sovè a te anseye? Nan ki fason suiv egzanp li ap ede w si w gen pou w defann yon prensip levanjil oubyen yon pratik legliz la?

Gade videyo “Egzanp chak jou: Lè yo poze kesyon sou kwayans nou” an, nan (LDS.org).

Matye 9:1–8

Gras ak repantans, mwen ka pran kouraj.

Lè yo te mennen yon mesye paralize bay Sovè a, sa te evidan pou foul la ke l te bezwen geri fizikman. Men Jezi te pran swen pi gran bezwen mesye sa a toudabò—padon pou peche li. Menmsi mesye a pa t geri fizikman, li t ap ka suiv konsèy Jezi a pou “pran kouraj la” kanmèm (Matye 9:2). Nan ki okazyon ou te santi lajwa paske w te padone? (Gade tou Alma 36:18–24.)

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap kontinye aprann osijè ministè Sovè a avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 8–9; Mak 25

Panse pou w kreye yon lis mirak yo dekri nan chapit sa yo epi chèche imaj ki reprezante kèk nan yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen LDS.org). Ou gen dwa mande chak manm fanmi pou yo rakonte youn nan mirak yo (pandan y ap itilize yon foto si gen disponib) epi pataje sa yo aprann nan li. Ou gen dwa pataje kèk egzanp mirak ou te temwen oubyen ou te li nan istwa legliz la nan epòk nou an.

Matye 9:10–13

Kisa nou aprann nan fason Sovè a te trete pibliken yo ak pechè yo, ke lòt moun yo te rejte yo? Kijan nou ka suiv egzanp li nan relasyon nou avèk lòt moun?

Matye 9:36–38

Kijan ou ka ede fanmi w konprann egòtasyon Sovè a pou gen plis travayè pou ede pataje levanjil la? Ou gen dwa fè yon bagay osi senp ke travay ansanm nan yon tach ki t ap pran pi plis tan pou yon sèl moun, tankou netwaye kuizin nan apre dine. Kisa nou ka fè pou n pataje mesaj levanjil la?

Mak 4:35–41

Èske istwa sa a ta ka ede manm fanmi ou lè yo santi yo pè? Petèt yo ta ka li vèsè 39 la epi pataje eksperyans kote Sovè a te ede yo santi lapè nan moman dezawa oubyen laperèz.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou disponib e aksesib. Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse pa kesyon oubyen preyokipasyon nan kè manm fanmi yo. Fè manm fanmi w yo konnen atravè pawòl ak aksyon ke w dispoze pou koute yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 16).

Imaj
yon mesye sou yon kabann yo desann atravè yon tèt kay pou mennen l bay Jezi

Kris la ak mesye paralize a, pa J. Kirk Richards

Enprime