Vini, Suiv Mwen
4–10 Mas. Matye 8–9; Mark 2–5: ‘Lafwa w geri ou’


“4–10 Mas. Matye 8–9; Mak 2–5: ‘Lafwa w geri ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Mas. Matye 8–9; Mak 2–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019 (2019)

Imaj
Jezi geri yon kokobe

Gerizon nan zèl li, pa Jon McNaughton

4–10 Mas.

Matye 8–9; Mak 2–5

“Lafwa w geri ou”

Kòmanse li Matye 8–9 ak Mak 2–5. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou w anseye.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pataje yon istwa sou Jezi k ap akonpli yon mirak (gade lis mirak yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak fanmi yo). Ou gen dwa montre foto sou sa tou (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 4041, oswa LDS.org).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 8–9; Mak 25

Jezi gen pouvwa pou l akonpli mirak.

Pandan w ap li mirak gerizon Sovè a te akonpli, medite sou mirak pou w pataje yo. Ki fason ou ka ede timoun w ap anseye yo konprann wòl lafwa nan mirak Jezi te akonpli yo?

Aktivite posib

  • Pataje istwa mesye ki te paralize a ki nan Mak 2:1–12 la. Pou ede ou, gade “Chapit 23: Mesye ki pa t ka mache a,” Istwa Nouvo Testaman, 57–58, oubyen videyo korespondan an (LDS.org). Di timoun yo ke mesye ki te paralize a pa t ka mache. Ede yo konprann ke Sovè a te geri mesye sa a epi l te padone li.

  • Envite yo pou yo fè tankou y ap “leve” tankou pitit fi Jayiris la pandan w ap li Mak 5:22–23, 35–43. Ede yo konprann ke Jezi te rann posib pou nou tout gen lavi etènèl.

  • Li Mak 5:34. Ede timoun yo memorize fraz “Lafwa w geri ou” la, petèt nan bay chak timoun yon mo epi apresa fè yo repete mo yo nan lòd. Èske gen youn nan moun yo konnen yo ki te geri lè l te malad?

  • Mande yo pou yo fèmen je yo epi koute pandan w ap li Matye 9:27–30. Lè w li osijè Jezi k ap geri avèk la, envite timoun yo pou yo louvri je yo. Kijan yo t ap santi yo si Jezi te geri yo?

  • Envite yo pou yo pale de yon lè kote yo te malad. Rakonte yon istwa sou Jezi k ap geri yon malad epi temwaye ke pouvwa Jezi kapab geri nou ak beni nou si nou priye epi nou resevwa benediksyon prètriz. Eksplike ke menmsi pafwa Senyè a pa akòde nou mirak nou vle a, li renmen nou epi li konn bezwen nou. L ap ba nou rekonfò nou bezwen an.

Mak 4:35–41

Lè m pè oubyen m andanje, Jezi ka ede m santi lapè.

Istwa Jezi k ap kalme tanpèt la ka ede timoun yo konnen ke l ka ba yo lapè lè yo santi yo pè.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo imagine yo sou yon bato pandan w ap li Mak 4:35–41. (Gade “Chapit 21: Jezi kòmande van yo ak vag yo,” Istwa Nouvo Testaman, 53 atou, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org.) Mande timoun yo pou yo dekri kijan yo t ap santi yo si yo te la. Nan ki moman yo t ap pè? Kijan yo t ap jwenn rekonfò?

  • Envite timoun yo pou yo fè bri yon tanpèt epi sispann lè yon moun di “Lapè, ret trankil.” Temwaye ke menmjan Jezi ka pote lapè pou nou lè gen yon tanpèt deyò a, se menmjan tou li ka pote lapè nan kè nou lè nou santi nou pa byen alenteryè.

  • Panse ak kèk jès pou akonpaye twazyèm kouplè “Raconte-moi les histoires de Jésus,” Chants pour les enfants, 36 la.

Imaj
Kris la k ap kalme tanpèt la

Kris la k ap kalme tanpèt la, pa Robert T. Barrett

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Mark 25

Jezi ka akonpli mirak nan lavi m si m gen lafwa.

Jezi te akonpli anpil mirak pandan ministè li nan mòtalite a. Ki fason w ka ede timoun yo konprann ke mirak fèt chak jou?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo chwazi youn nan mirak sa yo pou li epi fè desen sou li: Mak 2:1–12; Mak 5:22–23, 35–43; oswa Mak 5:24–34. Envite yo pou yo eksplike lòt timoun nan klas la desen yo a. Kisa yo aprann osijè Jezi nan istwa sa yo?

  • Mande yo pou yo jwe wòl sou fason yo santi yo lè yo malad, tris, efreye, oubyen enkyè. Kijan Jezi ka ede nou lè nou gen santiman sa yo? Temwaye ke Jezi ka ede yo nan tout sitiyasyon sa yo.

  • Envite yo pou yo pataje yon eksperyans kote yomenm oswa yon lòt moun yo konnen te resevwa yon benediksyon prètriz. Ki fason moun sa a te geri oubyen resevwa benediksyon?

Matye 8–9; Mak 25

Mwen ka montre amou pou lòt moun jan Jezi te fè a.

Jezi te montre gwo amou lè l t ap geri moun malad ak aflije yo. Reflechi sou fason ou ka anseye timoun yo pou yo montre konpasyon pou moun ki nan bezwen.

Aktivite posib

  • Chwazi youn oubyen plis nan mirak Jezi yo pou w repase avèk timoun yo, tankou sa ki nan Mak 2:1–12; Mak 5:22–23, 35–43 yo; oswa Mak 5:24–34 yo. (Gade videyo “Jezi padone peche yon mesye paralize epi li geri li,” “Jezi leve pitit fi Jayiris la,” ak “Jezi geri yon fi ki te gen lafwa” nan LDS.org tou.) Envite timoun yo pou yo pale de kèk sitiyasyon kote yo te ede yon moun ki nan bezwen ak kijan yo te santi yo.

  • Pase videyo “Gordon Hinckley: Leson m te aprann pandan m te jèn” nan oswa “Manto a” (LDS.org). Kijan ti mesye yo nan videyo sa yo te suiv egzanp Jezi? Envite timoun yo pou yo pale de sitiyasyon kote yon moun kapab nan bezwen. Kisa nou ka fè pou ede yo?

  • Raple yo ke ede lòt moun fè pati alyans batèm yo (gade Mozya 18:8–10; Alma 34:28).

Matye 8:23–27; Mak 4:35–41

Lè m efreye oubyen m andanje, Jezi kapab ede m santi lapè.

Timoun yo bezwen konnen Sovè a ka ba yo lapè lè y ap afwonte tanpèt lavi yo—kounyeya ak nan lefiti.

Aktivite posib

  • Mande youn nan timoun yo pou l itilize Mak 4:35–41 ak foto Jezi k ap kalme tanpèt la (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 40) pou rakonte istwa Jezi k ap kalme tanpèt la. Mande yo pou yo dekri kijan yo t ap santi yo si yo te la nan bagay sa a.

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi lapè apre yo te fin priye pou èd. Raple yo ke lapè sa a soti nan Sovè a.

  • Chante “Maître, la tempête lance,” Cantiques, no. 56, avèk timoun yo, pandan w ap envite yo pou yo chante tou piti lè y ap chante “sois tranquille” la.

  • Bay chak timoun yon nyaj an papye, epi mande yo pou yo ekri yon eprèv yon moun ta ka travèse sou nyaj la. Mete tout nyaj yo sou tablo a, kouvri yo avèk yon foto Sovè a. Envite yon timoun pou l retire yon nyaj epi sigjere kèk fason nou ka ede yon moun ki nan eprèv sa a jwenn lapè. Lè yo fin retire tout nyaj yo, temwaye konsènan pouvwa Sovè a pou kalme tanpèt nan lavi nou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede timoun yo ekri yon sèvis yo te rann yon moun semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen enèji. Pafwa ou gen dwa santi ke enèji yo a anpeche yo aprann. Men ou ka pwofite de nati enèjik yo a nan envite yo pou yo jwe wòl yon istwa oubyen mime kèk lòt aksyon ki anrapò avèk evenman ki nan yon chan oswa yon ekriti. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25.)

Enprime