Vini, Suiv Mwen
11–17 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: “Jezi voye Douz yo’


“11–17 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Jezi voye Douz yo’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11–17 Mas. Matye 10–20; Mak 2; Lik 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi òdone Pyè

11–17 Mas.

Matye 10–12; Mak 2; Lik 711

“Jezi voye Douz yo”

Pandan w ap li Matye 10–12; Mak 2; ak Lik 711, note enpresyon ou resevwa nan men Sentespri yo. Panse pou w medite sou yo epi ekri yo.

Ekri enpresyon ou

Nouvèl mirak gerizon Jezi yo te simaye rapidman. Pil foul moun te suiv li, ak espwa pou yo te jwenn soulajman anba maladi yo. Men, lè Sovè a te gade foul moun sa yo, li te wè plis pase maladi fizik yo. Ranpli ak konpasyon, li te wè “brebi ki pa t gen bèje” (Matye 9:36). Li te fè obsèvasyon sa a: “Rekòt la anpil, men pa gen ase ouvriye” (Matye 9:37). Konsa, li te aple Douz Apot, li te “bayo pouvwa,” epi li te voye yo al anseye ak sèvi “brebi pèdi kay Izrayèl yo” (Matye 10:1, 6). Jodia bezwen pou plis ouvriye pou sèvi pitit Pè Selès yo osi gran toujou. Nou toujou gen Douz Apot, men gen plis disip Jezikri pase jamè anvan—moun ki ka deklare bay tout mond lan: “Wayòm syèl la pwòch” (Matye 10:7).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 10

Senyè a bay sèvitè l yo pouvwa pou fè travay li.

Enstriksyon Jezi te bay nan Matye 10 yo sete pou Apot li yo, men nou tout gen yon pati pou n fè nan travay Senyè a. Ki pouvwa Kris la te bay Apot li yo pou te ede yo akonpli misyon yo a? Kijan nou ka gen aksè nan pouvwa li nan travay li aple nou pou nou fè a? (gade 2 Korentyen 6:1–10; DA 121:34–46).

Imaj
Kolèj Douz Apot yo

Douz Apot yo akonpli travay Senyè a jodia.

Pandan w ap li manda Kris la te bay Apot li yo, ou gen dwa resevwa enpresyon sou travay Senyè a vle pou w fè. Yon tablo menmjan ak sa n bay la a ta ka ede w òganize panse ou:

Matye 10

Enpresyon mwen resevwa

Sovè a te bay disip li yo pouvwa.

Enpresyon mwen resevwa

Bondye ap ban m pouvwa m bezwen pou m fè travay mwen an.

Enpresyon mwen resevwa

Gade tou Atik Lafwa 1:6; Diksyonè Bib la, “Apot”; “Jezi aple Douz Apot pou preche ak beni lòt moun” (videyo, LDS.org).

Matye 10:17–20

Lè m nan sèvis Senyè a, l ap enspire m kisa pou m di.

Senyè a te prevwa ke yo t ap pèsekite disip li yo e kesyone lafwa yo—yon bagay ki ka egalman rive disip yo jodia tou. Men li te pwomèt yo ke yo t ap konn sa pou yo di atravè Sentespri a. Èske w konn fè eksperyans kote pwomès divin sa a te akonpli nan lavi ou, petèt lè w t ap rann temwayaj ou, lè w t ap fè yon benediksyon, oubyen lè w te fè yon konvèsasyon avèk yon moun? Panse pou w pataje eksperyans ou avèk yon moun ki chè pou ou oubyen ekri yo nan yon jounal.

Gade tou Lik 12:11–12; Doktrin ak Alyans 84:85.

Matye 10:34–39

Kisa Jezi te vledi lè l te di: “Mwen pa t vini pou m pote lapè, men yon epe” a?

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Mwen sèten gen yon pakèt nan nou ke papa nou ak manman nou, frè n ak sè nou te rejte oubyen meprize lè n te aksepte levanjil Jezikri a e antre nan alyans avèk li. Yon fason oswa yon lòt, amou pi fò nou pou Kris la te mande sakrifye relasyon ki te chè pou nou, e sa te fè nou kriye anpil. Men, gras ak amou inebranlab nou, nou kenbe fèm anba kwa sa a, nou montre ke nou pa wont Pitit Bondye a” (“Jwenn lavi ou,” Ensign, Mas. 2016, 28).

Dispozisyon sa a pou pèdi relasyon presye pou n ka suiv Sovè a mache avèk pwomès ke “moun ki pèdi lavi l pou mwen, y ap jwenn ni” (Matye 10:39).

Matye 11:28–30

Jezikri ap ban m repo si m kete konfyans mwen nan limenm ak nan Ekspyasyon l lan.

Nou tout ap pote fado—gen kèk ki se rezilta peche nou ak erè nou, gen kèk ki se rezilta chwa lòt moun, epi gen kèk ki pa fot pèsonn men ki senpleman fè pati lavi sou tè a. Kèlkeswa rezon k fè n ap lite, Jezi sipliye nou pou n vin jwenn ni pou l ka ede nou pote fado nou yo ak jwenn soulajman (gade tou Mozya 24). Èldè David A. Bednar te anseye: “Fè ak kenbe alyans sakre jouke nou avèk Senyè a, Jezikri e liye nou avèk li” (“Pote fado yo alèz,” Ensign oswa Liahona, Me 2014, 88). Avèk sa nan lespri ou, medite sou kesyon tankou sa yo pou w ka pi byen konprann pawòl Sovè a nan vèsè sa yo: “Kijan alyans mwen yo jouke m avèk Sovè a e liye m avèk li? “Kisa m bezwen fè pou m ka vin jwenn Kris la?” oubyen “Nan ki sans jouk Sovè a fasil epi fado li lejè?”

Ki lòt kesyon ki vin nan lespri ou pandan w ap li a? Ekri yo epi chèche repons pou yo semèn sa a nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo. Ou ka jwenn repons pou kèk nan kesyon w yo nan mesaj èldè David A. Bednar la yo fè referans anlè a.

Lik 7:36–50

Lè m jwenn padon pou peche m yo, amou m pou Sovè a grandi.

Èske w wè tèt ou nan resi ki nan vèsè sou vizit Sovè a te fè Simon, Farizyen an? Èske konn janm sanble avèk Simon? Kisa w ka fè pou w suiv egzanp fi a ki te montre imilite ak lanmou pou Jezikri a? Kilè w konn santi tandrès ak mizèrikòd Sovè a te montre pou madanm sa a. Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou fason padone fòtifye lanmou nou pou Sovè a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 10:40

Pandan n ap reflechi sou mesaj dènye konferans jeneral yo, kijan nou ye antanke fanmi nan resevwa ak suiv konsèy Apot aktyèl yo? Ki fason obeyisans nou nan konsèy yo bay yo fè nou vin pi pwòch Jezikri?

Matye 11:28–30

Ou ka ede fanmi w vizyalize ansèyman Sovè a bay nan vèsè sa yo nan mande yo pou yo chak pran yon tou pou eseye rale yon bagay lou, poukont yo dabò epi avèk èd apresa. Ki kèk fado n ap pote? Kisa sa vledi pran jouk Kris la sou tèt nou? Foto a ki nan plan sa a ka ede w eksplike kisa yon jouk ye.

Matye 12:10-13; Mak 2:23-28

Kijan nou ka “fè byen” nan Jou Saba a? Matye 12:12 Nan ki fason Sovè a ka geri nou nan jou Saba a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Koute Lespri a. Pandan w ap etidye a, pote atansyon a panse w ak sa w santi (gade DA 8:2–3), menmsi yo sanble yo pa anrapò avèk sa w ap li yo. Enpresyon sa yo se ka egzakteman sa Bondye vle pou w konnen ak pou w fè.

Imaj
konstriksyon Tanp Kirtland nan

Sovè a te di: “Pran jouk mwen sou nou” (Matye 11:29).

Kirtland ak premye tanp lan, pa Dan Burr

Enprime