Vini, Suiv Mwen
18–24 Fevriye Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’


“18–24 Fevriye. Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18–24 Fevriye. Matye 5–20; Mak 1; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Diskou sou Mòn nan

Diskou sou Mòn nan, pa Jorge Cocco

18–24 Fevriye

Matye 5; Lik 6

“Benediksyon pou ou”

Pote atansyon a enpresyon ou resevwa pandan w ap li Matye 5 ak Lik 6 yo, epi ekri yo nan yon jounal etid. Plan sa a ka ede w idantifye kèk nan prensip ki pi enpòtan ak pi apwopriye yo nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Rive nan pwen sa a nan ministè li, sa te klè ke ansèyman Jezi yo t ap diferan de sa moun nan epòk li yo te konn abitye tande. Pòv yo ap resevwa wayòm Bondye a? Moun dou yo ap eritye tè a? Benediksyon pou moun y ap pèsekite? Doktè lalwa yo ak Farizyen yo pa t konn anseye kalite bagay sa yo. Epoutan, pou moun ki te vrèman konprann lwa Bondye yo, doktrin sa yo te sanble yo nòmal. “Yon je pou yon je” ak “rayi enmi w” sete dè lwa pi piti (Matye 5:38, 43), ke yo te bay pou moun ki pa t dispoze pou yo te viv lwa siperyè a. Men, Jezikri te vin akonpli lwa pi piti a e anseye yon lwa siperyè (gade 3 Nefi 15:2–10) ki te destine pou ede nou vin “pafè menm jan Papa [nou] ki nan syèl la pafè a” yon jou (Matye 5:48).

senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 5:1–12; Lik 6:20–26

Bonè dirab soti nan viv nan fason Jezi te anseye a.

Tout moun ta renmen gen kè kontan, men se pa tout moun ki chèche bonè nan menm kote yo. Gen moun ki chèche l nan pouvwa ak pozisyon nan mond lan, gen lòt ki chèche l nan larichès oubyen nan satisfaksyon apeti fizik. Jezikri te vini pou anseye mwayen pou n jwenn bonè dirab, pou anseye kisa sa vrèman vledi pou yon moun beni. Kisa w aprann sou fason pou w jwenn bonè dirab nan Matye 5:1–12 ak Lik 6:20–26? Nan ki fason sa diferan avèk vizyon mond lan genyen de bonè a?

Ki kesyon oubyen enpresyon ki vin nan lespri ou lè w li chak vèsè sa yo? Kisa vèsè sa yo anseye w sou lefèt ke w se yon disip Jezikri? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w devlope kalite yo dekri nan vèsè sa yo.

Gade Jan 13:17; 3 Nefi 12:3–12; “Diskou sou Mòn nan: Beyatitid yo” (videyo, LDS.org) tou.

Matye 5:13

Poukisa Sovè a te konpare disip yo avèk sèl?

Sèl se bagay yo te konn itilize depi lontan pou konsève, pou bay gou, ak pirifye. Sèl te gen siyifikasyon relijye tou pou Izrayelit yo. Yo te asosye li avèk ansyen pratik sakrifis bèt la sou lwa Moyiz la (gade Levitik 2:13; Nonb 18:19). Lè sèl pèdi savè li, li vin pa efikas ankò, li vin pa “bon pou anyen” (Matye 5:13). Sa rive lè l melanje avèk lòt eleman oubyen lè lòt eleman kontamine li. Antanke disip Kris la, nou kenbe “savè” nou lè nou evite kontaminasyon spirityèl mond lan. Sa pèmèt nou akonpli travay konsèvasyon ak pirifyan nou an antanke sèl tè a—paregzanp, atravè pataje levanjil la ak rete yon bon enfliyans nan mond lan (gade DA 103:9–10).

sèl

“Nou se sèl tè a” (Matye 5:13).

Matye 5:17–48; Lik 6:27–35

Lwa Kris la ranplase lwa Moyiz la.

Disip yo te siman etone lè yo te tande Jezi di ke ladwati yo dwe pi gran pase dwati doktè lalwa ak Farizyen yo (gade Matye 5:20), ki t ap vante tèt yo pou di kijan yo te byen obeyi lwa Moyiz la. Men Jezi te anseye yon lwa siperyè ki non sèlman elve aksyon nou men ki elve panse ak santiman ki enspire aksyon sa yo tou. Lwa siperyè sa a mande plis bagay: kè nou, nanm nou, ak lespri nou (gade Matye 22:37).

Pandan w ap li Matye 5:21–48 ak Lik 6:27–35 la, panse pou w note konpòtman lwa Moyiz la te mande yo (Ou tande yo di …”) ak sa Jezi te anseye pou elve yo a.

Paregzanp, kisa Jezi te anseye nan Matye 5:27–28 sou responsablite nou vizavi panse nou? Kijan nou ka vin gen plis kontwòl sou panse ki vini nan lespri nou ak nan kè nou? (gade DA 121:45)

Gade “Diskou sou Mòn nan: Lwa siperyè a” (videyo, LDS.org) tou.

Matye 5:48 .

Èske Pè Selès la reyèlman ap atann ke m vin pafè?

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Tèm pafè a te tradui apati mo Grèk teleios la, ki vledi ‘konplè.’ … Fòm enfinitif vèb la se teleiono, ki vledi ‘atenn yon distans elwanye, totalman devlope, konsome, oubyen fini.’ Tanpri note ke mo a pa vledi “egzante anba erè’; li vledi ‘atenn yon objektif elwanye.’ …

“… Senyè a te anseye: ‘Nou pa kapab reziste nan prezans Bondye kounyeya … ; sepandan, kontinye avèk pasyans jiskaske nou vin pafè.’ [DA 67:13].

“Nou pa bezwen pè si efò sensè nou pou atenn pèfeksyon yo sanble yo rèd ak san fen kounyeya. Pèfeksyon an la ap tann. L ap vin total sèlman apre Rezirèksyon an e sèlman atravè Senyè a. L ap tann tout moun ki renmen li e ki kenbe kòmandman l yo” (“Perfection Pending,” Ensign, Nov. 1995, 86, 88).

Gade Filipyen 3:13–15; 2 Pyè 1:3–11; Revelasyon 3:21–22; 3 Nefi 27:27; Mowoni 10:32–33; Doktrin ak Alyans 76:69 tou.

senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 5: 1–9

Ki prensip yo anseye nan Matye 5:1–9 la ki ta ka ede fwaye w vin yon kote ki gen plis lajwa? Ou gen dwa konsantre w sou youn oubyen de pandan w ap etidye Diskou sou Mòn nan nan pwochen semèn yo. Paregzanp, ki ansèyman manm fanmi w panse ki ka ede yo vin patizan lapè? (gade Matye 5:21–25, 38–44). Ki bi w ka fikse? Kijan w pral suiv yo?

Matye 5:14–16

Pou ede fanmi w konprann kisa sa vledi pou yo se “limyè mond lan,” ou gen dwa eksplore kèk sous limyè nan kay la, nan vwazinaj ou, ak nan mond lan. Li ta bon pou w ta montre sa k rive lè w kache yon limyè. Kisa Jezi te vledi lè l te di: “Nou se limyè mond lan”? (Matye 5:14). Kimoun ki te sanble yon limyè pou fanmi ou? Kijan nou ka yon limyè pou lòt moun? (gade DA 103:9–10).

Matye 5: 43,–44

Poukisa Senyè a vle pou nou priye pou moun ki pa janti avèk nou? Kijan nou ka fè sa nan fanmi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou obsève. Si w pote atansyon a sa k ap pase nan lavi pitit ou yo, w ap jwenn opòtinite ekselan pou w anseye yo. Kòmantè ak kesyon timoun yo pandan tout jounen an ka mennen nan moman ansèyman ekselan tou. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 16.)

balèn

“Nou se limyè mond lan” (Matye 5:14).