Vini, Suiv Mwen
11-17 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou dwe nedenouvo’


“11-17 Fevriye Jan 2–4: ‘Ou dwe nedenouvo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11-17 Fevriye Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Jezi ap pale avèk Nikodèm

11-17 Fevriye.

Jan 2–4

“Ou dwe nedenouvo”

Pandan w ap li Jan 2–4 la, Lespri a ap anseye w dè bagay sou pwòp konvèsyon pa ou. Pran nòt sou enpresyon l ba ou yo. Ou gen dwa jwenn ide espirityèl adisyonèl nan ide pou etid yo pwopoze nan plan sa a tou.

Ekri enpresyon ou

Nan yon resepsyon nòs nan Cana, Kris la te chanje dlo fè l tounen diven—yon evenman Jan rele “kòmansman mirak” yo (Jan 2:11). Sa se verite nan tout sans: pandan ke sete premye mirak Jezi te akonpli piblikman, li ka senbolize yon lòt kòmansman mirakile tou—pwosesis pou fè kè nou transfòme pandan ke n ap vin plis an plis sanble avèk Sovè nou an. Mirak tout yon lavi sa a kòmanse avèk desizyon pou nou suiv Jezikri, pou n chanje epi viv yon pi bon lavi gras avèk li. Finalman, chanjman sa a ka vin si total ke vin “nedenouve” se youn nan pi bon fason nou ka dekri li (Jan 3:7). Men, nouvèl nesans sa a se jis kòmansman an sou chemen disip la. Pawòl Kris la te di fi Samaritèn nan bò pi a raple nou ke si nou kontinye sou chemen sa a, levanjil la ap finalman vin tounen “yon sous dlo” andedan nou, “k ap jayi jis nan lavi etènèl” (Jan 4:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Jan 2:1–11

Pouvwa Jezikri ka chanje mwen.

Pandan w ap li resi sou Sovè a k ap chanje dlo pou fè l vin tounen diven an nan Jan 2:1–11 la, ki enpresyon ou resevwa konsènan pouvwa Kris la pou chanje ou?

Ou ka jwenn lòt ide adisyonèl si w reflechi sou pwendvi diferan moun ki te la yo, tankou Mari, disip yo, ak lòt yo. Kijan moun sa yo dwe te reyaji devan mirak la? Ou gen dwa konpare sa w aprann osijè mirak nan vèsè sa yo avèk sa Jezikri te anseye Nikodèm (gade Jan 3:1–8) ak fi bò pi a (gade Jan 4:3–26).

Jan 3:1–21

Mwen dwe nedenouvo pou m ka antre nan wayòm Bondye a.

Lè Nikodèm te vin jwenn Jezi anprive a, li te yon obsèvatè pridan. Men, nan apre, li te defann Jezi piblikman (gade Jan 7:45–52) epi li te vin ini avèk kwayan yo lè yo t ap mete Jezi nan tonbo a (gade Jan 19:38–40). Ki ansèyman ou jwenn nan Jan 3:1–21 an ki ta ka enspire Nikodèm pou l te suiv Jezi epi vin nedenouvo?

Pwofèt Joseph Smith ta anseye: “Nouvèl nesans lan fèt pa Lespri Bondye atravè òdonans” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 95). Ki wòl batèm ou (nesans “nan dlo” a [Jan 3:5]) ak konfimasyon ou (nesans “nan Lespri” a [Jan 3:5]) jwe nan nedenouvo? Kisa w pral fè pou w kontinye pwosesis chanjman sa a? (gade Alma 5:11–14).

Gade tou Mozya 5:7; 27:25–26; “Sali,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org; David A. Bednar, “Nou dwe nedenouvo,” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 19–22.

Jan 3:16–17

Pè Selès la montre amou li pou mwen atravè Jezikri.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Premye gwo verite nan tout etènite a sèke Bondye renmen nou ak tout kè, lespri, panse, ak fòs li” (“Demen Senyè a pral fè mèvèy nan pami nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 127). Kijan w konn santi lanmou Bondye atravè don Pitit Gason l lan?

Sentsèn nan founi yon okazyon pou nou reflechi sou lanmou Bondye ak don Pitit Gason l lan. Ki kantik ki ede w santi amou sa a? Panse pou w gade videyo Kè Tabènak la k ap chante “Merveilleux l’amour” nan (LDS.org). Kisa w ka fè pou rann sentsèn nan pi siyifikan pou ou?

Jan 4:24

Èske Bondye se yon Espri?

Gen moun ki ka twouble pa deklarasyon Jezi a ki di Bondye se yon espri a. Tradiksyon Joseph Smith te fè sou vèsè sa a bay yon klarifikasyon enpòtan: “Paske se moun sa yo Bondye pwomèt Lespri li” (nan Jan 4:24, referans a). Revelasyon modèn nan anseye ke Bondye gen yon kò chè ak zo (gade DA 130:22–23; gade tou Jenèz 5:1–3; Ebre 1:1–3).

Jan 4:7–26

Kris la ofri m “dlo vivan” an.

Kisa Jezi dwe te vledi lè l te di fi Samaritèn nan ke moun ki bwè dlo li ofri a, yo p ap janm swaf ankò a? Nan ki fason levanjil la sanble ak dlo vivan?

Imaj
yon ti rivyè

Levanjil Kris la se dlo vivan ki nouri nanm nou.

Youn nan mesaj Sovè a te bay fi Samaritèn nan sete ke, fason nou adore pi enpòtan pase kote nou adore a (gade Jan 4:21–24). Kisa w fè pou w “adore Papa a nan lespri ak nan verite”? (Jan 4:23).

Gade Gid Ekriti yo tou, “Adore”; Dean M. Davies, “Benediksyon adorasyon,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 93–95.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Jan 2–4

Pandan fanmi w ap li chapit sa yo semèn sa a, pote yon atansyon spesyal sou fason Sovè te itilize bagay chak jou yo—nesans, van, dlo, ak manje—pou anseye verite espirityèl yo. Ki bagay nan fwaye ou w ka itilize pou anseye verite espirityèl?

Jan 2:13–17

Si w evite bagay ki ka rann fwaye w pa pwòp fizikman ak espirityèlman yo, li ka vin yon andwa sakre—tankou tanp. Kisa fanmi w bezwen fè pou yo ka kenbe fwaye a yon fason pou l ka yon andwa sakre? Kisa w pral fè pou kenbe bagay sa yo deyò?

Jan 3:1–6

Mande manm fanmi ou pou yo panse sou mirak gwosès ak nesans lan—pwosesis pou kreye yon èt vivan ki gen mouvman ak entelijans lan. Kris la te anseye ke nou dwe nedenouvo anvan pou n ka antre nan wayòm Bondye a. Poukisa nouvèl nesans lan se yon metafò pou chanjman nou bezwen anvan nou ka antre nan wayòm Bondye a? Kijan nou te fè eksperyans pwosesis nouvèl nesans spirityèl la?

Jan 3:16

Envite manm fanmi ou pou yo refòmile vèsè sa a nan pwòp mo pa yo, kòmsi yo t ap eksplike yon zanmi li. Ki fason Kris la ede nou santi amou Bondye nan lavi nou?

Jan 4:5–15

Kisa Sovè a t ap anseye nou lè l te konpare levanjil li a avèk dlo vivan an? Panse pou w kenbe yon vè dlo epi mande fanmi ou pou yo dekri karakteristik dlo. Poukisa nou bezwen bwè dlo chak jou? Poukisa Jezikri te konpare levanjil li a avèk “yon sous dlo k ap jayi rive jis nan lavi etènèl”? Jan 4:14

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche senbòl. Ekriti yo souvan itilize objè, evenman, aksyon, oubyen ansèyman pou reprezante verite spirityèl yo. Senbòl sa yo ka anrichi konpreyansyon w sou doktrin y ap anseye a. Paregzanp, Sovè a konpare konvèsyon ak yon nouvèl nesans.

Imaj
Jezi ak fi bò pi a

Dlo Vivan an, pa Simon Dewey

Enprime