Vini, Suiv Mwen
11–17 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou dwe nedenouvo’


“11–17 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou dwe nedenouvo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11–17 Fevriye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezikri ap pale avèk Nikodèm

11–17 Fevriye

Jan 2–4

“Ou dwe nedenouvo”

Preparasyon ou pou anseye a kòmanse lè w ap li Jan 2–4 la. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ankouraje timoun yo pataje sa y ap aprann ak sa yo santi kote w ap mande yo kisa yo te fè resamman pou yo te ka “pechè lèzòm” (Jan 4:19). Ou gen dwa oblije repase leson semèn pase a avèk yo.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Jan 3:1–10

M bezwen batize ak konfime pou m ka retounen viv avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Timoun w ap anseye yo ap prepare pou yo pran etap enpòtan pou yo ka retounen al viv avèk Pè Selès la ankò nan pran desizyon pou yo batize (fèt nan dlo) ak konfime (fèt nan Lespri). Kijan w ka ede yo konprann enpòtans de òdonans sa yo?

Aktivite posib

  • Rezime istwa Jezi k ap anseye Nikodèm nan. Pwomèt timoun yo ke lè yo batize, Pè Selès la ap ba yo don Sentespri a.

  • Itilize Jan 3:5 avèk paj aktivite semèn sa a pou anseye ke nou bezwen batize ak konfime pou n ka retounen al viv avèk Pè Selès la ankò.

  • Mande timoun yo pou yo pale sou sa yo fè lè y ap lave men yo. Montre yo foto yon Tifi k ap batize (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 104), epi ede yo fè konparezon ant lave men yo ak dlo a avèk vin spirityèlman pwòp pa mwayen batèm nan.

Jan 3:16

Pè Selès la renmen mwen, se poutèt sa, li te ban m yon Sovè.

Kijan w ka ede timoun yo aprann verite presye sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo konplete fraz tankou sa a: “Paske paran m renmen mwen, yo. …” Li Jan 3:16. Apresa, ede chak timoun repete Jan 3:16 la, pandan w ap ranplase mo “mond lan” pa pwòp non pa li, epi fè yo koute pou yo tande kisa Pè Selès la te fè paske l renmen nou. Envite yo pou yo fè desen bagay ki ka ede yo santi amou Pè Selès la pou yo (tankou fanmi, lanati, ekriti yo, eksetera). Fè youn montre lòt desen yo a.

  • Fè timoun yo kenbe yon foto Jezi anlè chak fwa yo chante “Pitit Gason” nan chan “Il envoya son Fils aimé,”Chants pour les enfants, 20–21 an.

Jan 4:5–15

Jezikri se “dlo vivan” mwen.

Tout timoun nan klas ou yo konn sa k rele swaf. Kijan w ka itilize eksperyans sa a pou ede yo konprann konbyen nou bezwen dlo vivan Jezikri ofri a?

Aktivite posib

  • Itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pou w rakonte istwa Jezi ak fi bò pi a. Mande timoun yo pou yo rakonte istwa a ankò.

  • Montre yo yon vè dlo, epi mande yo kisa k t ap rive si nou te swaf anpil anpil epi vè dlo a te vid. Brèfman rezime Jan 4:5–15, epi temwaye ke Jezikri ak levanjil li a bay lespri nou lavi, tou kòm dlo bay kò nou lavi a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Jan 2:1–11

Mwen ka onore manman m jan Jezi te fè a.

Nan nòs Kana a, Mari te di Jezi diven an te fini. Selon Tradiksyon Joseph Smith la, Jezi te reponn manman l avèk kesyon sa a: “Madanm, ki sa w ta renmen m fè pou ou? Epi m ap fè l” (Jan 2:4, referans a). Jezi se yon egzanp sou fason timoun dwe trete manman yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Jan 2:1–11 epi pou yo chak pran tou pa yo pou repete pati yo nan istwa a nan pwòp mo pa yo.

  • Mande yo pou yo fè lis bagay manman yo ta ka bezwen èd yo. “Kisa w ta renmen m fè pou ou?” (Jan 2:4, referans a).

  • Envite kèk manman pou vin nan klas la pou vin di kisa pitit yo te fè pou yo te montre respè pou yo.

Imaj
Jezi k ap pale avèk Mari nan resepsyon nòs la

Jezi te di manman l: “Kisa w ta renmen m fè pou ou?” (Tradiksyon Joseph Smith, Jan 2:4 [nan Jan 2:4, referans a]).

Jan 3:1–8

Lè yon moun batize ak konfime se tankou l fèt ankò.

Lè nou batize, sa Jezi rele “fèt nan dlo a,” nou resevwa padon pou peche nou epi nou ka “antre nan wayòm Bondye a” (Jan 3:5). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann kisa nedenouvo vledi?

Aktivite posib

  • Melanje pawòl Sovè a di nan Jan 3:3 yo epi mande timoun yo pou yo mete yo nan lòd kòrèk. Nan ki fason batize ak konfime sanble ak yon nouvo nesans.

  • Montre foto yon tibebe ki fèk fèt ak yon moun k ap batize ak konfime (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 104 ak 105). Kijan nou tankou yon tibebe ki fèk fèt lè nou fin batize ak konfime? (gade Jan 3:3–5).

  • Envite timoun yo pou yo pataje sa yo sonje sou batèm yo. Li Mozya 18:8–10 ak Doktrin ak Alyans 20:37 pou n repase alyans batèm nan. Anseye timoun yo ke pran sentsèn nan yon espri refleksyon chak semèn se yon fason pou n kontinye pwosesis nedenouvo a.

  • Ede yo memorize Atik Lafwa 1:4 la.

Jan 3:16–17

Pè Selès la renmen m, se poutèt sa, li te voye Pitit Gason l lan.

Kijan w ka ede timoun yo konnen ke vini Jezikri sou tè a se yon ekspresyon lanmou Pè Selès la pou nou.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo desine kado prefere yo ak moun ki te bayo kado sa a. Apresa mande chak timoun pou li Jan 3:16. Ki kado Pè Selès la ba nou? Kijan kado sa a montre lanmou li?

  • Mande timoun yo pou yo koute repons pou kesyon “Poukisa Pè Selès la te voye Jezikri ba nou?” an pandan y ap chante oubyen koute “Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20–21 an.

Jan 4:6–23

Jezikri ofri m “dlo vivan” an.

Menmjan Jezi te itilize dlo pou l te anseye fi Samaritèn nan, ou ka itilize dlo pou anseye timoun yo poukisa nou bezwen levanjil Jezikri a tou.

Aktivite posib

  • Bay timoun yo dlo pou yo bwè, epi mande yo pou yo pale de moman kote yo konn swaf. Mande yo kijan yo te santi yo lè yo te finalman jwenn dlo pou yo te bwè.

  • Ekri fraz ki rezime istwa fi bò pi a, epi mande yo pou yo gade Jan 4:6–23 pou yo ka mete fraz yo nan lòd kòrèk la. Kisa Jezi t ap eseye anseye fi a?

  • Desine yon vè dlo oubyen yon rivyè sou tablo a. Envite timoun yo pou yo site kèk bagay ki, tankou yon vè dlo, ka satisfè nou tousuit. Ki bagay ki tankou “dlo vivan” ki ka satisfè nou pou tout tan?

  • Ekri Kijan levanjil la sanble ak dlo?sou tablo a. Mande timoun yo pou yo panse a fason yo t ap reponn kesyon sa a pandan y ap li Jan 4:6–23.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Panse pou w mande timoun yo pou yo bay manm fanmi yo yon vè dlo pou yo bwè lè yo rive lakay yo. Pandan y ap fè sa a, yo ka pataje sa yo te aprann osijè dlo vivan an.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap konplete paj aktivite yo, itilize tan an pou w repase prensip yo ki nan leson an.

Enprime