Vini, Suiv Mwen
4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a desann sou mwen’


“4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a desann sou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Fevriye Matye 4; Lik 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la triyonfe sou Satan

Kris la triyonfe sou Satan, pa Robert T. Barrett

4–10 Fevriye.

Matye 4; Lik 4–5

“Lespri Senyè a desann sou Mwen”

Kòmanse preparasyon ou pou leson sa a nan li Matye 4 ak Lik 4–5. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pase yon foto Jezi youn bay lòt. Mande chak timoun ki resevwa foto a pou l pataje yon bagay Jezi te fè lè l te sou tè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

M ka chwazi sa ki bon tankou Jezi te fè.

Timoun piti yo “pa ka peche” (DA 29:47). Sepandan, istwa Jezi k ap reziste anba tantasyon Satan yo ka motive yo pou fè yo kòmanse chwazi bon bagay depi kounyeya.

Aktivite posib

  • Rakonte yo istwa tantasyon Jezi a ki nan Matye 4:1–11 la. (Gade “Chapit 11: Tantasyon Jezi a,” Istwa Nouvo Testaman, 30–31, oswa videyo korespondan an nan LDS.org.) Nan moman apwopriye nan istwa a, mande “Kisa nou panse Jezi ta dwe fè?”

  • Montre yo yon foto Jezi, epi apresa dekri yo kèk chwa yon jèn timoun ta ka fè. Pou chak bon chwa, mande yo pou yo avanse yon pa, vin bò foto a. Pou chak move chwa, mande yo pou yo rekile yon pa, lwen foto a.

  • Ede timoun yo aprann pawòl kantik “Choisir le bien,” an Chants pour les enfants, 82–83, pandan w ap itilize imaj, objè, ak lòt èd vizyèl ki koresponn avèk pawòl yo.

Lik 4:18–19

Jezikri se Sovè mwen.

Lik 4:18–19 bay tout aspè misyon Jezi a. Kijan w ka ede timoun yo apresye sa l fè pou yo a?

Aktivite posib

  • Li Lik 4:18–19 pou timoun yo, epi eksplike kisa yo te voye Jezikri sou tè a pou l te fè (anseye, rekonfòte, ak geri moun). Di yo kijan l fè sa pou ou.

  • Mande kèk timoun pou yo fè tankou yo twouble, tris, oswa malad. Mande lòt timoun yo pou yo jwe wòl sa yo ta ka fè pou ede yo. Temwaye ke Jezikri te vini pou anseye nou, rekonfòte nou, ak geri nou, epi nou dwe suiv egzanp li.

  • Montre foto Jezi k ap ranpli plizyè aspè nan misyon li (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la), epi mande timoun yo pou yo dekri sa Jezi ap fè a. Epitou, montre foto moun k ap eseye vin tankou Jezi (ou gen dwa jwenn kèk nan revi Legliz yo).

  • Sou kèk moso papye, ekri kèk fraz ki kòmanse avèk “Gras ak Jezikri” (tankou “Gras ak Jezikri, fanmi m kapab ansanm pou tout tan”). Envite chak timoun pou pran yon moso papye, epi ede l li fraz la.

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Jezikri envite nou pou n vin “pechè lèzòm”.

Apèl Sovè a: “Suiv Mwen, epi m ap fè w tounen pechè moun” nan (Matye 4:19) la aplike pou tout moun, enkli timoun yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pretann yo se Simon Pyè ak Andre pandan w ap li Matye 4:18–22 la. Ede yo idantifye kisa mesye sa yo te abandone pou yo te ka suiv Jezi.

  • Fè timoun yo pran tou pa yo pou rakonte istwa nan vèsè sa yo pandan y ap itilize foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

  • Chante ansanm “Je veux suivre le plan de Dieu,” Chants pour les enfants,  86-87. Kisa nou ka aprann nan kantik sa a osijè suiv Jezikri?

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou diskite avèk timoun yo sou fason yo kapab vin “pechè moun” nan suiv Jezi. Ou gen dwa jwe yon jwèt matche: koupe de kopi chak pwason, mete yo fas anba, epi envite timoun yo pou yo vire yo youn pa youn pou yo ka matche yo.

Imaj
Jezi ap aple disip

Kris la aple de disip, pa Gary Ernest Smith

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Jezi fikse egzanp pou mwen paske l te reziste anba tantasyon.

Menm Jezikri te sibi tantasyon Satan, men li pa t janm sede. Kijan w ka ede timoun yo suiv egzanp li?

Aktivite posib

  • Trase de kolòn sou tablo a ki rele Tantasyon Satan ak Repons Jezi. Ede timoun yo ranpli kolòn yo pandan w ap itilize Matye 4:1–11 ak Lik 4:1–13. Mande yo kijan yo ka suiv egzanp Jezi.

  • Ekri kèk senaryo kote yon timoun ka gen tantasyon pou l fè yon move chwa. Fè yon timoun chwazi youn pou l li, epi diskite ansanm sou fason yo ka reziste anba tantasyon nan sitiyasyon sa a.

Matye 4: 1–2

Jene ka ede m santi m pi pre Pè Selès la.

Anvan l te kòmanse ministè li, Jezi te jene epi li te “rete an kominyon avèk Bondye” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:2 [nan Matye 4:2, referans c]). Ede timoun yo wè kijan lè yo jene, sa ka bayo fòs espirityèl epi sa ka ede yo santi yo pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li Matye 4:1–2 awotvwa pandan l ap itilize revizyon nan Tradiksyon Joseph Smith yo ki nan referans yo. Kisa Jezi te fè pou l te “avèk Bondye”? Di yo kijan jèn te ede w santi w pi pwòch Pè Selès la.

  • Mande timoun ki konn jene yo pou yo pataje eksperyans yo. Ki fason yo t ap eksplike yon moun ki pa janm jene prensip jèn nan?

  • Ekri kesyon sou jèn (tankou poukisa nou jene, kilè nou jene, ak kijan nou jene) sou moso papye, epi mete yo nan yon bòl. Envite timoun yo pou yo chwazi yon kesyon epi eseye reponn ni. Ki eksperyans oumenm oubyen timoun yo ka pataje apwopo jèn?

Luke 4:16–22, 28–30

Jezikri se Sovè mwen.

Reflechi sou ki fason Sovè a beni lavi ou. Kijan w ka ede timoun yo pi byen apresye enfliyans li nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l vin nan klas la prepare pou l fè rezime Lik 4:16–30 la. Li ta bon pou w ta itilize “Chapit 17: Moun ki ankòlè nan Nazarèt yo,” Istwa Nouvo Testaman, 42–43; videyo korespondan an nan (LDS.org); oswa videyo “Jezi deklare ke l se Mesi a” nan (LDS.org).

  • Li Lik 4:18 awotvwa pandan timoun yo ap suiv. Mande yo pou yo fè yon lis sou bagay Sovè a te di l te vin fè yo. Envite yo pou yo pataje egzanp sou moman kote Kris la te fè bagay sa yo, keseswa nan ekriti yo oubyen nan lavi yo.

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Jezikri envite nou pou nou suiv li epi pou nou vin “pechè moun.”

Gen anpil fason timoun yo ka suiv Sovè a epi vin “pechè moun” (Matye 4:19). Kijan w ka ede yo wè bon enfliyans yo ka genyen sou lòt moun?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Matye 4:18–22 ak Lik 5:1–11. Kijan disip Jezi yo te reponn apèl li te fè yo pou yo suiv li a? Kisa nou ka fè pou nou suiv egzanp yo?

  • Montre timoun yo kèk ekipman pou peche pwason oubyen foto yon pechè pwason. Kisa sa vle di pou yon moun vin “pechè moun”? Ki zouti nou genyen pou ede nou vin pechè moun?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann sou pechè moun.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye timoun yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a. Santiman sa yo ka fòtifye temwayaj yo.

Enprime