Vini, Suiv Mwen
28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare chemen Senyè a’


28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare chemen Senyè a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jan Batis k ap batize Jezi

Fenèt anvit nan tanp Novou a nan Illinwa, pa Tom Holdman

28 Janvye–Fevriye. 3

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare chemen Senyè a”

Pandan w ap li istwa Jan Batis ak istwa batèm Jezikri a, ekri tout enpresyon spirityèl ou resevwa. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede w konprann ekriti sa yo, epi l ap ede w soutni efò aprantisaj manm klas ou yo ap fè pèsonèlman yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou bay timoun yo yon chans pou yo pataje sa yo te deja aprann yo, montre yo yon foto Jezi k ap batize, epi mande yo pou yo di w kisa k ap fèt la a nan foto a ak kijan yo santi yo apwopo batèm.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 3: 13–17

M ka batize jan Jezi te batize a.

Ki fason w ka itilize resi sou batèm Jezi a pou ede timoun yo prepare yo pou yo batize?

Aktivite posib

  • Rezime istwa batèm Sovè a (gade Matye 3:13–17; gade tou “Chapit 10: Jezi batize,” Istwa Nouvo Testaman, 26–29, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org). Repete istwa a plizyè fwa epi envite timoun yo pou yo pataje detay yo sonje yo. Eksplike ke Jezi te batize pa imèsyon (plonje nan dlo) pa yon moun ki te gen otorite prètriz la.

  • Montre yon foto Jezi k ap batize ak paj aktivite semèn sa a. Fè timoun yo montre w kisa k sanble nan de foto sa yo.

  • Ou gen dwa repase pwomès timoun yo pral fè lè yo batize yo (gade nan Mozya 18:8–10; DA 20:37; Ankre nan lafwa, 19). Mande yo kiyès nan bagay sa yo yo fè deja.

  • Envite yon manm episkopa a pou vin pale avèk timoun yo sou entèvyou pou batèm yo pral gen pou yo fè anvan yo batize a.

  • Chante “Baptême,” Chants pour les enfants, p. 54–55, avèk yo. Panse pou w mande yon timoun ki konn chante a byen pou l dirije lòt timoun yo pandan y ap chante a.

Imaj
Yon tifi k ap batize

Nou ka suiv egzanp Jezi pou nou vin batize.

Matye 3:11, 16

Sentespri a ede mwen.

Anplis prepare pou batèm nan, timoun yo ap prepare pou yo resevwa don Sentespri a tou. Kijan w ka ede yo?

Aktivite posib

  • Itilize Matye 3:11, 16 pou anseye yo ke Sentespri a te desann sou Jezi lè l te batize (yon kolonb te parèt kòm yon siy pou te montre sa k t ap pase a). Montre foto Don Sentespri a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 105), epi eksplike yo ke nou resevwa don Sentespri a lè nou konfime.

  • Pote yon bwat ki gen bagay tankou yon foto Jezi, yon dra, ak yon konpa ladan. Envite timoun yo pou yo chwazi youn ladan yo epi apresa di kijan chak bagay ki nan bwat la reprezante yon fason Sentespri a ka ede nou—Li temwaye konsènan Jezi, li rekonfòte nou, (gade Jan 15:26), epi li montre nou bon chemen an (gade 2 Nefi 32:5).

  • Pataje pwòp eksperyans pa w sou èd ou resevwa nan men Sentespri a.

  • Envite timoun yo pou yo koute ki fason Sentespri a ede nou pandan y ap chante chan “Sentespri a,” Chants pour les enfants, p. 56.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 3

Mwen beni pa òdonans Prètriz Aawon yo.

Jan Batis te detni Prètriz Aawon an, konsa, se yon bon okazyon pou w anseye timoun yo sou Prètriz Aawon an epi ede yo rekonèt benediksyon ak pouvwa gason ak fi ka resevwa atravè prètriz sa a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè lis devwa Prètriz Aawon yo, kote y ap itilize Doktrin ak Alyans 20:46, 58–60; 84:111. Eksplike yo ke prèt nan Prètriz Aawon yo ka “batize moun, ak beni sentsèn.” Prèt yo, enstriktè yo, ak dyak yo dwe “anseye, epi envite tout moun pou yo vin jwenn Kris la” (DA 20:46, 59). Mande timoun yo pou yo gade nan Matye 3 pou yo ka jwenn egzanp sou Jan k ap ranpli devwa sa yo. Ki fason nou tout ka envite lòt moun vin jwenn Kris la, jan Jan te fè a?

  • Montre kèk foto sou detantè Prètriz Aawon k ap akonpli òdonans batèm ak sentsèn yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 103, 108). Diskite sou fason òdonans sa yo prepare nou pou n resevwa Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa l la.

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 13:1, epi eksplike ke Jan Batis te retabli Prètriz Aawon an kote l te konfere l sou Joseph Smith. Mande timoun yo kijan yo jwenn benediksyon paske Prètriz Aawon an te retabli.

Matye 3:13–17; Lik 3:2–18

Mwen ka kenbe alyans batèm mwen.

Istwa batèm Jezi a se yon bon opòtinite pou w ede timoun yo repase alyans batèm yo epi pou ede yo repran gajman pou yo kenbe yo.

Aktivite posib

  • Mande de timoun pou yo li Lik 3:7–9, 15–17, youn ap li pawòl Jan Batis yo epi lòt la ap li rès pawòl yo. Apre chak vèsè, fè yon ti poz epi ede timoun yo konprann kisa vèsè a vledi.

  • Repase alyans timoun yo te fè nan batèm yo, w ap jwenn yo nan Mozya 18:8–10 ak Doktrin ak Alyans 20:37. (Gade Ankre nan lafwa, 17–22 tou.) Envite timoun yo pou yo ekri referans sa yo sou paj aktivite semèn sa a.

  • Prepare plizyè kat ki gen fraz oubyen foto ki matche, ki reprezante alyans batèm nou yo. Mete kat yo fas anba. Envite timoun yo pou yo chak vin vire de kat alafwa, pou yo ka chèche sa k matche yo. Si yon jwenn de ki matche, envite yo pou yo pataje fason yo te kenbe alyans sa a.

  • Di kijan kenbe alyans batèm ou yo te beni ou.

Matye 3:11, 16

Sentespri ak gide mwen.

Timoun yo ap aprann kijan pou yo rekonèt ak suiv gidans Sentespri a. Kijan w ka anseye yo ke kenbe alyans batèm yo ap ede yo rete diy pou yo resevwa gidans sa a?

Aktivite posib

  • Mande chak timoun pou l chwazi youn nan ekriti sa yo pou l li epi eksplike kijan Sentespri a pale avèk nou: Doktrin ak Alyans 6:23; 8:2–3.

  • Mande yon timoun pou l li Matye 3:11. Nan ki fason Sentespri a se tankou yon dife? Paregzanp, dife rekonfòtan, epi li bay limyè pou gide nou (gade Jan 15:26; 2 Nefi 32:5).

  • Envite timoun yo pou yo fèmen je yo epi lonje men yo. Epi, pase yon ti plim poul oubyen yon moso fil lejèman nan pla men yo. Mande yo pou yo di w lè yo santi li. Kisa aktivite sa a anseye sou rekonèt enpresyon Sentespri yo?

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans yo konn fè avèk Sentespri a. Poukisa kenbe alyans nou ede nou gen gidans Sentespri a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo poze paran yo oubyen lòt manm fanmi yo kesyon sou batèm pa yo.

Amelyore ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon ou. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w oblije suiv lè w ap anseye. Olyesa, itilize yo kòm ide pou deklanche pwòp enspirasyon pa ou pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)

Enprime