Vini, Suiv Mwen
28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare chemen Senyè a’


“28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare chemen Senyè a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3–20; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Jan Batis k ap batize Jezi

Fenèt anvit nan tanp Novo a nan Illinwa, pa Tom Holdman

28 Janvye–Fevriye 3

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare chemen Senyè a”

Kòmanse pa li Matye 3; Mak 1; ak Lik 3. Si w priye Sentespri a pou ede w konprann chapit sa yo, l ap ba ou ide ki espesyalman pou oumenm. Ekri enpresyon sa yo, epi fè plan pou w aji konfòm avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Jezikri ak levanjil li a ka chanje w. Lik te site yon ansyen pwofesi Ezayi ki te dekri misyon Jan Batis la ak efè vini Sovè a t ap genyen: “Tout vale gen pou konble, tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat; epi kote ki gen detou gen pou vin dwat, epi chemen ki an movèz eta yo gen pou vin bèl” (Lik 3:5; gade tou Ezayi 40:4). Sa a se yon mesaj pou nou tout, enkli moun ki panse yo pa ka chanje ni yo pa bezwen chanje yo. Si yon bagay osi pèmanan ke yon montay ka vin plati, enben, asireman Senyè a ka ede nou redrese chemen kwochi nou yo (gade Lik 3:4–5). Si nou aksepte envitasyon Jan Batis la pou nou repanti ak chanje a, n ap prepare lespri nou ak kè nou pou n resevwa Jezikri pou ke noumenm tou nou kapab “wè sali Bondye” (Lik 3:6).

senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Levanjil Mak la

Kiyès Mak ye?

Pami moun ki te ekri Levanjil yo, se sou Mak nou konn mwens bagay. Nou konnen ke l sete konpayon misyonè Pòl, Pyè, ak plizyè lòt misyonè. Anpil espesyalis Bib la panse ke Pyè te mande Mak pou l te ekri evenman sou lavi Sovè a. Levanjil Mak la te siman ekri anvan twa lòt evanjil yo.

Gade Diksyonè Bib la tou, “Mak.”

Matye 3:1–12; Mak 1:1–8; Lik 3:2–18

Repantans se yon chanjman puisan nan lespri ak nan kè.

Misyon Jan Batis sete pou prepare kè moun yo pou yo te resevwa Sovè a epi vin menmjan avèk li. Kijan l te fè sa? Li te deklare: “Repanti” (Matye 3:2). Li te itilize imaj, tankou fwi ak ble pou mete aksan sou enpòtans pou yo te repanti pou yo te ka resevwa Kris la (gade Lik 3:9, 17).

Ki lòt imaj ou jwenn nan resi sou ministè Jan Batis yo? Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid. Kisa imaj sa yo anseye osijè doktrin ak nesesite repantans lan?

Vrè repantans se “yon chanjman nan lespri, yon nouvèl atitid osijè Bondye, osijè tèt nou, e osijè mond lan. ... [Li vledi] tounen kè nou ak volonte nou bay Bondye” (Diksyonè Bib la, “Repantans”). Nan Lik 3:7–14, ki chanjman Jan te envite moun yo pou yo te fè pou yo te ka prepare pou resevwa Kris la? Kijan konsèy sa a aplike avèk nou? Ki fason ou ka montre ke w vrèman repanti? (gade Lik 3:8).

Gade tou Joseph Smith Tradiksyon, Lik 3:4–11 (nan apendiks Bib la); Diksyonè Bib la, “Jan Batis”; D. Todd Christofferson, “Don diven repantans lan,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 38–41.

Matye 3:7; Lik 3:7

Kiyès Farizyen yo ak Sadiseyen yo te ye?

Farizyen yo sete manm yon pati relijye Juif ki te deklare avèk ògèy ke yo t ap obsève lwa Moyiz la strikteman. Yo te gen tandans redui relijyon a obsèvans yon kantite konpòtman plen seremoni. Sadiseyen yo sete yon klas Juif rich ki te gen gwo enfliyans relijye ak politik. Yo pa t kwè nan doktrin rezirèksyon an. Toulède gwoup sa yo te detounen yo de entansyon orijinèl lwa Bondye yo, epi anpil nan manm yo te refize aksepte mesaj Jan Batis, pwofèt Bondye a.

Gade tou Matye 23:27; Jan 1:19–24; Diksyonè Bib la, “Farizyen” ak “Sadiseyen.”

Matye 3:13–17; Mak 1:9–11; Lik 3:15–16, 21–22

Jezikri te batize pou l te ka “ranpli tout lajistis.”

Lè w te batize, ou te suiv egzanp Sovè a. Konpare sa w aprann nan resi sa yo sou batèm Sovè a avèk sa k te panse pandan batèm ou.

Kiyès ki te batize Jezi, epi ki otorite l te genyen?

Kiyès ki te batize w, epi ki otorite l te genyen?

Ki kote Jezi te batize?

Ki kote w te batize?

Kijan Jezi te batize?

Kijan w te batize?

Poukisa Jezi te batize?

Poukisa ou te batize?

Kijan Pè Selès la te montre ke l te kontan avèk Jezi?

Kijan Pè Selès la te montre ke l te kontan lè w te batize? Kijan li montre apwobasyon li depi lè sa a?

Nefi te ekri kèk ansèyman enpòtan sou batèm Sovè a. Kisa pawòl li yo ki nan 2 Nefi 31 an anseye ou? Panse pou w ekri eksperyans batèm ou nan yon jounal.

Jan 1:32–33; Mozya 18:8–11; Doktrin ak Alyans 13:1; 20:37, 68–74; “Batèm Jezi” (videyo, LDS.org).

Matye 3:16–17; Mak 1:9–11; Lik 3:21–22

Èske Bib la anseye ke manm Divinite yo se twa moun separe?

Bib la gen anpil prèv ke manm Divinite yo se twa moun separe. Paregzanp, resi batèm Jezi a apiye doktrin ke Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a se twa moun separe a. Bondye Papa a te pale soti nan syèl la, epi Sentespri a (ki te reprezante pa yon kolonb) te desann sou Sovè a lè l t ap batize a. Men kèk lòt ekriti ki anseye menm verite sa a: Jenèz 1:26–27; Matye 17:1–5; Jan 17:20–23; Travay 7:55–56; ak Doktrin ak Alyans 130:22.

senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 3

Jan Batis te detni Prètriz Aawon an. Kisa nou ka aprann sou Prètriz Aawon an pandan n ap etidye lavi Jan Batis? Ki fason egzanp Jan an ka ede detantè Prètriz Aawon yo pou yo ranpli devwa yo? (Gade tou DA 13:1; 20:46–60.)

Matye 3:11–17; Mak 1:9–11; Lik 3:21–22

Pou anseye manm fanmi w yo sou batèm ak don Sentespri a, panse pou w prezante yon bagay sal epi mande yo pou yo lave l avèk dlo. Nan kisa aktivite sa a reprezante batèm? Apresa mande yo pou yo pale sou kèk nan karakteristik netwayaj dife genyen. Poukisa yo dekri don Sentespri a kòm yon “batèm dife”? (Gade Diksyonè Bib la, “Sentespri.”)

yon jenòm k ap batize yon lòt

Lè nou batize, peche nou efase.

Matye 3:17; Mak 1:11; Lik 3:22

Kilè nou konn santi Bondye kontan avèk nou? Kisa nou ka fè antanke fanmi pou n fè Bondye plezi?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Mande Senyè a èd. Ekriti yo te resevwa pa revelasyon, e pou n vrèman konprann yo, nou bezwen revelasyon pèsonèl. Senyè a pwomèt:, “Mande, epi y ap ba ou;chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou” (Matye 7:7).

Jan k ap batize Jezi

Jan Batis k ap batize Jezi, pa Greg K. Olsen